Pouvwa jidisyè

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aller à la navigation Aller à la recherche

Pouvwa jidisyè a, avèk pouvwa egzekitif la e pouvwa lejislatif la, se youn nan twa (3) pouvwa politik yo ki konstitiye Leta nan yon rejim demokratik ki respekte separasyon pouvwa yo. Li gen pou wòl pou li kontwole aplikasyon lwa yo ak pini si yo pa respekte lalwa. Jij ak majistra yo (ak pafwa, nan yon ti detay nan bon ti mamit, jire yo), baze sou tèks lwa yo (ki ekri pa pouvwa lejislatif) pou egzèse pouvwa jidisyè e pran desizyon.

Ekspresyon « pouvwa jidisyè » a ka gen de (2) sans diferan :

  1. sans òganik : pouvwa jidisyè a dezinye kou yo ak tribinal yo
  2. sans fonksyonèl : pouvwa jidisyè a dezinye posibilite rezoud litij yo

Definisyon[modifye | modifye kòd]

Istwa[modifye | modifye kòd]

Sistèm jidisyè pa peyi[modifye | modifye kòd]

Ayiti[modifye | modifye kòd]

Atik 59 nan Konstitisyon 1987 la deklare : « Sitwayen yo delege egzèsis souverènte nasyonal nan twa (3) pouvwa : pouvwa lejislatif la, pouvwa egzekitif la ak pouvwa jidisyè a ».

Pouvwa jidisyè Repiblik Ayiti a egzèse pa kou yo ak tribinal yo tankou : kou kasasyon an, kou apèl yo, tribinal lapè yo, tribinal premye enstans yo. Pou òganizasyon jewografik, pouvwa sa a trè konplèks nan mitan twa (3) pouvwa yo. Travay ak misyon sistèm jidisyè a se entèprete estrikman lwa yo. Kou kasasyon an fèt ak nèf (9) jij Prezidan Repiblik la nonmen pou yon peryòd dis (10) lane. Jij yo nan tribinal la nan premye enstans yo nonmen pou 7 ane epi yo inamovib, jouk nan finisman manda yo.[1]

Nominasyon jij yo ak renouvèlman manda yo depann toujou pouvwa egzekitif la. kou kasasyon an, pou egzanp, pi wo kò jidisyè nan peyi a, ap fonksyone ak sis (6) anplwaye byenke Konstitisyon an ak lalwa prevwa 12 majistra. Vòt lalwa sou 14 novanm 2007 ki kreye Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) ak etablisman konsèy sa a te adopte senk (5) ane pita yo lwen rezoud pwoblèm lan.

Jij yo ap plenyen pou mank de mwayen pou fè travay yo, miltipliye grèv yo pou mande revandikasyon yo nan kont bidjè Repiblik la.[2]

Nan vodou, pouvwa jidisyè a dezinye lakou yo (bitasyon nan vodou jidisyè a) nan sans òganik e posibilite tranche tichèz ba kay oungan nan sans fonksyonèl.(referans nesesè)

Bèljik[modifye | modifye kòd]

Espay[modifye | modifye kòd]

Etazini[modifye | modifye kòd]

Frans[modifye | modifye kòd]

Kanada[modifye | modifye kòd]

Bibliyografi[modifye | modifye kòd]

  • 2001 : Précis de droit constitutionnel belge - Regards sur un système institutionnel paradoxal de Marc Uyttendaele, Bruylant, Bruxelles, (ISBN 2-8027-1466-X)

Gade tou[modifye | modifye kòd]

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. (franse) fr Bellita Bayard (6 oktòb 2019). « Haïti : crise civique, citoyenne, institutionnelle ou systémique? ». rezonodwes.com. Archived from the original on 2021-05-15. Retrieved 17 septanm 2020. 
  2. (franse) fr Jean-Robert Fleury (11 septanm 2018). « Y a-t-il un pouvoir judiciaire en Haïti ? ». lenouvelliste.com. Retrieved 17 septanm 2020. 

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]