Vodou

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche
Zòn orijin vodou.

Vodou se yon relijyon melanje ke moun pratike an Ayiti ak nan dyaspora ayisyen an. Yon "sèvitè" oubyen yon "vodouyizan" se yon moun ki pratike vodou.

Sèvitè yo kwè nan yon sèl kreyatè ki rele Bondye. Selon Vodouyizan yo, Bondye se yon kreyatè byen lwen e li pa entèvni nan zafè imen. Poutèt sa yo dirije adorasyon yo vè lespri ki sèvi Bondye, ki rele lwa. Yo se reprezantasyon yon melanj zansèt, dye afriken ak kreyòl, ak sen katolik.[1] Ant diven e imen an, lwa yo sèvi kòm yon pon.[1] Chak lwa se responsab pou yon aspè patikilye nan lavi, e chak genyen yon pèsonalite ki aktif epi ki chanje. Chak lwa se yon refleksyon sou tout posibilite nan plizyè aspè ke yo responsab nan lavi. Anplis, li pa genyen yon otorite bòkote legliz santral, poutèt sa lwa yo kapab varye ant chak kominote.[2] Vodouyizan kiltive relasyon pèsonèl ant yo menm e lwa yo, pou navige lavi toulejou. Kòm pèsonalite lwa, sa kapab varye ant kèk kominote tou, swivan kisa chak vle e bezwen. Kèk fason antreladan prezantasyon ofrann, kreyasyon lotèl pèsonèl ak objè devosyonèl, e patisipasyon nan detay seremoni mizik, dans, ak posesyon lespri. An retou, lwa yo bay Vodouyizan yo èd ak konsèy. Relasyon an ant sèvitè e lwa se yon relasyon donan donan.[3],[2] Vodou se yon relijyon ki baze sou kominote. Se poutèt sa yon sèvitè rele yon "sèvitè" e li di ke li sèvi lwa yo. Se kominote a sou endividi a.

Vodou soti nan peyi ki rele Benen kounyeya. Li te devlope nan anpi kolonyal franse nan 18yèm syèk pami pèp lwès Afriken ki te esklav. Se te yon tan lè pratik relijyon Afriken te vrèman siprime e Afriken yo ki te esklav, yo te fòse yo konvèti nan Krisyanis. Pratik relijye Vodou kontanporen se desandans epi gen rapò avèk Vodou lwès Afriken ke moun Fon ak Ewe pratike. Li genyen eleman ak senbòl ki soti nan lòt pèp afriken ki antre moun Yoruba ak Kongo ladan; tankou relijye kwayans Taíno, woman Katolik ak espirityalite Ewopeyen an ki antreladan mistik ak lòt enfliyans.

Vodou genyen yon wòl vrèman esansyèl nan istwa Ayiti. Se pa yon seremoni vodou ke yon gwo lagè te kòmanse. Nan nò Ayiti, nan yon forè ki rele Bwa Kayiman, kèk pè vodou—"ougan" pou yon nonm e "manbo" pou yon fanm— kòm Sesi Fatiman (Cecile Fatiman) ak Boukman Dutty te fè yon seremoni pami lòt moun yo ki te esklav. Toutmoun te fè yon rityèl e lapriyè nan lwa yo pou revòlte e reyisi kont mèt esklav. Revolisyon Ayisyen an te fini avèk abolisyon esklavaj epi Ayiti devni premye repiblik nwa lib nan mond lan.[4] Men akòz laviktwa sa a, tout peyi yo ki te genyen esklav te devni pè pouvwa vodou epi yo te fè yon gwo demonizasyon sou relijyon sa. Peyi yo, menm nan jou sa a, penti yon imaj negatif, ak yon asosyasyon ak maji e zonbi. Men Vodou se yon relijyon, yon sistèm kwayans tankou lòt nan mond lan.[2],[5]

Vodou se yon relijyon. Li gen anpil rasin afrikèn. Relijyon Vodou a, pou nou menm ki Vodouyizan, se premye relijyon sou latè Bondye.

Istwa mo[edite | modifye sous]

Pou tan, mo "Vodou" a jodiya kapab vle di twa (3) bagay diferan :

  1. yon gwoup relijyon ki pratike an Afrik;
  2. yon relijyon ki pratike an Ayiti epi tou nan lòt peyi;
  3. yon relijyon ki pratike a Nouvèl Olean nan leta Lwiziana Ozetazini, ki gen kote li sanble ak Vodou ayisyen ak kote li diferan.

Vodou se de (2) mo li ye : vo (vou) dou (doo). Vo vle di "konbyen"; dou vle di "sajès"

Vodou ayisyen[edite | modifye sous]

Rasin afrikèn Vodou ayisyen an sòti nan plizyè nasyon, tankou Kongo, Ibo, Dawomen, Nago, ak lòt nasyon. Vodou gen tout rasin Ewopeyen, kowmsi kwayans katolik, ak sèten lwa tankou Gran Brijit. Ak tout sa, genyen nan Vodou kèk kwayans ki sòti nan pèp orijinal, moun Tayino ak Arawak.

