Aller au contenu

Mizik Dayiti

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib


Mizik Dayiti
Carnival Konpa
Cadence rampa Mereng
Rara Kadans
Mizik rasin Zouk
Mizik espirityèl

Orijin Mizik Peyi Dayiti[modifye | modifye kòd]

Mizik Peyi Dayiti genyen enfliyans li tou dabò de koneksyon avèk rasazansèt Ayisyen, ki vle di, Afriken. Piske pandan plizyè syèk blan franse enfliyanse Ayisyen tank sou pwen jenetik ke kiltirèl --denpi lakoloni Sen Domeng -- nou kab di ke mizik la demontre enfliyans kilti franse a tou. Pou lòt enfliyans yo, ke yon moun pale de Dominikani ak Kiba, n'a remake ke peyi sayo enfliyanse pa fondamantal kilti Afriken an tou. Sa vle di ke li te mèt se mizik dominikèn ou se mizik kibèn, se senpleman yon diferan vèsyon sou yon menm tèm. (Yon moun pa kab bliye faktè enpòtan sa). Donk, etandone ke fondamantal la se menm bagay, Ayisyen pa gen difikilte adapte rit peyi sa yo.

Mizik vodou[modifye | modifye kòd]

Majorite moun ann Ayiti pratike relijyon vodou a. E mizik relijyon vodou a itilize pèkisyon trè fòmèl. Nan Vodou, moun chante, yo jwe mizik e yo danse. Lwa (lèspri sinatirèl) konn rantre nan tèt moun ki pratike vodou. Vodou se yon relijyon senkretik, sa vle di ke li melanje ak lwa Afriken yo e ak Sen legliz katolik yo tou. Lavyèj Mari, pa egzanp, vodouyizan yo asosye li avèk bèlte Freda Dahome; Sen Patrik ki te fann aprè koulèv nan peyi yo bay pou Ilann la, yo asosye misye avèk lwa Damballa. Ounsi inisye dans kominote vodou yo avèk mizik droum, gong, ak ochan. Entansyon an se pou fè lwa danse nan tèt yon vodouyizan. Pou menm fenomèn sa, yon moun kab di ke : "lwa a monte chwal li".

Rara[modifye | modifye kòd]

Mizik rara jwe apre selebrasyon kanaval e li jwe yon wòl enpòtan nan kwayans relijyon vodou a. Nan parad yo, lwa Gede renmen roule moun anba baton. Lwa Gede yo renmen joure. Yo blayi anpil mo sal.

Mizik rasin[modifye | modifye kòd]

Nan ane 1990 yo, yon jan mizikal te fèk parèt. Li rele mizik rasin. Gwoup tankou RAM, Boukman Eksperyans, ak Boukan Ginen enkòpore rit rege, wòk, ak funk (Angle) nan fòm tradisyonèl vodou ak enstrimantasyon. Anpil gwoup sa yo melanje rit petwo ak pèkisyon kòm rara ansanm ak gita elektrik e klavye.

Rasin mizik sa a baze sou kèk gwoup tankou Gwoup Sa, Sanba yo, ak Foula. Se Sanba Zao ki kòmanse mouvman "sanba" ki vin bay mouvman rasin, ak mizik sa a.

Mizik tradisyonel[modifye | modifye kòd]

Se yon kategori ki lye ak konpa direk.

Kanmenm, te gen gwoup nan ane 1940 ak 1950 yo ki melanje mizik òksidantal ak mizik tradisyonèl. Sa a vin bay sa yo rele "Vodou Jazz".

Konpa direk[modifye | modifye kòd]

Se yon ki soti nan mizik tradisyonel la

Mizik Folklorik[modifye | modifye kòd]

Se yon kategori ki rapwoche de rasin anpil.

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]