Enfòmatik

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche

Enfòmatik se yon domèn aktivite syantifik, teknik e endistriyèl konsènan tretman enfòmasyon otomatikman pa ekzekisyon pwogram enfòmatik machin yo : sistèm integre, òdinatè, wobo, machin ki gen fòm moun, ak lòt.

Espas aplikasyon sa yo ka separe an de pati, youn, a nati teworik, ki konsène definisyon konsèp ak modèl, e lòt la, ak nati pratik, ki enterese ak teknik aplikasyon konkrè. Gen kèk domèn nan enfòmatik ki trè abstrè, tankou sa yo rele konpleksite algoritmik, e gen lòt ki ka pi pwòch yon piblik pwofan. Tewori langaj rete yon domèn ki gen yon avantaj aksesib pou pwofesyonèl ki fòme (deskripsyon òdinatè ak metòd pwogramasyon), tandike metye ki gen lyen ak entèfas moun-machin yo aksesib ak plis moun.

Definisyon[edite | modifye sous]

Computer science is no more about computers than astronomy is about telescopes

Hal Abelson

« Syans enfòmatik la pa plis syans òdinatè ke sa astwonomi an ye pou teleskòp yo. »

Tèm « enfòmatik » soti nan asosyasyon tèm « enfòmasyon » ak sifiks « -ik » ki siyifi « sak pwòp ak ». Tankou yon adjektif, li aplike ak ansanm tretman ki lye a travay òdinatè yo ak sistèm nimerik yo. Kòm solid, li deziye kèk aktivite lye avèk konsepsyon epi aplikasyon machin sa yo. Kèk kesyon telekominikasyon tankou tretman siyal oubyen teyori enfòmasyon, ak kèk pwoblèm matematik tankou "kalkilabilite" rete lye. Nan vokabilè inivèsitè ameriken (« computer science ») endike sitou enfòmatik teyorik; yon ansanm syans fòmèl ki gen pou objè etid nosyon enfòmasyon pwosesis tretman otomatik li, algoritmik.

Aplikasyon enfòmatik yo depi nan lane 1950 fòme baz sektè aktivite teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon. Sektè endistriyèl ak komèsyal sa lye avèk pwosesis (lojisyèl, achitekti de sistèm) ak materyèl (elektwonik, telekominikasyon). Sektè sa bay tou yon banm sèvis ki lye itilizasyon pwodui sa yo : devlopman, ansèyman, asistans, siveyans ak antretyen.

Etimoloji[edite | modifye sous]

Nan lane 1957, enjenyè alman Karl Steinbuch kreye tèm « Informatik » pou yon tèz titre “Informatik: Automatische Informationsverarbeitung”, ki vle di an kreyòl « Enfòmatik : tretman otomatik enfòmasyon yo ».

Nan mwa mas 1962, Philippe Dreyfus, ansyen direktè sant nasyonal kalkil elektwonik Bull, itilize pou premye an Frans tèm « Informatique » pou antrepriz li  « Société d'informatique appliquée » (SIA). Daprè kèk moun, neolojism saa se yon mo-valiz ki aglomere « enfòmasyon » ak « otomatik », pou deziyen tretman otomatik kèk done.

Nan menm mwa a, Walter Bauer inogire sosyete amerikèn « Informatics Inc. » ki depoze non li e pouswiv tout inivèsite ki itilize mo saa pou dekri yon nouvèl disiplin, e fòse yo retounen sou computer science. Menm pifò moun li fòme yo plis pratikan enfòmatik ke syantifik nan sans pwòp. L’Association for Computing Machinery, pi gwo asosyasyon enfòmatisyèn nan mond lan apwoche menm Informatics Inc. pou yo ka itilize mo informatics pandan yap raplase ekspresyon computer machinery, men antrepriz la refize pwopozisyon an. Nan lane 1985 Sterline Software achte sosyete Informatics Inc. e ki sispann aktivite yo nan lane 1986. Pou Donald Knuth, Ameriken yo fè esprè abandone mo enfòmatik, pa pou pwoblèm mak men pou rezon semantik ; òdinatè yo pa trete enfòmasyon, men done, alòs sans enfòmatik la endiferan.

Commons-logo.svg
Wikimedia Commons genyen dokiman medya, imaj, video sou :