Okipasyon ameriken an Ayiti, 1915-1934

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche

Flag of Haiti.svg
Marin Etazini ak gid ayisyen patwouy Nò Ayiti an 1915.

Okipasyon ameriken an Ayiti te kòmanse 28 jiyè 1915, lè Marin yo anvayi Pòtoprens epi yo kaptire vil la e tou peyi a sou otorite prezidan ameriken Woodrow Wilson. Entèvansyon jiyè pase apre koudeta kont prezidan ayisyen Jean Vilbrum Guillaume Sam. Jou sa a, li bay lòd pou asasine prizonye politik, epi yon foul fache tiye Sam.[1] Anvan evènman sa a, militè Etazini a deja debake yon lòt fwa pou pwoteje enterè biznis Ameriken desenm 1914.[2]

Etazini okipe Ayiti pandan disnef ane. Sepandan, te gen anpil rezistans kont militè Etazini a, espesyalman peyizan-sòlda ki rele “cacos.” Marin yo elimine cacos ak repwesyon vyolan kont peyizan ayisyen.[3] Okipasyon fini 15 out 1934 lè dènye Marin kite peyi a sou otorite prezidan ameriken Franklin D. Roosevelt. Apre sa a, militè Etazini a ba pouvwa nan Gad Dayiti, fòs lapolis e militè kreye pa ameriken pou kenbe lapè an Ayiti. Etazini kanmenm kontwole finans ayisyen jiska 1947.[4]

Referans[edite | modifye sous]

  1. Schmidt, Hans (1971). The United States Occupation of Haiti, 1915-1934. New Brunswick, N.J.: Rutgers University Press. pp. 64–67. ISBN 9780813522036. OCLC 44958519. 
  2. Hudson, Peter James (2017). Bankers and Empire: Wow Wall Street Colonized the Caribbean. Chicago: Chicago University Press. pp. 102–103. ISBN 9780226459110. OCLC 958779835. 
  3. Gaillard, Roger (1981). Premier écrasement du cacoïsme: 1915. Port-au-Prince: Impr. Le Natal. 
  4. Dubois, Laurent (2012). Haiti : The Aftershocks of History. New York: Picador. p. 295. ISBN 9781250002365. OCLC 824429453. 

Lyen deyò[edite | modifye sous]