Sosyoloji

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche

Sosyoloji se yon disiplin ki pèmèt etidye fè sosyal yo avèk aksyon yo sou moun ki ap viv nan sosyete a.

Detout syans sosyal ki gen pou objektif rechèche tout eksplikasyon ak tout konpreyansyon tipikman sosyal, e non pa mantal oubyen biyofizik, ak de fenomèn obsèvab, pou kapab montre bagay sosyolojik.

Men ann Ayiti syans sa ka parèt twò teyorik e baze sou de konsèp ki defini nan de sosyete etranjè ki pa fòseman defini nan sosyete ayisyèn nan. Se pou sa gen yon jenerasyon sosyològ nan peyi sa ki te vle ke Ayiti gen yon lekòl sosyolojik ki ta dedye tèt li pou fè rechèch sou sosyete ayisyèn nan e vini avèk de konsèp ki ta gen sans yo, egzistans yo anndan sosyete sila. Lè sa nou tap gen yon sosyoloji aktif ann Ayiti ki tap plis ke senp imitasyon bèl pawòl ki te di sou lòt sosyete ke nap eseye san siksè adapte a reyalite peyi Ayiti.

Etimoloji[edite | modifye sous]

Istwa[edite | modifye sous]

Sosyoloji a etidye tout entèyaksyon sosyal, ki pwodui yo pa egzanp, selon tout apwòch : debann aktè sosyal yo, debann aksyon sosyal, detout fè sosyal yo, detout idantite sosyal, detout enstitisyon sosyal yo, debann òganizasyon, detout rezo yo, debann kilti yo, debann klas sosyal, debann nòm sosyal konsa ke nan tout antite sa a yo ki pa gen eksplikasyon piman byofizik oubyen mantal e ki se yo ki pwodui pa entèyaksyon sosyal. Yon eksplikasyon sosyolojik kapab wè kòm pwodui de yon demach syantifik e/oubyen entelektyèl, pou nou kapab rann kont, eksplike oubyen konprann yon fenomèn sosyal. Konesans sosyolojik la distenge li de sans komen, ki pèmèt li tou apreyande lavi sosyal, pa Metodoloji syantifik.

Sosyoloji a distribye an de gwo oryantasyon prensipal : youn se rechèch fondamantal ak lòt la se rechèch aplike. Rechèch fondamantal la gen pou objektif apwofondi konesans teyorik sitou pwosesis sosyal yo, tandiske rechèch aplike a gen pou objektif enfliyanse politik piblik. Tou de oryantasyon yo ka anchevetre. Li egziste de (2) tip de metòd an sosyoloji : metòd kalitativ ak metòd kantitativ ; yo ka tou konplamantè. Sosyoloji a ofri twa (3) nivo pou analiz la : mikwososyoloji, makwososyoloji ak nivo tout òganizasyon sosyal, debann rezo sosyal e pou ajantivite (mezososyoloji).

rechèch sosyolojik enfòme politisyen yo e otorite piblik yo, edikatè, travayè sosyal yo, lejislatè, e pou anpil lòt òganis e desidè konsa ke tou sa ki enterese pa rezolisyon pwoblèm sosyal yo. Ki pou anpil sosyològ se yo jodi a ki anplwaye pa debann enstitisyon piblik, debann kolektivite teritoryal oubyen debann antrepriz prive pou fin ekspètize oubyen ke konsiltans.

Referans[edite | modifye sous]

Lyen deyò[edite | modifye sous]