Aller au contenu

Sitadèl-Laferyè

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sitadèl Laferyè.

Sitadèl-Laferyè se youn nan pi gwo moniman nan peyi Ayiti. Li sitiye nan komin Milo nan peyi a ki sou yon mòn nan do vil Sen-Rafayèl. Nan depatman Nò peyi a. Se Anri Kristòf, youn nan ewo endepandans nou yo, ki te bati li nan zòn sa a. Kote batiman sa a sitiye a te ede wa a defann wayòm li kont lòt peyi ak lòt pati nan zile a ki te gen yon lòt gouvènman nan tèt li. Jodia, Sitadèl la se youn nan pi gwo mèvèy nan lemond.

Sitadèl la kapab resevwa pou pi piti de mil (2 000) moun. Men si gen nesesite, li kapab pran senk mil (5 000) moun.

Nan lane 1982 INESKO te klase li kòm yon patrimwàn mondyal. Li se fyète tout ayisyen.[1]

Se yon fòterès yo te bati aprè Ayiti fin pran endepandans li nan lane 1804 pou defann pati nò a nan peyi a pou si Fransè ta deside retounen. 20 000 moun te patisipe nan travay pou te bati li pandan 14 ane. Pami travayè sa yo, 2000 te mouri (fè vwal pou peyi san chapo) pandan travay yo. Daprè gid touristik ayisyen yo, se san moun yo ki melanje ak mòtye yo ki fè fòterès la solid konsa.

Aprè tranbleman tè ki te pase nan peyi a nan lane 1842, te gen yon pati nan batiman an ki te andomaje. Men travay òganis ki rele "Institut de sauvegarde du patrimoine national" (Enstiti sovgad patrimwàn nasyonal) (ISPAN) te pèmèt yo pote anpil reparasyon nan batiman an.

Konseye prezidansyèl Fritz Alphonse Jean reyaji sou zak profanasyon nan sitadèl Laferyè

[modifye | modifye kòd]

[2] Aktyèlman manm Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT), Fritz Alphonse Jean denonse zak profanasyon ki te fèt nan Sitadèl Laferrière. Li patikilyèman regrèt disparisyon de kanon an kwiv epi li mande Enstiti pou Pwoteksyon Eritaj Nasyonal (ISPAN) fè tout sa li kapab pou pi byen pwoteje moniman yo.

Dènye profanasyon sitadèl la ann Ayiti te pwovoke plizyè reyaksyon tankou Fritz Alphonse Jean. Konseye Prezidansyèl la denonse zak la avèk fòs, an patikilye disparisyon de kanon an kwiv yo. Vrèmanvre, li envite manm ISPAN yo pou yo veye pi byen sou moniman sit istorik la pou yo ka an sekirite.

nouvèl-detay Direktè ISPAN, Jean Patrick Durandis di ke moun pa idantifye yo te vòlè kanon di yo. Li ta kòmanse fè yon ankèt pou jwenn moun ki responsab move aksyon sa yo. Anplwaye sitadèl la deja kòmanse reponn kesyon otorite jidisyè depatman Nò a.

Bibliyografi

[modifye | modifye kòd]
  • Hinson, Rebecca (2017) Sitadèl Laferyè: Atizay Ayiti, Rebecca Hinson Publishing.

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]