Alexandre Pétion

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
(Depi paj redireksyon « Aleksann Petyon »)
Alexandre Pétion
Image illustrative de l’article Alexandre Pétion
Non nesans Alexandre Pétion ak Aleksann Petyon
Fonksyon Prezidan Dayiti
Nesans
Pòtoprens
Lanmò (ak 47 ane)
Nasyonalite Ayiti
Domèn politik

Aleksann Petyon (nan fransè ː Alexandre Sabès Pétion), ki fèt 2 avril 1770 nan Pòtoprens (Ayiti) epi ki mouri 29 mas 1818, te yon prezidan ayisyen.

Li kontribiye ak Anri Kristòf (ki vini wa Kristòf) nan endepandans peyi Ayiti nan lane 1804.

Biyografi[modifye | modifye kòd]

Pétion fèt nan Pòtoprens. Li te timoun de yon negrès nwa ak de yon blan fransè. Yo te voye li nan peyi Lafrans nan lane 1788 pou li etidye nan "Akademi militè" nan Pari. Lè li tounnen an Ayiti, li te patisipe nan ekspilsyon britanik yo (1798-1799). Li te pran pa André Rigaud, chèf moun koulè lib, kont Toussaint Louverture pandan Lagè a kouto, ki kòmanse jen 1799. Nan mwa novanm, faksyon milat te bloke nan pò enpòtan nan Jakmèl, sou kote meridyonal. Se Pétion ki pran tèt batay la ; Jean-Jacques Dessalines dirie aso a. Chit Jacmel la, mas 1800, revòlt la te fini epi Pétion ak kèk lòt dirijan te egzile an Frans[1].

An fevriye 1802, li rentounen Sen domeng avèk Jean-Pierre Boyer, Rigaud, ak yon lame ki gen 12 000 Fransè sou kòmand Charles Leclerc, bòfrè de Napoléon Bonaparte. Apre trayizon ki fè l livre Toussaint nan men fransè yo, Pétion pase fòs nasyonalis yo nan rizib nan Oktòb 1802 (daprè konferans sekrè ki te fèt nan Akayè) epi li kore Dessalines. Jeneral Clairveaux se premye adjwen Pétion nan epòk sa. Fòs lame fransè a te pèdi 18 novanm pandan batay ki te fèt Vertières, epi Ayiti vin yon Repiblik endepandan 1e janvye 1804. Dessalines tou vin Prezidan a vi , apre li vin kouwòne kòm Anperè 6 oktòb 1804.

Pétion te pami moun ki te pou asasina Anperè a an oktòb 1806, apre sa li tap revandike demokrasi liberal kont Henri Christophe. Christophe, eli prezidan, li kite Sena ke Pétion t ap kontwole a, sa vin fè peyi a te vin divize an 2 Leta. Sena a te vin pat rekonèt Christophe ankò kòm prezidan, mete Pétion nan plas li a. Gè sila a kontinye jiska 1810 – Christophe t'ap kontwole Nò ( kote moun yo pat twò pou ti nèg nwè) tandiske Pétion rete nan Sid (kote ki te plen moun nwa).

Rekonesan anvè peyizan yo (ansyen esklav yo) pou vin posede bout tè pa yo, Pétion sezi plantasyon yo pandan l separe yo ant patizan l yo ak pèp la. Zak sila fè jiskounya yap fè lwanj pou li kòm Papa Bon-Kè. Poutan ekonomi peyi a, ki te fonde sou eksplwatasyon sik ak kafe, sa ki te fòs ekonomi an ak Agrikilti sibzistans[2].

Li mete yon lise ki rele lise Pétion nan Pòtoprens. An 1815, Pétion bay Simón Bolívar azil (ke yo te kouri dèyè l Venezyela) epi li ba li materyèl pou l kontinye batay liberatè li tap mennen an. Kanpay Bolívar la se te pou pèmèt tout esklav yo jwenn libète epi viv byen tout kote.

