Aller au contenu

Pwojè:Akèy/Paj prensipal

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Yon pwopozisyon pou gen nouvo kontni ak modèl sou paj prensipal la. Modèl sa yo plis kopye sou fransè epi yon ti kras sou anglè a. ki poko fini, men travay la ka pi rafine si nou aksepte yo. Nou kapab bay koutmen oswa fè pwopozisyon pou pèmèt li fin pi kòrèk. Sa ki ka pèmèt paj la plis atiran, pi bèl epi dinamik. Konsa tou sa ka ankouraje kèk travay ki ap fèt nan ansiklopedi a. kontni mwen pwopoze se jis pou montre kijan li ka parèt men se kominote a akministratè yo ki ka deside.

Ann diskite sou paj diskisyon an pou fè pwopozisyon ak poze kesyon.

Tèt paj la

[modifye | modifye kòd]

Modèl pou antèt paj la

[modifye | modifye kòd]
=>> Pou kòmanse paj la, logo Wikipedya a goch ansanm ak tout lòt enfòmasyon ki deja sou sa ki la deja a (nou ka ajoute sa ki nesesè oswa retire sa ki pa nesesè)

Kò paj la

[modifye | modifye kòd]

Tankou sou lòt vèsyon wikipedya yo, ta ka gen kèk ribrik ki ka chaje pandan yon peryòd tan. Kòm kominote gen pa anpil kontribitè ki aktif yo ka chanje nan yon tan ki pa twò long.

Modèl Kout pwojektè

[modifye | modifye kòd]

Nou ka chwazi pami bon atik yo ak vòt komninote a. li ta kapab tou gade youn nan bon atik ki ekri chak ane nan kad evèman Mwa Wiki Kreyolo a, Femnis ak Fòlklò, wiki pou Dwa moun, elatriye. La ankò kominote a gen dwa fè pwopozisyon. M pwopoze l pou ane a, pou nou ka gentan asire nou bon chwa atik ke n ap pwopoze pou bon atik la. Epi nou swete nou, tout lyen wouj tranfòme, pandan nou fè yon konbit pou sa. tankou inisyativ Krepisaj la

Pou Egzanp:↓↓
Otopòtrè atis la, 1889, lwil sou twal, Mize Orsay (F627/JH1772).
Otopòtrè atis la, 1889, lwil sou twal, Mize Orsay (F627/JH1772).

Vincent van Gogh (pwononse an neyèlandè: /ˈvɪnsɛnt vɑŋ ˈɣɔx/; an kreyòl: Vensan Van Gòg), fèt 30 mas 1853 nan Groot-Zundert (Peyiba), epi li mouri 29 jiyè 1890 nan Auvers-sur-Oise (Frans), se yon pent ak desinatè olandè. Penti l yo ki gen yon gwo aspè natiralis, epi ki jwenn enspirasyon yo nan enpresyonis ak pwentillis, anonse mouvman atistik fovis ak ekspresyonis.

Van Gogh te grandi nan yon fanmi ansyen boujwa. Li te premye eseye fè karyè kòm machann atizay nan Goupil & Cie. Sepandan, paske li te refize wè atizay kòm yon machandiz, yo revoke l. Lè sa a, li te vle vin yon pastè, menm jan ak papa li ki te yon pastè, men li pa pase egzamen teyoloji yo. Zòn 1880, li lage kò l nan penti. Pandan ane sa yo, li te kite Lawoland pou Bèljik, epi li al rete an Frans. Vincent etidye penti ak desen alafwa kòm yon otodidak, kididonk pou kont li, epi li pran leson tou. Ak anpil pasyon, li pa janm sispann anrichi konesans li nan zafè penti: li analize travay pent nan epòk li a, li vizite mize ak galri penti, boukante lide ak zanmi pent li yo, li etidye estanp japonè, litografi (penti sou wòch) anglè, elatriye. Penti li yo montre pil rechèch li fè ak lajè konesans atistik li. Sepandan, lavi li chaje ak kriz ki montre enstabilite mantal li. Youn nan yo lakòz li touye tèt li, a laj 37 an.

Pil Korespondans van Gogh yo pèmèt nou pi byen konprann li. Li konsiste de plis pase 800 lèt ekri pou fanmi ak zanmi li, ki gen ladan 652 lèt li voye bay frè li Theo, ak moun li te kenbe yon relasyon sere ni sou plan pèsonèl ak pwofesyonèl.

