Aller au contenu

Damballa

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Veve Damballa

Danbala ou Danbala Wèdo se lespri vodou ki bay konesans

Se yon koulèv ou boa ki senbolize li Li se lwa sèpan ki viv nan pyebwa yo.

Li bay sèvitè li yo anpil konesans; li se yon gwo lespri nan fètilite. Li pataje anpil sajès ak sèvitè li yo ki fè yo evite pran move desizyon epi pran direksyon ki dwat.

Li reprezante prensip bon, ak lavi tou pre rivyè yo ak sous dlo.

Lè lwa Danbala posede yon sèvitè, li sifle, li ka monte nan pyebwa sinon rale tankou sèpan.

Legliz katolik asosye li ak Sen Patrick ki chase koulèv yo nan Ilann.

Damballa Flanbo

Li se mari Ayida Wèdo, metrès nan syèl la.

Li se yon zanmi Agwe, dye lanmè.

Koulè li se blan. Li mande pou ofrann sa a koulè (ze, farin frans).

Referans

[modifye | modifye kòd]

Ti limyè sou Vodou

    Lyen deyò

    [modifye | modifye kòd]