Edikasyon timoun

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
(Depi paj redireksyon « Edikasyon »)
Aller à la navigation Aller à la recherche
Jan Steen (1672)

Edikasyon timoun ap montre kouman lòm ap vini lòm, kouman lòm ap viv avèk lòt lòm.

Etap nan devlòpman entelektyèl timoun[modifye | modifye kòd]

Etap nan devlopman entelektyèl timoun, selon Jean Piaget

Devlòpman[modifye | modifye kòd]

Chanjman natirèl ki fèt nan yon timoun ki ap grandi. Li gen 2 faktè prensipal ki afekte chanjman sa se matirite ak eksperyans. Matirite a ka depann de sante timoun nan ak ras (trè familyal). Eksperyans la depann de kijan moun jwe avèk li epi ki kote li rete, ki sa sosyete a vle li konnen. Lekòl se youn nan faktè sosyal yo. Sa ki pi enpòtan nan lide ki di gen yon sekans devlòpman natirèl nan lespri ak kò timoun, se

1) Plis nou ba li eksperyans ki koresponn ak laj li, plis nap ede li vanse alèz nan pwochen etap la. 2) Eseye montre yon timoun yo leson ki twò fò pou laj li ka pote pèdi tan, dekourajman, ak fè kolè. Tandiske lè ou bay yon timoun eksperyans ki koresponn ak kote li ye nan devlòpman li, ou pa bezwen rele li vin aprann, li ap patisipe san pwoblèm.

Piaget fè yon seri eksperyans avèk timoun depi laj tibèbè jiska adolesans. Li vin divize devlòpman entelektyèl timoun an 4 etap :

Tibèbè depi nesans jiska 2 zan[modifye | modifye kòd]

I) Tibèbè depi nesans jiska 2 zan : sansoryomotris. Timoun nan aprann gras a sans li. Li gen bagay li fè li tou konnen, epi li chare sa li wè oubyen sa li tande. Metòd prensipal li pou li aprann se eseye refè kèk bagay li fè pa aksidan oubyen kèk bagay li wè lòt moun ap fè. Rekonèt manman se antisipasyon : timoun elaji konesans li nan yon domèn. Kiryozite kòmanse devlope ak vizyon Klasifikasyon primitif : li kòmanse wè resanblans… Relasyon primitif : Li kòmanse mèt ansanm mouvman li fè ak rezilta mouvman an

Timoun 1-2 zan[modifye | modifye kòd]

II) Timoun 1-2 zan : Kòmanse wè gen tout yon seri aksyon ki mache ansanm Kòmanse konprann kantite : Mama mam ma tounen mama. Aji mwens pa aksidan, plis paske se vle li vle fè yon bagay Ka rekonèt yon objè menmsi li wè yon pati ladan sèlman, men li pa vreman chèche bagay li pa wè. Devlòpman langaj ap pèmèt nonmen objè yo, donk kounye a li ka kòmanse devlope pèmanans objè paske li ka pale sou sa li pa wè.

2 zan jiska 7 an[modifye | modifye kòd]

III) 2 zan jiska 7 an pre-operasyon, devlòpman senbòl, devlòpman pèmanans, devlòpman ekstrawòdinè nan langaj. Jwèt senbolik : li revize tout sa li wè kòm sekans konpòtman. Li jwe diferan wòl li wè moun ap jwe nan sosyete a. Li manipile anviwònman li. Langaj la vin yon zouti trè trè enpòtan nan devlòpman entelektyèl timoun nan, se yon nesesite ki ede timoun nan devlope panse silansyèz li

7 an jiska 11 an[modifye | modifye kòd]

IV) 7 an jiska 11 an se operasyon konkrè

11 zan[modifye | modifye kòd]

V) 11 zan se operasyon fòmèl

Piaget rele laj timoun preskolè yo etap sensoriomotris ak pre-operasyonèl. Li rele laj timoun 7 a 11 an, laj operasyon konkrè. Timoun ki ap antre nan primè yo se timoun ki nan yon tranzisyon pou yo antre nan etap operasyon konkrè a.

Men kijan chanjman yo ap opere nan diferan domèn entelektyèl:

Chanjman[modifye | modifye kòd]

Klasifikasyon[modifye | modifye kòd]

A) Klasifikasyon : a. Rekonèt yon objè ki tonbe nan yon kategori b. Triye selon yon kategori avèk yon dimansyon c. Klasifikasyon konkrè selon kategori ak sou-kategori

Relasyon[modifye | modifye kòd]

B) Relasyon : Ranje soti nan pi pitit rive nan pi gwo a. Triye an 2 gwoup, piti ak gwo. b. Ranje soti nan pi piti rive nan pi gwo men pa ka pran yon lòt objè pou rantre li nan aranjman ki deja fèt la. c. Kapab ranje objè yo pa lòd gwosè yo fasilman, kapab fè 2 gwoup ki koresponn selon dimansyon yo.

Nimerasyon[modifye | modifye kòd]

C) Nimerasyon a. Timoun nan kòmanse komprann “plis” men lè ou ranje 2 menm kantite objè, li di sa ki pran plis plas la gen plis. b. Timoun nan kòmanse konprann “youn pou chak”, men lè objè yo an dezòd timoun nan gaye. c. Timoun nan vin konprann kèlkeswa jan ou ranje yon pil objè, si ou pa ajoute, ou pa wete, kantite a rete menm.

Konsèvasyon[modifye | modifye kòd]

D) Konsèvasyon : kantite matyè, pwa, volim a. Kèlkeswa lajè yon bokal, timoun nan panse menm wotè vle di menm valè. b. Timoun nan kòmanse pale sou enpòtans lajè veso a men li pa sèten kijan pou li konnen kilès ki gen plis. c. Timoun nan kapab konsève, li konnen kèlkeswa fòm veso a yon valè rete menmsi ou pa ni ajoute, ni retire ladan li.

An jeneral, pandan ane lekòl primè yo timoun yo ap chanje fason panse yo, kapasite entelektyèl yo ap chanje daprè faktè sa yo :

1) Timoun nan fòme jijman li ak kategori li selon sa li wè nan tan prezan, li pa si tèlman konprann dinamik chanjman. Pandan li lekòl li ap devlope konpreyansyon chanjman.

2) Lè timoun nan ap fè konparezon li santre sou yon sèl aspè oubyen karakteristik. Pandan li lekòl li ap apran desantre, konsidere plizyè aspè, plizyè karakteristik.

3) Timoun nan pral vin aprann tou kijan kèk operasyon ak aspè ka revire.

4) Timoun ki fèk ap antre lekòl gen anpil bagay yo kapab fè men yo pa ka pale sou yo oubyen esplike sa y’ap fè. Pandan timoun nan lekòl la ka devlope yon konsyans sou sa li konnen, sa li aprann.

5) Aprantisaj ak memwa pa fòme sou yon sèvo vyèj. Sa timoun nan ka sonje pral depann de sa li deja aprann, de ki etap li franchi deja nan devlòpman li. Konesans li ap fòme ak refòme tout tan selon eksperyans li ak kwasans li.

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]