Zèv Van Gogh konpoze plis 2000 twal ak desen ki date sitou ane 1880 yo. Li fè eko nan milye atistik ewopeyen an nan fen XIXe syèk la. Li te enfliyanse pa zanmi pent li yo, tankou Anthon van Rappard, Émile Bernard ak Paul Gauguin. Li fè echanj opinyon tou ak frè l Theo, yon machann atizay ki te popilè. Li admire Jean-François Millet, Rembrandt, Frans Hals, Anton Mauve ak Eugène Delacroix, pandan li ap tire enspirasyon nan Hiroshige, Claude Monet, Adolphe Monticelli, Paul Cézanne, Edgar Degas ak Paul Signac.

Nan ane 1890 yo, se sèlman yon ti kantite otè ak pent ki te remake Van Gogh nan Lafrans, Peyiba, Bèljik ak Dannmak. Sepandan, nan ane 1930 yo, travay li yo te atire 120 000 moun nan yon eskpozisyon nan Museum of Modern Art, Nouyòk. Kounye a li konsidere kòm youn nan pi gwo atis pandan tout tan.

Prezantasyon Wikipedya

[modifye | modifye kòd]

Sa nou fè sou banyè ki la pou kounye a, men ki ki konplete nan sa m pwopoze ak kèk detay anplis pou bay nouvo yo direksyon.

Gade li:↓↓

Prezantasyon

Wikipedya se yon pwojè ansiklopedi kolektif sou entènèt, inivèsèl, plizyè lang e ki fonksyone sou prensip wiki. Pwojè sa a gen pou objaktif pou ofri kontni ki kapab itilize ankò, objektif ak verifye, ke tout moun ka modifye ak amelyore.

Wikipedya defini ak Prensip fondatè yo Kontni li yo anba Lisans creative commons by-sa langue non reconnue : in >. Li kapab kopye epi itilize ankò anba menm lisans lan, si yo respekte kondisyon yo. Wikipedya bay tout kontni li yo gratis, san yo pa fè piblisite, epi san yo pa itilize eksplwatasyon done pèsonèl itilizatè li yo.

Editè atik Wikipedya yo se volontè. Yo kowòdone efò yo nan yon kominote kolaboratif, san lidè.

Kijan pou kontribye ?

Nenpòt moun ka pibliye kontni sou Entènèt imedyatman, depi yo respekte règ esansyèl Fondasyon Wikimedya ak kominote a; pa egzanp, verifyabilite kontni, kalifikasyon atik ak kenbe yon atitid akeyan.

Gen anpil paj èd ki disponib pou ou, tankou kreye yon atik, modifye yon atik oswa imaj. Pa ezite poze yon kesyon pou w ka ede w nan premye etap ou yo, sitou nan youn nan pwojè tematik yo oswa nan plizyè espas pou diskisyon.

paj diskisyon yo itilize pou santralize panse ak kòmantè pou amelyore atik yo.

Resous pou kòmanse

Èske w konnen?

[modifye | modifye kòd]

Se yon ribrik sou devinèt ak konesans jeneral ke kèk moun nan moun nan kominote a ka pwopoze e si lektè a vle konnen plis li ka ali atik la. Nou ka kreye yon espas pou pwopozisyon yo ak diskisyon sou yo. Li ka chanje a volonte chak fwa gen nouvo ki pwopoze oswa kominote a ka chwazi chak konbyen sa ka chanje.

Bèl imaj pou mwa

[modifye | modifye kòd]

Commons Imaj gran anpil... Nou ta ka chwazi douz imaj pou ane, epi prezante youn chak mwa, pandan n ap asire ke chak imaj sa yo nou ekri atik ki koresponn ak yo nan ansiklopedi a. kominote a ka chwazi yo tou. Fè yon kout je nan paj sa a

Men yon egzanp pou mwa sa:↓↓

Bèl imaj pou mwa janvye nan

Detay sou yon vyolonsèl. (définition réelle 1 500 × 2 250)
Detay sou yon vyolonsèl.
(définition réelle 1 500 × 2 250)

Ribrik Istorik

[modifye | modifye kòd]

Nou ta seleksyone omwen chak mwa kèk dat kle ki enpòtan nan listwa epi nou ajoute nan ribrik sa pou chak mwa yo, yo ap monte otomatik sou paj la. Gade kritè yo

Men egzanp mwa novanm nan:↓↓

Pou mwa janvye

[modifye kòd]

Pye paj la

[modifye | modifye kòd]
Modèl sa a byen pwòp mwenm jan ak lò pwojè yo:

}