Aller au contenu

Demokrasi

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Derive de Grèk demokratia, entèprete kòm gouvènman pa pèp la. Demokrasi, san dout reprezante youn nan kouwòn akonplisman nan efò lòm pou li gouvène tèt li. Toutfwa, demokrasi pa yon solisyon jeneral ke youn dwe aplike ak tout sityasyon. Se obligasyon chak nasyon pou chache yon gouvènman fonksyonèl ; yon gouvènman ki fè sans pou patikilye sosyete an konsiderasyon an.

Nan teyori, yon demokrasi se yon gouvènman kote se pèp la ki sou pouvwa. Sa pa vle di se yon gouvènman kote tout moun fè sa yo vle. Si ou bezwen yon gouvènman kote ou ka fè sa ou vle, sa ou bezwen an se pa yon demokrasi, pa menm yon gouvènman, men yon anachi. Pou adrese malantandi sa, atis ayisyen, Jozèf D. Laroz (Joseph D. Larose), nan yon chan rele Demokrasi, pwopoze koze sa a fanatik li yo :

« Si gen youn nan nou la, ki kwè li prè pou demokrasi, leve men dwat anlè, vin eksplike sa sa vle di. Paske mo demokrasi, se yon angajman, pou pèp ki vle viv tankou moun [ki sivilize]. Fò ou renmen patri ou, travay pou byen, e respekte lalwa aplike ».

Kle ide a la se, « respekte lalwa aplike ». Pou mete pèp la sou pouvwa, nan yon demokrasi, fòs de laj popilasyon, sa souvan akonpli pa reprezantan eli. Eleksyon fèt kote pèp la chwazi moun yo vle reprezante yo nan gouvènman ; reprezantan sa yo menm pwodui, oubyen reafime lòd gouvènans peyi a. Lòd gouvènans, oubyen angajman sa, souvan se yon lwa konstitisyonèl. Se obligasyon sitwayen peyi a pou yo obeyi konstitisyon sila, « pou respekte lalwa aplike ».

Kalite gouvènman sa, an menm tan, dwe konsidere tout sèktè nan yon sosyete. Toupandan tout moun santi ke ide ak opinyon pa yo enpòtan, ke yo reyèlman reprezante nan gouvènman, yo santi yo gen yon obligasyon pou sipòte aktivite gouvènman. Si gouvènman klèman reprezante totalite popilasyon sa, lòd gouvènman avèk tan, vin pi solidifye. Lè lòd konstitisyonèl byen etabli, chak eleksyon pou chanjman nan gouvènman vin fasil, dèske lòd ki gouvène chanjman sa yo fèman etabli.

An rezime, yon demokrasi se souvan yon gouvènman konstitisyonèl, avèk reprezantasyon ki soti nan tout seksyon nan sosyete. Kote pèp la rezève dwa yo pou chanje reprezantan sa yo a moman ke yo santi moun sa yo p'ap sèvi enterè yo, oubyen enterè peyi a ankò. Se yon gouvènman ki twouve fòs li nan abilite sitwayènte peyi a pou yo respekte lwa, kòm pwòp reprezantan yo yo-menm te chwazi etabli li. Kote limite modifikasyon nan lwa fèt sèlman pa kò gouvènman chwazi pa pèp la pou jere lwa.

Tout moun gen dwa mande chanjman nan gouvènman. Sepandan, malgre diferans pwòp opinyon pa yo konsène lòd konstitisyonèl, tout moun dwe, « respekte lalwa aplike ».

Tranzisyon demokratik

[modifye | modifye kòd]

Tranzisyon ann Ayiti : konsèy Prezidansyèl Caricom lan rejete pa pati e regwoupman politik yo.

Plizyè aktè e pati politik peyi a voye jete pwopozisyon avanse pa CARICOM lan. Pami yo, Rosemond Jean kowòdònatè Fwon Nasyònal pou Ògànizasyon pou yon Ayiti Stab e Demokratik (FRONORSHD), PLANSPA e pati politik Pitit Dessalines kritike vivman desizyon ki pou mete nan plas yon konsèy prezidansyèl pou tranzisyon an.

Selon Rosemond Jean, prensip ki pou souvrènte peyi a se lik fondamantal, e enjerans ak awogans CARICOM lan pa fè ònè ak nasyon ayisyen an.

Toutan pwòne kowoperasyon ak patènarya entènasyònal, li opoze l fèmeman ak tout fòm enjerans etranje a, prefere yon konsèy tranzisyon kopoze pou twa moun pou dirije peyi a.

Nan menm rejis lan, Yanick Mezile Lherisson, leader pou PLANSPA, konsidere konsèy prezidansyèl la pou tranzisyon an tankou yon enstriman suisidè, e estime ke patisipasyon pou aktè politik yo ak pwosesis ki ap fè ke agrave kriz la.

Manzè ensiste sou respè Konstitisyon an : « N dwe refere n nan Konstitisyon an, debann atik yo 148 e 149. Nou pa dwe ekate nou de li. Ak chak fwa ke nou fè l, nou agrave kriz la. Nou pa vle kado anpwazòne sa-a » e pwopoze pou rekouri ak Kou Kasasyon pou dezinye yon jij pouvini pran anchaj afè peyi a.


Bò kote pa l, Jean Charles Moïse, chèf pou pati politik Pitit Dessalines, rejete kategorikman pwopozisyon CARICOM lan. Li soutni ke yon konsèy pou twa manmb, soutni pa 150 pati politik 3250 ògànizasyon, reprezante konsennsis nasyònal la nesesè pou dirije peyi a. Li mande egalman ke reprezante pou sektè ekònomik lan e manmb pou gouvènman kontren pou demisyòne a pa patisipe negosyasyon yo.

Se atò tansyon politik yo vin pi mal yo, popilasyon an, konfwonte ak debann deplasman fòse, viv nan lapèrèz. Sant-vil-la ki se Kapital la, Pòt-o-Prens, se dezè, e menm Radyo Televizyon Karayib (RTVC) gantan te kontren pou kite tanporèman riyèl Chavannes.[1]

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. Job David Boisrond| Lakay Info509 Contact@lakayinfo509.com Téléphone : +509 3706 8096 ©️Mars2024. Tous droits réservés. Aucun texte de Lakay Info509 ne peut être reproduit en totalité ou en partie à des fins lucratives ou de propagande sans autorisation.

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]