Dwa fanm an Ayiti

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche
Haitian Elegance (8222064720).jpg

Famn ak Sosyete a[edite | modifye sous]

Gen etid ki fè montre fanm peyizan ayisyen gen mwens restriksyon nan nivo sosyal, kontrèman a fanm elit ayisyen obyen fanm nan sosyete oksidantal yo.[1] Se yon reyalite ki soti nan sistèm matriyakal afriken ak relijyon vodou ayisyen kote fanm yo nan sant aktivite nan sosyete a, sa ki kontrè ak sistèm piman jideo-kretyen yo.[2] Nan relijyon vodou ayisyen, fanm yo jwe menm wòl ak gason. Yo se "manbo" sa vledi (prèt vodou) menmjan ak gason yo ki se "houngan" (prèt vodou). Nou jwenn fanm ki "honsi" menm jan ak gason.[3]

Egalite seksyèl nan vodou ayisyen an pèmèt enklizyon fanm nan preske tout aspè nan sosyete a.[4] Fanm Peyizan espesyalman, akoz pwoksimite yo nan vodou, te tradisyonèlman jwe yon wòl enpòtan nan lavi ayisyen.[5] Patisipasyon yo nan agrikilti, komès ak endistri te tresenpotan, Konpare ak tokay yo nan Amerik Latin nan.[5] Pandan okipasyon Ameriken an (1915-1934), fanm peyizan te patisipe aktivman nan lagè, yo te fè pati geriya epitou mete soupye sevis entèlijans anti-US pou libere peyi Ayiti.[4] Patisipasyon yo nan komès, pèmèt fanm peyizan ayisyen yo akimile resous ekonomik ki fè yo pi endepandan pase plis fanm ki soti nan elit yo.[6]

Yon Ti Koutje Sou Kondisyon ak Sitiyasyon Famn nan Peyi Ayiti[edite | modifye sous]

Konstitisyon ayisyen bay fanm menm dwa ak gason sou plan ekonmik, politik, sosyal ak kiltirèl.[7] Men, reyalite a pwouve le kontrè. Fanm sibi plis diskriminasyon ak vyolans mete sou difikilte pou jwenn travay ak obstak pou patisipe nan politik. Gen plis gason nan espas pouvwa ak desizyon paske nan sosyete a, nan fanmi, yo di politik se afè gason.[8] Menmsi fanm yo reprezante 52% nan popilasyon an, konstriksyon sosyete a montre siperyorite gason konpare ak fanm. Depi lane 1934, fanm peyi Ayiti ap goumen pou ekzèse dwa sivil ak politik yo, men sa pa janm fasil. Pa twò lontan, Palman ayisyen te rive vote yon atik nan amandman konstitisyon an ki mande yon kota pipiti 30% fanm nan tout espas lavi nasyonal la, annatandan aplikasyon prensip egalite fanm ak gason.[9] Yo kontinye sansibilize Palmantè yo pou konsolide aki yo. Konsa, yon ventèn òganizasyon fanm fè 192 pwopozisyon lwa ki mete aksan sou egalite fanm ak gason nan kad pwochen amandman konstitisyon an.[10]

Daprè yon atik Alterpresse, òganizasyon fanm yo antreprann plizyè aksyon espesifik pou amelyore kondisyon fanm pou yon sosyete ki ekilibre. Sou kesyon lejislasyon, MOUFFED travay pou elimine atik diskriminatwa nan kòpis jiridik ayisyen an; Sou kesyon dwa politik, FanmYola, sansibilize pati politik yo pou patisipasyon fanm egal ak gason nan espas pouvwa. SOFA travay pou amelyore kreye yon fèm agrikòl nan Saint Michel de l’Attalaye pou pèmèt jenn fanm aprann kiltive pwodui ekolojikmam korèk[10]. Nan Yon lòt atik ki soti nan Dofen News, Guerlyne Residor nan KRIFA plede anfavè edikasyon, sansibilisasyon ak otonomi finansye fanm parapòta gason, pou elimine vyolans sou fanm. Rete anpil travay ankò pou rive sou chimen egalite nan tout nivo jan konstitisyon an mande.[11]

Reprezantasyon politik[edite | modifye sous]

Gouvènman ayisyen an gen yon Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, men li manke mwayen pou adrese pwoblèm tankou vyolans kont fanm ak tizonnay seksyèl nan espas travay. Michelle Pierre Louis, dezyèm fanm ayisyen ki te Premye Minis, te gen yon ajenda solid pou goumen kont inegalite epitou konbat vyolans sou fanm.

Referans[edite | modifye sous]

  1. Patrick., Bellegarde-Smith, (2004). Haiti : the breached citadel (Rev. and updated ed ed.). Toronto: Canadian Scholars' Press. ISBN 141759683X. OCLC 60577011. 
  2. Patrick., Bellegarde-Smith, (2004). Haiti : the breached citadel (Rev. and updated ed ed.). Toronto: Canadian Scholars' Press. ISBN 141759683X. OCLC 60577011. 
  3. Patrick., Bellegarde-Smith, (2004). Haiti : the breached citadel (Rev. and updated ed ed.). Toronto: Canadian Scholars' Press. ISBN 141759683X. OCLC 60577011. 
  4. 4,0 et 4,1 Patrick., Bellegarde-Smith, (2004). Haiti : the breached citadel (Rev. and updated ed ed.). Toronto: Canadian Scholars' Press. ISBN 141759683X. OCLC 60577011. 
  5. 5,0 et 5,1 Patrick., Bellegarde-Smith, (2004). Haiti : the breached citadel (Rev. and updated ed ed.). Toronto: Canadian Scholars' Press. ISBN 141759683X. OCLC 60577011. 
  6. Patrick., Bellegarde-Smith, (2004). Haiti : the breached citadel (Rev. and updated ed ed.). Toronto: Canadian Scholars' Press. ISBN 141759683X. OCLC 60577011. 
  7. Constitution of the Republic of Haiti, Title III: "Art. 17: All Haitians, regardless of sex or marital status, who have attained twenty-one years of age may exercise their political and civil rights if they meet the other conditions prescribed by the Constitution and by the law. Art. 18: Haitians shall be equal before the law, subject to the special advantages conferred on native-born Haitians who have never renounced their nationality."
  8. (angle) en « reciprodh-haiti-report-to-the-140th-session-of-the-inter-american-commission-oct-26-2010-french ». Human Rights Documents online. Retrieved 2018-12-18. 
  9. (angle) en « Research and Resources – Embassy of Haiti ». Retrieved 2018-12-18. 
  10. 10,0 et 10,1 « Haïti-Genre : Plusieurs organisations de femmes dressent un bilan de leur lutte et renouvellent leurs revendications spécifiques ». www.alterpresse.org. Retrieved 2018-12-18. 
  11. Bissereth, Diane (desanm 11, 2018). « Pwoblèm nan nan vyolans kont fanm, pwopozisyon fanm nan fen ». Dofen News. 

Lyen deyò[edite | modifye sous]