Pierre Théoma Boisrond-Canal

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche
Pierre Théoma Boisrond-Canal
Pierre Théoma Boisrond-Canal
Fonksyon:prezidan Ayiti
Eta sivil
Dat nesans:12 jen 1832
Lye nesans:Okay
Peyi nesans:Ayiti
dat lanmò : 6 mas 1905
Pòtoprens (Ayiti)
Nasyonalite : ayisyen


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Pierre Théoma Boisrond-Canal, rele tou Boisrond-Canal, ki fèt 12 jen 1832 nan Okay (Ayiti) epi ki mouri 6 mas 1905 nan Pòtoprens, te yon prezidan Repiblik Ayiti.

Li fèt twa (3) manda ː 19 jiyè 1876 - 17 jiyè 1879, 1e septanm - 16 desanm 1888 ak 26 me - 21 desanm 1902.

Pandan manda li yo, li te fè Ayiti yon gwo pouvwa ekonomik ak militè.

Biyografi[edite | modifye sous]

Premyè ane[edite | modifye sous]

Nèg nan Sid, Pierre Théoma Boisrond-Canal te fèt yon 12 jen 1832 nan vil Okay. Papa li se Louis Auguste Adolphe Boisrond-Canal ak manman li se Marie Magdeleine Moreau. Li marye avèk Marie-Claire Wilmina Wilson Phipps sou 10 fevriye 1877, pita avèk Claire Regnier sou 16 desanm 1902. Li te gen dis (10) timoun.

Li te kòmanse yon karyè militè pandan rèy Faustin 1ye. Pandan prezidans Fabre Geffrard, li te yon ofisye soti 1858 rive 1867. Epi li te vin agrikiltè pou yon kout dire. Li kòmanse yon karyè politik an 1870 lè li vin senatè nan Pòtoprens. Li reyeli nan menm pòs sa a jiska 1875.

Moun pran lari, goumen, kraze, brize pandan revòlt me 1875 yo.

Aprè, li kouri kite peyi a ak li te viv nan egzil nan Kinstòn nan Jamayik pandan kèk semèn.

Lè li retounen nan peyi a, li te nome, pa prezidan Michel Domingue, komandan lame nan depatman Lwès. Li vin yon manm enpòtan nan gouvènman prezidan Domingue.

Prezidans[edite | modifye sous]

(1876-1879)[edite | modifye sous]

Jou ki te 23 avril 1876, li ranplase Michel Domingue tankou premye prezidan pou gouvènman pwovizwa, anvan ke li te vini finalman sou 17 jiyè 1876, prezidan Ayiti a. Konstitisyon 1867 bay li yon manda pou kat (4) ane.

Tansyon etranje ak nan politik parèt akòz diferans ki genyen nan opinyon ant nasyonalis ak Pati Liberal nan palman an. Aprè yon deba wouledebò nan Chanm Depite yo sou 30 jen 1879 ki swivi pa chalbare nan Pòtoprens, nan koze chèf Pati Liberal, Jean-Pierre Boyer-Bazelais, gentan jwe yon wòl enpòtan, li te de tout fason fondatè e chèf Pati Liberal. Byenke gouvènman an gen li te reyisi nan retabli lalwa e lòd, Boisrond-Canal te demisyone 17 jiyè 1879 kòm prezidan, pa te rive ak yon medyasyon ant Pati Liberal e nasyonal. Prezidan aprè a se te Lysius Salomon ki enstore yon prezidans otoritè e solid. Aprè demisyon li lan, li pati yon lòt fwa egzile nan Jamayik. Li refize besetèt devan prezidan Salomon ki gentan reyisi sa ke li vle reyalize, mete sou pye yon rejim prezidansyèl otoritè e estab san okenn respè e devwa bòkot Sena a.

Tankou Sylvain Salnave, Boisrond Canal sete moun ki te trè popilè. Tankou Jean-Bertrand Aristide, Boisrond Canal te ap telegide, te ap kontwole evènman yo ak distans. Tankou Louis Etienne Félicité Lysius Salomon Jeune, Boisrond Canal te debite bonè nan manniganse politik yo nan peyi a.

Pierre Théoma Boisrond-Canal vin Prezidan Repiblik Ayti a pandan twa fwa : soti 19 jiyè 1876 rive 17 jiyè 1879, aktou 1ye septanm pou 16 desanm 1888 e pou 26 me rive 21 desanm 1902. Reve pou li konsolide pouvwa l la, li pa t vin kenbe l pou li rive fè nonb tan l lan malgre plizyè tantativ.

(1888)[edite | modifye sous]

An 1888, yon revòlt ranvèse Salomon e kondamne li al nan egzil. Nan moman sa a, Boisrond-Canal retounen soti nan egzil aprè fen prezidans Salomon sou 10 out 1888. Boisrond-Canal te renome Prezidan Ayiti a avèk tit pwovizwa. Byenke li tante pou konsève pouvwa a, sena a ki pa te gen favè pou li negosye pou li ale. Anvan li kite prezidans lan, li chwazi siksesè li e entwonize 16 oktòb 1888, François Denys Légitime tankou nouvo prezidan Repiblik la.

(1902)[edite | modifye sous]

Sou 26 me 1902, li te nome siksesè Tirésias Simon Sam tankou nouvo prezidan Ayiti a. Men li dwe afwonte yon gwo opozisyon dirije pa ansyen alye li, jeneral Pierre Nord Alexis ki siksede li 17 desanm 1902 pa yon koudeta militè. Sepandan, prezidan Alexis pa te voye predesesè li nan egzil e li kite li kontinye yon karyè nan politik la.

Dènye ane yo[edite | modifye sous]

Pierre Théoma Boisrond-Canal, yo konsidere li tankou youn nan plis moun ki enfliyanse Nonm politik yo pou istwa ayisyèn nan. Mouche gentan domine sèn lan ki pou Fabre Geffrard ak Pierre Nord Alexis.

Li mouri 6 mas 1905 nan Pòtoprens. Alexis pèdi pouvwa kèk ane pita an 1908. Ti frè li a, Louis-Auguste Boisrond-Canal te yon figi politik aktif nan lane 1908 tankou manm Komisyon pou lòd piblik ak prezidan Dayiti pa enterim.

Referans[edite | modifye sous]

Lyen deyò[edite | modifye sous]