Aller au contenu

Alterpresse

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

AlterPresse, rezo altènatif ayisyen enfòmasyon, se yon ajans enfòmasyon Gwoup Médialternatif te lanse nan fen ane 2001. Oryantasyon travay AlterPresse kadre ak prensip ki respekte Dwa pou Enfòmasyon ak Kominikasyon.

Pi gwo domèn aksyon AlterPresse se enfòmasyon sou pwosesis politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl ki enplike aktè mouvman sosyal, mouvman antreprenarya kolektif, òganizasyon pwomosyon ak defans dwa moun, òganizasyon sipò pou devlopman, enstitisyon rechèch ak edikasyon ki pa fòmèl, inivèsite, elatriye.

Ajans laprès altènatif sa a trete tou kestyon aktyalite ak evènman toulejou yo, sou baz yon apwòch demokratik ak rechèch altènativ.

Dapre yon apwòch global, enfòmasyon AlterPresse difize yo, sitou an franse ak an kreyòl, soti nan sous nasyonal kou entènasyonal, yo konsène pwosesis ayisyen kou entènasyonal, epi yo rive jwenn piblik ayisyen kou piblik entènasyonal.

AlterPresse fonksyone ak yon ekip pwofesyonèl enfòmasyon, kote pifò ladan yo deja gen yon karyè long kòm jounalis epi yo fè prèv kapasite yo atravè diferan konjonkti depi kòmansman ane 1980 yo jouk jounen jodi a.

AlterPresse se yon ajans enfòmasyon sou entènet.[1]

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]
  1. anlè nichtwèl an : http://www.alterpresse.org