Jean-Pierre Boyer-Bazelais

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aller à la navigation Aller à la recherche
Jean-Pierre Boyer-Bazelais
Ajoute yon foto nan bwat sa a}}
Fonksyon:Politisyen, avoka
Domèn:Politik, lalwa
Eta sivil
Dat nesans:24 me 1833
Lye nesans:Pòtoprens
Peyi nesans:Ayiti
dat lanmò : 27 oktòb 1883
Miragwàn (Ayiti)
Nasyonalite : ayisyen


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Charles Jean-Pierre Boyer-Bazelais, rele Jean-Pierre Boyer-Bazelais, ki fèt 24 me 1833 nan Pòtoprens epi ki mouri 27 oktòb 1883 nan Miragwàn (Ayiti), se yon politisyen ayisyen, èd kan prezidan Fabre Geffrard, avoka, depite pèp, fondatè ak chèf Pati Liberal nan Ayiti.

Biyografi[edite | modifye sous]

Charles Jean Pierre Boyer-Bazelais te fèt 24 me 1833 nan Pòtoprens. Reprezantan Pèp la ak Prezidan nan Chanm Reprezantan an, li te tou dirije yon karyè militè yo, te lidè èskadriy ak asistan-de-kan Prezidan Fabre Geffrard.

Nan Pòtoprens nan dat 30 out 1865, li marye avèk Marie Anne Joséphine Charlotte Adléda Liautaud (ki te fèt an 1841 nan Kwadèbouke ak ki mouri 27 novanm 1880 nan Kinstòn, Jamayik).

Zèv li yo[edite | modifye sous]

Fondatè pati liberal[edite | modifye sous]

Li te fondatè premye pati politik Ayiti a, Pati Liberal la an 1870.

Pati sa a, ki konpoze sitou milat, te defann yon gouvènman reprezantatif nan kalite palmantè a. Avèk yon majorite absoli nan palman an imedyatman aprè fondasyon li, manm li yo rantre nan aksyon abizif. Yo te fini pèdi kredibilite yo ak elektora a. Epi, Pati Liberal la divize an de (2) ak faksyon rival li a rive sou pouvwa a avèk Prezidan Pierre Théoma Boisrond-Canal (17 jiyè 1876 - 17 jiyè 1879).

Touswit aprè fòmasyon Pati Liberal la, yon pati rival, ki te rele Pati Nasyonal la te fèt. Pati Nasonal ganyen eleksyon an 1879. Manm li yo defann yon gouvènman ki te fòme pa majorite a nwa etnik.

Pandan yon douzèn ane, liberal ak nasyonal yo te fè yon konfli pèmanan sou tèren politik ayisyen an, epitou yo te finn anile yo an 1883.

Nan reyaksyon a Okipasyon amerikèn an 1915, "Union Patriotiqueé (Inyon Patryotik) te fonde nan mwa out 1915 pa yon gwoup entelèktyèl : Charles Bouchereau, Joseph Sylvain, Georges Sylvain, V. Cauvin, F. Féquiere, Edmond Laforest, Lys Latortue, L. C. Lherisson, F. Porsenna, Occide Jeanty, Doktè Carré ak Doktè S. Holly1.

Bibliyografi[edite | modifye sous]

  • 1987 : Corvington, Georges, Port-au-Prince au cours des ans, edisyon Henri Deschamps, Pòtoprens

Referans[edite | modifye sous]

Lyen deyò[edite | modifye sous]