Van Gogh te grandi nan yon fanmi ansyen boujwa. Li te premye eseye fè karyè kòm machann atizay nan Goupil & Cie. Sepandan, paske li te refize wè atizay kòm yon machandiz, yo revoke l. Lè sa a, li te vle vin yon pastè, menm jan ak papa li ki te yon pastè, men li pa pase egzamen teyoloji yo. Zòn 1880, li lage kò l nan penti. Pandan ane sa yo, li te kite Lawoland pou Bèljik, epi li al rete an Frans. Vincent etidye penti ak desen alafwa kòm yon otodidak, kididonk pou kont li, epi li pran leson tou. Ak anpil pasyon, li pa janm sispann anrichi konesans li nan zafè penti: li analize travay pent nan epòk li a, li vizite mize ak galri penti, boukante lide ak zanmi pent li yo, li etidye estanp japonè, litografi (penti sou wòch) anglè, elatriye. Penti li yo montre pil rechèch li fè ak lajè konesans atistik li. Sepandan, lavi li chaje ak kriz ki montre enstabilite mantal li. Youn nan yo lakòz li touye tèt li, a laj 37 an.
Pil Korespondans van Gogh yo pèmèt nou pi byen konprann li. Li konsiste de plis pase 800 lèt ekri pou fanmi ak zanmi li, ki gen ladan 652 lèt li voye bay frè li Theo, ak moun li te kenbe yon relasyon sere ni sou plan pèsonèl ak pwofesyonèl.
Nan ane 1890 yo, se sèlman yon ti kantite otè ak pent ki te remake Van Gogh nan Lafrans, Peyiba, Bèljik ak Dannmak. Sepandan, nan ane 1930 yo, travay li yo te atire 120 000 moun nan yon eskpozisyon nan Museum of Modern Art, Nouyòk. Kounye a li konsidere kòm youn nan pi gwo atis pandan tout tan.
Anableps anableps.Le poisson à quatre yeux(photo) n’en a que deux, mais divisés chacun en deux parties, ce qui lui permet d’observer simultanément au-dessus et en dessous de la surface de l’eau.
La bataille de Koursk qui s’est déroulée au nord de Kharkiv en jiyè- a été la plus grande bataille de chars de l’histoire et l’une des plus grandes batailles aériennes.
La reine Catherine de Médicis est la mère du roi François II (roi de France), du roi harles IX (roi de France), du roi Henri III (roi de France), de la reine Élisabeth, de la reine Margot, de la duchesse Claude et du duc François.
L’actuelle gare de Maastricht a été inaugurée en 2021, soit 105|ans après son ouverture effective.
Wikipedya se yon pwojè ansiklopedi kolektif sou entènèt, inivèsèl, plizyè lang e ki fonksyone sou prensip wiki. Pwojè sa a gen pou objaktif pou ofri kontni ki kapab itilize ankò, objektif ak verifye, ke tout moun ka modifye ak amelyore.
Wikipedya se editè volontè ki ekri l epi Wikimedya Fondasyon òganize l, se yon òganizasyon san entèrè lajan ki òganize tou yon seri lòt pwojè volontè: Meta-Wiki :