Sesi Fatiman (Cecile Fatiman)

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche

Cécile Fatiman, (nan kreyòl ː Sesi Fatiman) te yon pratikan vodou ki te posede pandan Seremoni-an nan Bwa Kayiman.[1]

Biyografi[edite | modifye sous]

Li te trè popilè nan lane 1791.[1] Li te pitit fi yon sèvan afriken ak yon Franse blan.[1] Papa li soti nan Kòs. Sesi ak maman li yo te vann kòm esklav nan Sen Domeng. Sesi Fatiman genyen de (2) frè men yo disparèt. Moun di li gen cheve long swa ak je vèt.

Sesi te popilè paske li se manbo ki te dirije Seremoni-an nan Bwa Kayiman‎ avèk yon nonm ki rele Dutty Boukman.[1] Manbo se yon fanm ki pi wo a nan relijyon vodou. Manbo genyen responsablite prezève rityèl yo ak chante. Seremoni Bwa Kayiman te anpil enpòtan paske li te gen kote revolisyon an ayisyen te kòmanse ki libere esklav yo nan 1791. Yon semèn pita, 1800 plantasyon te kraze li ak 1000 esklavajis mouri. Sesi te mande lespri afriken zansèt pou pwoteksyon pandan batay kap vini (Gant News).

Èzili te parèt nan seremoni an. Li se yon lwa trè enpòtan. Li asosye avèk dlo. Moun di ke li posede yon fanm nwa pandan seremoni nan Bwa Kayiman ki te kenbe pou prepare yo pou revolisyon ayisyen (Arthur & Dash, 36)[2]. Yon semèn aprè li posede fanm nwa, revolisyon an te kòmanse. Yon mil uit-san (1800) plantasyon te detwi pa esklav yo[3]. Fanm lan ki Èzili te posede se Sesi Fatiman.

Aprè, Cécile Fatiman te marye avèk Jean-Louis Pierrot, se yon jeneral ayisyen nan lame ayisyen revolisyonè ak prezidan Repiblik Ayiti. Li ta viv jiska laj 112 nan vil Kap Ayisyen.[1]

Cécile Fatiman se konsidere kòm youn nan kat (4) fanm ewo ki pi senbolik nan endepandans Ayiti, avèk Sanité Bélair, Catherine Flon ak Dédée Bazile.

Referans[edite | modifye sous]

  1. 1,0 1,1 1,2 1,3 et 1,4 Joan Dayan, Haiti, History, and the Gods, University of California Press, 1998
  2. Charles Arthur and Michael Dash, Libète: A Haiti Anthology (Princeton, NJ: Markus Wiener Publishers, 1999)
  3. Sylviane Anna Diouf, Servants of Allah p. 152

Lyen deyò[edite | modifye sous]