Vodou ayisyen se yon relijyon rich, avèk yon teyoloji sofistike ak yon vi seremonyal byen bèl, byen chaje avèk sans. Pou diskite tout sa ki genyen nan Vodou ap pran tan, kidonk paj sa ap grandi pazapa.

Sa ki pi esansyèl nan Vodou a se Bondye. An Ayiti, yon Vodouyizan pa jamn di konsa, nap wè demen, san li pa di tou, si Bondye vle. Gen anpil chante pou Bondye nan Vodou, gen seremoni tankou Aksyon de Gras ak lòt seremoni, ki pou Bondye.

Aprè Bondye se lwa yo. Gen plizyè tip lwa. Gen lwa Rada, lwa Petwo, lwa lanmò yo tankou Bawon, Gran Brijit, ak lwa Gede yo. Lwa Rada gen rasin nan tradisyon Dawomen ak Nago, lwa Petwo gen rasin nan tradisyon Kongo ak lòt gwoup Afriken. Lwa Mò yo gen manm nan tout nasyon sou tè, paregzanmp Gran Brijit ki sòti nan Angletè.

Gen lòt kategori lwa, tankou lwa Dahatti, ki se lwa ansyen moun, moun aye lontan lontan. Gen lwa Bizango, ki sèvi nan rit Sanpwel, ki la pou mete lòd kote pa gen bon polis.

Chak lwa gen karaktè ak manyè pa li. Lwa La Siren abòde tout moun tankou yon manman ke plen dafeksyon. Lwa Ogoun kap mande wòm pou bwè, lwa Ti-Jean Petwo gen dwa danse ak dife. An jeneral lwa pa maltrete moun, jouwe moun, egzije moun. Lwa konn chante, danse, manje. Lwa ap repon keksyon, lwa kap bay konsèy, lwa kap eseye geri pwoblèm nan kò moun. Lwa fè ke moun kontan. Si yon moun ta pran poz li gen lwa, epi lwa sa al jouwe elmi moun sa, sa pa lwa.

Lwa Ginen : se lwa ki sòti Afrik ki vini Ayiti. Le pli souvan lwa sa yo pasifik, yo pa fè anpil dega.

Jou espesyal[edite | modifye sous]

KALANDRIYE FÈT RELIJYON VODOU
DAT 	MWA 	SEREMONI
2-4 	janvye 	Kase Gato
25 	janvye 	Manje Tèt Dlo
16 	mas 	Loko Davi
19 	mas 	Legba/Sen Jozèf
20 	mas 	Legba Zawou/Sen Lwi Klèmèy
27 	avril 	Dan Wè Zo
29 	avril 	Kase Kannari/Wet Mò nan Dlo
30 	avril 	Manje Lè Mò
12 	me 	Manje pou divès Lwa
18 	me 	Manje pou Grann Aloumandya ou Grann Sentàn
20-21 	me 	Simbi Blan
24 	jen 	Sen Jan
28 	jen 	Madan Ginen Sovè
25 	jiyè 	Papa Ogoun/Sen Jak Majè
26 	jiyè 	Grann Delai ak Grann Aloumandya
29 	Jiyè 	Mètrès Silverin/Mètrès Lòvana
25 	out 	Dan Wè Zo/Sen Lwi Wa Frans
29 	out 	O Dan Loryan
25 	septanm  Lwa Wangòl Mousondi
29 	Septanm  Manman Aloumandya
30 	septanm  Mètrès Delai
30-31 	oktòb 	Agawou/Chante Mès
25 	novanm 	Manje Yanm
10 	desanm 	Ganga-Bwa
25 	desanm 	Beni Nwèl-Sakrifis pou Kaplawou

Referans[edite | modifye sous]

  1. 1,0 et 1,1 Fernández Olmos, Margarite (2011). Creole religions of the Caribbean : an introduction from Vodou and Santería to Obeah and Espiritismo. Lizabeth Paravisini-Gebert (2nd ed ed.). New York: New York University Press. p. 117. ISBN 9780814728253. OCLC 744333831. 
  2. 2,0 2,1 et 2,2 Beyer, Catherine (2 me 2018). « Do You Really Know What Voodoo Is? ». ThoughtCo. 
  3. Fernández Olmos, Margarite (2011). Creole religions of the Caribbean : an introduction from Vodou and Santería to Obeah and Espiritismo. Lizabeth Paravisini-Gebert (2nd ed ed.). New York: New York University Press. pp. 117–118. ISBN 9780814728253. OCLC 744333831. 
  4. Fernández Olmos, Margarite (2011). Creole religions of the Caribbean : an introduction from Vodou and Santería to Obeah and Espiritismo. Lizabeth Paravisini-Gebert (2nd ed ed.). New York: New York University Press. p. 118. ISBN 9780814728253. OCLC 744333831. 
  5. (angle) en Arya Haas, Saumya (2011-02-26). « What is Voodoo? Understanding a Misunderstood Religion ». huffingtonpost.com. Retrieved 2018-12-17. 

Lyen deyò[edite | modifye sous]