Solidarite Fanm Ayisyèn

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) se yon òganizasyon feminis ki ap aji pou pwomosyon ak defans dwa fanm nan peyi Ayiti. Li reyini fanm peyizan yo, fanm k ap viv nan katye popilè yo, fanm pwofesyonèl ak inivèsite yo.[1]

Istwa[modifye | modifye kòd]

Avèk chit rejim Duvalier a nan lane 1986, mouvman feminis lan vin relanse nan peyi a. Anpatikilye, aprè mach 3 avril 1986 la kote plis pase 30,000 fanm te pran lari nan kapital ayisyen an pou mande entegrasyon yo "nan tout mekanis pou bati demokrasi pandan y ap mande aksè legal nan koze dwa fondamantal moun ". Mouvman feminis an Ayiti penmèt nou viv yon nouvo epòk.

Nan sans sa, peyi a te temwen kreyasyon yon gwo òganizasyon feminis SOFA (Solidarite Fanm Ayisyen) 22 fevriye 1986.[2]. Misyon li se goumen pou fanm ayisyen libere anba sibòdinasyon, dominasyon, esklizyon ak eksplwatasyon.[3] Pou reyalize misyon sa a, li aji sou plizyè aks tankou : sipò pou fanm ki viktim vyolans seksyèl ak mantal. Nan menm sans lan, SOFA mobilize fanm yo atravè zouti konkrè tankou moulen grenn jaden, yon atelye twal ak yon lekòl fèm feminis. Epi an menm tan tout, li batay sou batay sou sa ki gen rapò ak sèksis epi esklizyon patriyakal.[4]

Yon manm SOFA depi 1987,[5] Lise Marie Déjean, pa sèlman te travay pou kreyasyon Ministè pou Estati Fanm ak Dwa Fanm yo, men li se tou premye moun ki te okipe pòs minis nan ministè sa a.[6]

Depi 2017, se Sabine Lamour ki ap dirije SOFA. Li se doktè nan sosyoloji. Li gen yon manda senk (5) lane li ap ranpli avèk Monique Jeanty, sekretè jeneral, Marie Bernardine Jeudi, trezoryè jeneral. Komite sa te ofisyèlman pran fonksyon li jedi 7 desanm 2017.[7],[8]

SOFA se yon manm nan plizyè gwoup dwa nasyonal ak entènasyonal e li te patisipe nan anpil mobilizasyon entènasyonal tankou Mach Mondyal Fanm nan lane 2000.

Gade tou[modifye | modifye kòd]

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. « Solidarite Fanm Ayisyèn - SOFA ». Retrieved 8 fevriye 2021. 
  2. (franse) fr « L’histoire du mouvement féministe haïtien (Deuxième partie) ». Ayibopost. 2021. 
  3. « Qui sommes-nous? ». Retrieved 2021-02-08. 
  4. (franse) fr « Le féminisme haitien - portrait d'un mouvement fort ». asfcanada.ca. 
  5. Schuller, Mark; Morales, Pablo (2013). Deplasman tektonik : Ayiti depi tranbleman tè a. Translated by François, Jean-Avin. Éditions de l'Université d'État d'Haïti. ISBN 978-9-99355-764-7. 
  6. (franse) fr « Dr Lise Marie Déjean, 25 années de lutte continue pour le droit des filles et des femmes ». Retrieved 8 fevriye 2021. 
  7. (franse) fr « Une sociologue dirige la plus grande organisation féministe d'Haïti ». Archived from the original on 2021-02-08. Retrieved 2021-02-08. 
  8. « Haïti-Genre : La nouvelle coordinatrice générale de la Sofa s'engage à contribuer au renforcement de la lutte féministe ». Retrieved 8 fevriye 2021. 

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]