Aller au contenu

Leyogàn (komin)

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Leyogàn (komin)
Leyogàn

vil nan awondisman Leyogàn
Leyogàn (komin)
Leyogàn (komin)
koodone yo lat 18° 30′ 39″ Nò
lon 72° 38′ 02″ Lwès
sipèfisi 385,23 km²
Dessources, Petit Rivière, Grande Rivière, Fond de Boudin, Palmiste à Vin, Orangers, Parques, Beauséjour, Citronniers, Fond d'Oie, Gros morne, Cormiers, Petit Harpon seksyon kominal
aktivite yo kann
popilasyon 181 709 ab.
dansite 472 ab./km²
popilasyon dat 2009
enfo
sitwèb leyogan.com

Leyogàn se yon vil nan peyi Ayiti.

Komin sa a se souprefekti an pou awondisman an ke gen menm non nan depatman Lwès.Li sitiye a 30 kilomèt kapital la pòtoprens.Li gen yon popilasyon 181 709 abitan depi resansman kite fèt nan lane 2009.

Sit Leyogan nan Yagwana te syèj kasik Zaragwa.rwayom sa te dirije pa Bohechio ki te vinn ranplase sè li Anakawona,mari rèn nan ki te Kawonabo tap dirije li menm Magwana. Rèn Anakawona te renmen anpil espanyol yo,li te pataje lanmou sa li te gen pou yo a ak frè li Bohechio.Lè Bohechio mouri,li pat gen pitit ,li kite rwayom nan nan men sè li Anakawona.Se pat sèlman yon pèsonaj politik se te yon powetès epi sanba,li te konn ekri chante.Leyogan te toujou konsidere kom yon kote ki te pwospere plis nan lil Ispanyola. Pami kolon fondatè yo te genyen yon nonm ki te rele Ogeron ki te gouvènè koloni fransè a nan sen domeng an 1665. Nan lane 1669,ou te ka konte sèlman 50 gason ki gen laj pou pote zam, te gen Lestè ki te syèj pawas sen Jak Majè epi ti rivyè ki te syèj pawas sen Jan Batis.An 1694 Ogeron vinn tabli kò li nan site ya ,se sak fè li te vinn kapital koloni an.

An 1691, anglè yo te atake ti rivyè men abitan zòn nan te kouri dèyè yo. An 1701,yo te vle reyini Lestè ak Ti rivyè men diferans opinyon te fè sa pat posib.An 1710,yon dife ti ravaje Ti rivyè kote te rete sèlman 5 oubyen 7 kay ki pat boule ,menm legliz la yo pat rive rekonstwi.

Anglè yo te tounen ankò vin atake Lestè an 1694,nan okazyon sa mesyen Guy Coutard ki te konseye souveren te kanpe dyanm ,men te rive genyen 40 gason ki mouri oubyen blese.

An 1697,konsèy souveren ak siperyè koloni sen domeng lan te transfere Tigwav paske anglè yo te depatya Leyogan.Nan dat ki te 7 dawou 1702,anglè yo te tounen vinn atake ankò men san gran rezilta.Pawas Lestè ya vin kraze sou òdonans nan dat 15 avril 1711.Pawas Sentwoz de Lima, ki chita nan vil la vinn ranplase lòt 2 pawas yo ki te Lestè ak Ti rivyè.

Jewografi

[modifye | modifye kòd]


Demografi

[modifye | modifye kòd]

Komin sa a gen plis pase 200 000 moun.

Administrasyon

[modifye | modifye kòd]

Komin sa a gen vil Leyogàn ak trèz (13) gwo seksyon kominal.

  • Bosejou
  • Citronniers
  • Fond d'Oie
  • Gros Morne
  • Cormiers
  • Petit Harpon

Pèsonalite

[modifye | modifye kòd]
  • Anakawona (1474-1504), Tayino, Kasik Xaragua. Li te dirije yon revòlt kont kolon yo kite sou zile a pa Christophe Colomb. Li te pann aprè revòlt la.
  • Guy Couttard, flibistye, konseye nan konsèy souveren an epi, siperyè nan koloni an. Soti nan yon fanmi ki gen orijin enkoni, li te yon konpayon Jean Ducasse, gouvènè koloni an e li te patisipe nan sak Cartagena an 1697. Desandan li yo te pran non Coutard epi, Coustard.
  • Charles Auger (1640-1705), ki mouri nan Leyogàn, gouvènè Saint-Domingue
  • Anne Pierre Coustard de Massi (1741-1793), ki fèt nan Leyogàn an 1741, pitit pitit gason Guy Couttard,gad kò epi, ofisye nan mousketè wa a, revolisyonè nan Nant, depite Loire-Inférieure nan Asanble Lejislatif la ak Konvansyon an, Gironden, ki pa t 'vote pou lanmò Louis XVI.
  • Charlemagne Péralte (1886-1919), kòmandan sekirite militè rejyon an pandan okipasyon ameriken an an 1915, li te refize depoze zam li epi pote drapo nasyonal la.
  • Castel Demesmin (1900-1957), ki fèt nan Leyogàn, avoka,triben eksepsyonèl, depite pou Leyogàn, Minis enteryè Dumarsais Estimé, manm delegasyon ayisyen an nan ONI pandan siyen Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan Pari an 1948[1]
  • Ossey Dubic (1943-2014), ki fèt nan Leyogàn, pèsonalite penti ayisyèn, mèt lekòl, lektè layik Station Rédemption (de l'Eglise Episcopale d'Haïti).
  • Jean Durandisse, pent kebekwa, ki fèt nan Leyogàn
  • John Fritz Moreau, jounalis, fondatè Juno7.

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. Cf. Michel-Rolph Trouillot, Les racines historiques de l'État duvaliérien, 1986. Le formatage du totalitarisme de Duvalier se fait sous Dumarsais Estimé, dont François Duvalier est ministre.

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]