Boukmann

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche
Boukmann
Boukmann se te yon cimarron
Fonksyon:oungan
Eta sivil
Dat nesans:5 oktòb 1750
Lye nesans:Spanish Town
Peyi nesans:Jamayik
dat lanmò : 15 out 1791
Kap Ayisyen (Ayiti)
Nasyonalite : Ayisyen avèk orijin jamayikèn
Zèv enpòtan:
seremoni an nan Bwa Kayiman
Kèk not
"Blan an ki dekri seremoni-an nan Bwa Kayiman an kote l te ye? Li pa t ap ka la li t ap mouri kèlkeswa jan li te byen bwoule ak kèk nan yo seremoni oubyen kongrè saa pa t pou li, kòman l fè dekri sèn nan nan tout verite l? Kèk kongo, espyon blan yo, annik tande relasyon ki pou seremoni an nan bouche youn ladan yo, k al mal enfòme blan yo, siman yo rapòte ak mèt yo esklav yo deside pou yo pa janm viv nan sitiyasyon sa a ki degradant lan sou tout pwen yon moun ka wè. Pa bliye, zannimo nou te ye se konsa nonm yo bay pou Minis Colbert nan chita li ekri Kòd nwa tankou mèb. Nou te pran rezolisyon pou mete fen nan pretansyon yon banm moun ki pa viv lòt jan ke nan vòlò, asasina, represyon bann lach parazit sa a yo."
Flag of Haiti.svg


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Boukmann, rele tou Dutty Boukman ou Boukman Dutty ou Zamba Boukman, ki fèt nan Jamayik, se yon nèg mawon.

Li te gen yon non fransè "Dupuy" selon rejis pawasyen jamayik lan ki te konsève non fransè yo. Book man ki vle di nonm save.

Biyografi[edite | modifye sous]

Paran li yo yo te pran yo soti Dahomey e yo te vann yo ak kolon ki te chita kò yo sou zile kote li grandi a. Enstrui nan men Papa li, li vin tankou li yon inisye. Boukmann yo te achte li e revann ni ak kolon ki pou Abitasyon Turpin anwo nan mòn Okap nan Sen Domeng. Li te yon nèg enstrui. Li te pale plizyè lang bann site : Arab, walon franse yo te pale a, plizyè dyalèk afriken e kreyòl ayisyen, e plis ankò Boukmann li li nan panse l la e l nèk kontinye rete nan plas li a.

"Peyi paran m yo te òganize. Enstriksyon, ekonomi domestik, respè pou byen lòt moun te nan onè respè. Pèp Dahomey a te sivilize. Se pa te daprè konsepsyon ewopeyen yo, men yo te Jan pa yo. Pi byen ke jan istwa a rapòte nou sa a. Vrè istwa a pa ekri e li pap janm ekri. Entière yo tout kite, prejije yo, patipri yo, Sou-Sou, soufnantyou yo, rasis yo m' konnen ki enfliyanse istoryen yo. Sa di blan yo manti pi byen pase nwa. Verite sou yo oubyen sou nou pa yon plezantri"

"Ann pale sou achiv yo ki pou eklere n sou pase esklav yo e kilt yo a Vodou, kote li jounen jodi a? Bwoule, volatilize pa klèje fransè yo. Lapèrèz, egoyis ki pou moun ak soutàn apfè diminye vale hounmfor yo pou lotèl yo, metmen nan la ki pou relijyon popilè, datan menm nan epòk endyen yo. Istwa lwa se yon bagay ki tete nan Oraliti."

Sèl chan vodou yo ki rakonte ankò Istwa lwa yo. Se ki yès ki prèt Vodou ayisyen an? Pandan kontan se te moun mòn andeyò net. Anpil ladan yo eksplwate frè yo. Lòt ki onèt mete ann ekran mefyans pwotektiv yo ann kas kredibilite a, ki pou bòn fwa pou chèchè yo.

'Kontan relijyon sa a se te rete yon tabou pou sosyete ayisyèn nan, youn dejeneresans pou pèp la, yon kakan.

Fò n te gen tilandeng e brav yo pou enpoze li e mèt aksan sou enplikasyon pozitiv li nan gè ki pou Deliberasyon nou". Souvan di endepandans nou plis ke endepandan.

"Si relijyon afriken yo twouve li nan zile Ayiti a se fot blan yo."

"Rèn Isabelle katolik la bay lòd ak Nicolas de Ovando pou pranpòte nèg esklav ki fèt nan Séville.

Poukisa se te dirèktman nan Espay esklav nèg yo te sòti? Paske rèn Isabelle e Rwa a Ferdinand pou peyi Espay gen lapèrez pou kretyènte yo. Paske nwa afriken yo, selon yo, ta kapab pwopaje relijyon mizilman an. Konsa, an 1501 te rive nan Ispayola premye esklav nwa pou soulaje endyen pwoteje yo pa Las Casas. Epi saw tande a, machann estera kap vann moun, blan yo menm ki renmen lajan Yale rache nou sou tè nou.

Boukmann te sanble pèdi nan yon retwospeksyon kontanplativ pou tout Afriken yo ki kite rivaj kontantman ki sou tè kote yo te fèt la, paske yo rache yo bann vye mavhann esklav yo, oubyen pwòp frè yo twoke yo pou pèpè blan yo te pòte; oubyen ankò, prizonye gè tribal, yo te vann nan konptwa esklav, pou yal gaye yo nan Monn Nouvo a. E isi, yo te fè fòtin nan Sen Domeng nan pwofil la Frans pou Colbert.