An prensip patizan demokrasi konstitisyonèl, Pétion pat toujou respekte kontrent ke Sena a te enpoze li yo. Nan sans sa, an 1816 li pwoklame tèt li kòm Prezidan pou toutan gen tan. An 1818 li retire palman an nèt.

Pétion te gen yon fyèv jòn li mouri an 1818. Pwoteje li Jean-Pierre Boyer ranplase li.

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]

Jean-Jacques Dessalines (1804–1806)Henri Christophe (1806-1807)Bruno Blanchet (1807, enterim)Alexandre Pétion (1807-1818)Jean-Chrisostôme Imbert (1818)Jean-Pierre Boyer (1818-1843)Charles Rivière Hérard (1843-1844)Philippe Guerrier (1844-1845)Jean-Louis Pierrot (1845-1846)Jean-Baptiste Riché (1846)Céligny Ardouin (1846-1847)Faustin Soulouque/Faustin Ie (1847-1859)Fabre Geffrard (1859-1867)Nissage Saget (1867)Sylvain Salnave (1867-1869)Nissage Saget (1869-1874) • Konsèy Sekretè deta (1874)Michel Domingue (1874-1876) • Komite revolisyonè epi gouvènman pwovizwa (1876)Pierre Théoma Boisrond-Canal (1876-1879)Joseph Lamothe (1879)Florvil Hyppolite (1879)Lysius Salomon (1879-1888)Pierre Théoma Boisrond-Canal (1888, enterim)François Denys Légitime (1888-1889)Monpoint Jeune (1889, enterim)Florvil Hyppolite (1889-1896) • Konsèy Sekretè deta (1896)Tirésias Simon Sam (1896-1902)Tirésias Simon Sam (1896-1902)Cincinnatus Leconte (1902, enterim)Pierre Théoma Boisrond-Canal (1902)Pierre Nord Alexis (1902-1908) • Komisyon lòd piblik (1908)François C. Antoine Simon (1908-1911)Cincinnatus Leconte (1911-1912)Tancrède Auguste (1912-1913) • Konsèy Sekretè deta (1913)Michel Oreste (1913-1914)Edmond Polynice (1914)Oreste Zamor (1914)Edmond Polynice (1914)Joseph Davilmar Théodore (1914-1915)Jean Vilbrun Guillaume Sam (1915) • Komite revolidyonè (1915)Philippe Sudre Dartiguenave (1915-1922)Louis Bornó‎ (1922-1930)Louis Eugène Roy (1930, enterim)Sténio Vincent (1930-1941)Élie Lescot (1941-1946)Franck Lavaud (1946, enterim)Léon Dumarsais Estimé (1946-1950)Franck Lavaud (1950, enterim)Paul Eugène Magloire (1950-1956)Nemours Pierre-Louis (1956-1957, enterim)Franck Sylvain (1957, intérim)Léon Cantave (1957) • Gouvernement collégial (1957)Léon Cantave (1957)Daniel Fignolé (1957, enterim)Antonio Kébreau (1957)François Duvalier (1957-1971)Jean-Claude Duvalier (1971-1986)Henri Namphy (1986-1988)Leslie Manigat (1988)Henri Namphy (1988)Prosper Avril (1988-1990)Hérard Abraham (1990, enterim)Ertha Pascal-Trouillot (1990-1991, enterim)Jean-Bertrand Aristide (1991)Raoul Cédras (1991)Joseph Nérette (1991-1992, enterim)Marc Bazin (1992-1993, enterim)Jean-Bertrand Aristide (1993-1994)Émile Jonassaint (1994, enterim)Jean-Bertrand Aristide (1994-1996)René Préval (1996-2001)Jean-Bertrand Aristide (2001-2004)Boniface Alexandre (2004-2006, enterim)René Préval (2006-2011)Michel Martelly (2011-2016)Jocelerme Privert (2016-2017, enterim)Jovenel Moïse (2017-2021)