Marc Bazin

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye
Marc Louis Bazin
Ajoute yon foto nan bwat sa a}}
Eta sivil
Dat nesans:6 mas 1932
Lye nesans:Sen Mak
Peyi nesans:Ayiti
dat lanmò :16 jen 2010
Pòtoprens (Ayiti)
Nasyonalite : Ayisyen


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Marc Louis Bazin (ki fèt 6 mas 1932 nan vil Sen Mak (Ayiti) e li mouri [1] 16 jen 2010 nan vil Pòtoprens), se te youn politisyen, li te chèf pati politik, li t'ap travay pou Nasyon Zini, li te minis sou prezidan Jean-Claude Duvalier, li te prezidan pou youn ti tan peyi Ayiti, li te youn ekriven. Li ekri liv konsène Ayiti oubyen kreyòl ayisyen oubyen nan karayib an.

Biyografi[edite | modifye sous]

Marc Bazin te youn gwo fonksyonè Bank Mondyal.

Li te Minis Finans sou Prezidan Jean-Claude Duvalier.

Li te chèf youn pati ki te rele: Mouvement pour l'Instauration de la Démocratie en Haïti (MIDH).

Administrasyon prezidan Georges W. Bush ak Boujwazi Ayisyèn t'ap sipote pou l' te ka vin prezidan pou envèstisè etranje te ka entèrese nan Ayiti e pou pou n' te ka genyen eleksyon lib e libè nan ane 1990 aprè peryod diktati a. Men aprè eleksyon an, li fè sèlman 14% vwa e advèsè l' Jean-Bertrand Aristide te fè 67% vwa yo. Nan epòk sila, Aristide te trè popilè, men solda sou zòd Raul Cédras mennen youn koudeda dèyè prezidan Aristide 30 septanm 1991.

Nan dat 4 jen 1992, Lame a mete Marc Bazin premye minis interimè.

Nan dat 15 jen 1993, li demisyone.

30 out 1993, Robert Malval, pran plas Bazin.

Aprè sa Bazin pral fè anpil tan san patisipe nan politik. Men apre Presidan Aristide retounen prezidan nan lane 2001, li eli l' Minis Planifikasyon.

Nan lane 2006, Marc Bazin patisipe nan eleksyon pou prezidans peyi a, men li fè sèlman 0.68% vwa yo sou 35 kandida e René Préval eli prezidan.

Zèv li yo[edite | modifye sous]

  • Sa li fè

Referans[edite | modifye sous]

Lyen deyò[edite | modifye sous]