Boukmann souke tèt li an silans. Se ta ka panse li je li gen pou souvni ke li preferab pou li bliye. Li repran ak fòs.

" Preizan an e sa kap vini an dwe nouri n nan rasin sak te pase yo. Menni sa ke nou pa dwe janm fè: Bliye. Bliye se youn fot grav. Fò n toujou sonje pou n tire eksperyans e konstrui n. Paske trèt nèg la te asanble plizyè tribi san konsiderasyon pou divèsite a ki pou kilti yo, pou relijyon yo ak tradisyon yo. Tout nwa yo se yo ki idantik selon konsèp blan. Nou se youn ras enferyè, trè pwòch animal. Fòk yo te jwenn ekskiz psikolojik ak makakriyèz yo a, renmen lajan yo a. E tèlman ankre nan kwayans sa a ke nou enferyè ak yo, yo pa te janme konnen ke ras sa a yo panse ki pre animal la tap kapab santi bezwen pou yo reyini nan kavèn yo. Nan kleryè yo pou fòme ton pon ki pou mennen yo nan libète. E konsa sibi enpilsyon Arada yo. Fon yo ki se moun Dahomey e otou yon menm poto-mitan prevalans lan nèk enpoze li, sansibleman relijyon kilt kosmik e ansestral, relijyon Vodou-Espri a vin fèt nan objektif kolektif : "abolisyon esklavaj" e "Libète. Senbyoz sa a" pou kilt e kilti se sak opere lantman, ki fè nou vin ini tankou yon pwen prèt pou frape esklavaj nan mitan lestomak".

"Nou te anpil oungan nan epòk la kote m t ap prezide Seremoni an nan Bwa Kayiman, swiv tikras pa revòlt la esklav yo tap fè yo. Hallaou, Hyacinthe,, Lafortune ak lòt ankò".

Vwa li te dous li te konvenkan. Youn agreyab sansasyon, pliske sa, youn ekstrawòdinè enpresyon ke yo santi yo byen ansanm. Chita anfas li anba yon gwo pye mangye, Boukmann ba li men li e li kondui li nan pase.

Sa k te fè milat yo te vin ini ak nwa lib yo epi esklav yo[edite | modifye sous]

"Sa te gen 191 lane, di li. Ou dwe raple w ke depi ekzekisyon Ogé ak Chavannes rankin kap monte nan kè milat yo pa te piti pou kolon yo tèlman vin gwo li rive nan pwen pou li eklate, lèke Blanche-Lande te pwomèt ak rwayalis yo pou yo pa ekzekite dekrè ki te soti 15 me 1791 lan. Dekrè sa a ke konstitiyant lan te bay la ann Frans te bay tout milat yo dwa pou fè politik depi papa yo ak manman yo te lib. Blanche-Lande nèk imajine yon estratajèm pou li fini ak zafè nèg po wouj pral gen menm dwa ak blan, nan mèt zizani. Blan rwayalis yo bò kote pa yo kwè yo Ka itilize Toussaint Louverture pou ekzekite plan makyavelik yo a. Men Toussaint, entelijan e wè lwen, gen tan wè kote yo vle rive ak egoyis ti fransè sa a yo. Li konnen san inite nwa ak milat yo Endepandans deliberatwa a ap tankou yon rèv. Ogou Feray chevoche Toussaint Louverture yon nuit. Li vin banm, Lyetnan bòkot Jean-François tankou Toussaint, lòd pou òganize seremoni an nan Bwa Kayiman an ke m te prezide a kòm granprèt. Nou te al siyen arete pou lanmò esklav yo. Viv Lib oubyen nou Mouri (VLM) sete deviz nou tankou li te pou Kasik Anri anvan nou. [1]15 lane pita tout esklav nwa ki te soti Espay yo te mawon paske yo te pale yon sèl lang, panyòl e yo te al kache Baoruco sa te vin fè Endyen ak Nwa yo te fè yon sèl e yo te fòme klas indigjène espanyòl-io sa te pouse Panyòl yo nan lane 1517 vini ak lòt esklav nwa soti dirèktman nan Afrik nan plizyè tribi diferan se la debi lang ayisyen an tanmen.

"Kounya a n ap konprann, ke fransè sa a, ki repete pa istoryen l yo ta Ka ekri, ke asistan yo te vin panike, men anpil nan nou nèg te wè pi mal ke sakrifye yon kochon mawon. Yo t ap gade san yo pa Ka fè anyen frè yo k ap bwoule tou vivan, sè yo yo konn depatcha yo devan grenn je yo, m pase nan sa, egòje yon kochon pa sifi pou ke yon moun kraponnen anba lapèrèz. Ou gen pou wè talè poukisa, ann atandan m ap ba w konsèy pou w pa janm afime san w pa sèten nan sa w ap di".

Gade tou[edite | modifye sous]

Referans[edite | modifye sous]

  1. La légende des Loa Vodou Haïtien, Déita: Dépôt Legal#93-06-098 Bibliothèque National d'Haïti Achevé d'imprimer en juillet 1993 Port-au-Prince, Haïti

Lyen deyò[edite | modifye sous]

  • Boukman sou thelouvertureproject.org