Dezyèm Anpi Ayiti

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Anperè Faustin I

Dezyèm Anpi Ayiti se yon ansyen monachi ki chita nan Karayib la e ki te an plas depi 1849 pou rive 1859.

Anpi a te kreye pa Prezidan epòk la, ansyen Lyetnan Jeneral ak Kòmandan Siprèm Gad Prezidansyèl yo sou Prezidan Jean-Baptiste Riché, Faustin Soulouque[1] ki, enspire pa Napoleon I te pwoklame tèt li Anperè Ayiti sou non Faustin Iye jou kite 26 out 1849. Li te kouwone nan katedral Notre-Dame de L'Assomption Pòtoprens[2].

Anpi a[modifye | modifye kòd]

Seremoni kouwònman anperè Faustin.

Kouwònman[modifye | modifye kòd]

25 out 1849, Palman an te pwoklame Soulouque anperè sou non Faustin Ir. Seremoni kouwònman li te fèt 18 avril 1852, nan yon gwo kòtèj kite lakoz li kraze finans peyi sa a, e yo te dwe kanpe peman dèt la. Soulouque peye £2,000 pou kouwòn li ak £30,000 pou rès pwodwi yo[3].

Nan mwa desanm 1849, Faustin marye ak madanm li, Adélina Lévêque. 18 avril 1852, nan kapital la, Pòtoprens, Anperè a ak Enperatris yo te kouwone nan yon seremoni gwo ak abondan, menm jan ak kouwonasyon Anperè Fransè yo.

Anperè a te bay yon diskou ki te fini konsa: "Viv libète, viv lanmou!"(Gustave d'Alaux)[4].

Politik[modifye | modifye kòd]

Pou pwouve lejitimite l, Faustin fè pitit premye anperè a , Jean-Jacques Dessalines, tounen epi li ba yo tit "prens" ak "prensès" epi li ofri ansyèn enperatris Marie-Claire Bonheur yon pansyon.

Politik etranjè Anperè a te santre sou anpeche etranje foure bouch nan politik ak souverènte ayisyen an. Endepandans Repiblik Dominikèn (lè sa a yo te rele Santo Domingo), se te, daprè li, yon menas dirèk pou Ayiti.

Anpi an te divize an pwovens, pwovens yo an awondisman epi awondisman yo te divize an pawas[5].

Anpi a tonbe[modifye | modifye kòd]

Tantativ anperè a san siksè pou rekonkeri Repiblik Dominikèn te febli pouvwa li ak yon konplo ki te dirije pa Jeneral Fabre Nicolas Geffrard te mennen nan yon revolisyon, ki te fòse li kite pouvwa a an 1859. 5 janvye 1859, palè enperyal la te atake e anperè a te oblije kite pouvwa a menm jou a. Li te pran egzil ak fanmi li abò yon bato gè Britanik 22 janvye 1859.

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. The impact of the Haitian Revolution in the Atlantic world. David Patrick Geggus (ed), p. 25. University of South Carolina Press, 2001. (ISBN 1-57003-416-8), (ISBN 978-1-57003-416-9).
  2. Rogozinski, Jan (1999). A Brief History of the Caribbean (Revised ed.). New York: Facts on File, Inc. p. 220.
  3. selon Sir Spenser St John, chargé d'affaires britannique en Haïti dans les années 1860, sur son compte: "Hayti ou La République noire", pp. 95–96
  4. Le couronnement est illustré dans « 'Album Impériale d'Haïti», gravé par Severyn, publié à New York, 1852 (disponible à la British Library).
  5. « Haïti, Constitution du Second Empire, 1849, Digithèque MJP ». Retrieved 3 novanm 2022. 

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]