Aller au contenu

Charlemagne Péralte

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib


Charlemagne Péralte
Image illustrative de l’article Charlemagne Péralte
Chalmay Peralt
Fonksyon
Pèsonalite politik ayisyen
Biyografi
Dat nesans
Lye nesans Ench
Peyi nesans Ayiti
Dat lanmò (ak 34 ane)
Lye lanmò Grann Rivyè dinò
Peyi lanmò Ayiti
Nasyonalite ayisyen
Diplome nan Institution Saint-Louis de Gonzague

François Borgia Charlemagne Péralte, rele Charlemagne Péralte. Daprè sa istoryen yo di, yo pa janm rive antann sou dat nesans li. Pou kèk, li fèt 10 oktòb 1885 nan komin Ench, pou lòt se 1886 nan peyi Dayiti. Epi li mouri 31 oktòb nan Grann Rivyè Dinò. "Charlemagne Péralte" se yon gran politisyen, yon revolisyonè ayisyen, chèf kako [1].

Li te yon revolisyonè ayisyen epi chèf Kako yo, li te opoze ak peyi Etazini fas ak Lokipasyon Ayiti a[2]. Lame amerikèn pran li epi touye li nan Gran Rivyè dinò.[3]

Rezistans fas ak Lokipasyon amerikèn nan[modifye | modifye kòd]

Nan lane 1915, fòs militè lame ameriken vin nan peyi Ayiti a epi okipe peyi a jiska 1934.

Lame a debake nan peyi a san okenn pwoblèm vre sof nan Leyogàn, kote Charlemagne Péralte te kòmandan lame ki te responsab sekirite pat vle dakò ak lokipasyon an ni pou li depoze drapo li san otorizasyon ofisyèl otorite ayisyen yo. Karyèl kòm militè te tou fini la epi li te tou demisyone. Apre li tounen nan vil Ench kote li te fèt la pou li al okipe li de tè fanmi li yo.

Etazini fè vote yon prezidan, se prezidan nan chanm sena a Philippe Sudré Dartiguenave epi fè li siyen yon trete ki se baz legal okipasyon an, ladanl kote yo di yo pran kontwòl dwàn ak admistrasyon piblik yo. Administratè ameriken an gen pouvwa veto sou tout desisyon gouvènaman ayisyen yo pran ak ofisye marin ki nan pwovens yo. Konsa, 40% nan resèt Leta yo pase sou kontwòl Etazini. Lame a vin kraze epi li transfòme an jandam ki gen pou misyon met lòd nan yon premye nivo. Tout ofisye yo te ameriken. Poutan se Ayisyen ki tap dirije tout enstitisyon lokal yo.

Nan lane 1917, prezidan Philippe Sudré Dartiguenave te mande pou kraze asann a paske yo pat vle dakò ak pwopozisyon Konstitisyon ke sekretè lame ameriken te kanpe dèyè li : Franklin Delano Roosevelt. Sa ki te fèt pa Jandamri a ki te kòmande pa Smedley Butler.

Biyografi[modifye | modifye kòd]

Charlemagne Péralte (fèt 1885 oubyen 1886), te yon politisyen ki te popilè anpil nan jenerasyon li an. Li te nan tèt anpil mouvman. Li fèt nan yon fanmi ki te gen lajan. Li te renmen ansèyman se sa ki fè li te pwofesè nan lekòl Saint-Louis de Gonzague. Li te toujou ap viv byen. An 1915, fòs militè Etazini te debake ann Ayiti epi yo te okipe peyi a jiska 1934.

Fòs ameriken yo deplwaye nan peyi a san gwo ensidan sèlman nan Leyogàn kote Charlemagne Péralte kòmandan sekirite militè rejyon an, refize depoze zam ak drapo nasyonal la san li pa te resevwa lòd ofisyèl otorite ayisyen yo. Karyè militè ak administratif li te kraze, li te demisyone epi li te retounen nan vil Ench pou li pran swen tè ​​fanmi an...

Lame a fonn an favè yon jandamri, gen entansyon kenbe lòd entèn yo. Ofisye yo se Ameriken. Men, enstitisyon lokal yo kontinye ap dirije pa ayisyen.

Nan lane 1918, wout yo te bati anba sistèm travay fòse. Reyaksyon popilè a te vyolan. Nan fen ane a, peyi a nan yon eta revòlt. Peyizan ame yo, yo rele "kako", konte jiska 40 000 moun. Lidè ki pi popilè yo te Charlemagne Péralte ak Benoît Batraville ki atake kapital la, Pòtoprens, nan mwa oktòb 1919. Charlemagne Péralte kòmanse arasman fòs Ameriken yo. Avèk kèk vye fizi ak manchèt, kako yo te fè yon rezistans konsa kantite marin yo te ogmante, epi Etazini te vin sèvi ak avyasyon yo pou kontwole teritwa a ak soumèt geriya yo. Ayisyen kite trayi Charlemagne la te rele jeneral Konze. Charlemagne te mistik anpil se pou sa blan meriken pat kapab touye l.

Ameriken yo te trayi Charlemagne Péralte. Yo te touye li nan dat 31 oktòb 1919.

Revòlt ayisyen yo[modifye | modifye kòd]

Ameriken ki te nan peyi a te poze zak rasis. Konpòtman ki te deranje epi revòlte milat yo ak etranje ki te fransè yo[4].

Nan lane 1918, anpil wout fèt nan konbit ak kòve. Popilasyon an komanse reyaji ak vyolans. Nan fen ane a, peyi a te konnen anpil mouvman pou mete fen ak sitiyasyon sila. Te vin gen yon gwoup nan popilasyon an ki te vin gen zam ki te rele Kako,yo te anviwon 40 000. Chèf tout moun te konnen yo se te Charlemagne Péralte ak Benoît Batraville ki te atake kapital la, Potoprens, an oktòb 1919. Charlemagne Péralte t ap chache domine fòs lame ameriken an. Twoup yo pat gen ase zam yo te genyen kèk fizi ak manchèt epi yo te fè yon bon rezistans sa ki te rann efektif solda yo te vin ogmante. Ameriken yo te oblije itilize avyon pou yo te kontwole teritwa ak gwoup ki pat sispann met anbiskad.

Aprè de (2) lane ap goumen, ak soutyen popilasyon an, Charlemagne te vin pwoklame gouvènman pwovizwa nan Nò peyi a, nan lane 1919.

Zèv li yo[modifye | modifye kòd]

  • 1918 li te konstwi anpil wout.
  • Li te goumen pou l libere pèp la.

Bibliyografi[modifye | modifye kòd]

  • 1930 ː Roger Gaillard, Les Blancs Débarquent tome VI : 1918-1919 : Charlemagne Péralte, le Caco, edisyon Roger Gaillard
  • 1990 ː Manifeste et programme politique du Front Charlemagne Péralte de libération nationale, Front Charlemagne Péralte de libération nationale, edisyon Antilles, Pòtoprens

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. Roger Gaillard, Les Blancs débarquent tome VI : 1918-1919 : Charlemagne Péralte, le Caco, éditions Roger Gaillard, 1930
  2. (franse) fr « Haïti : Le souvenir de la mort de Charlemagne Péralte, héros de la lutte contre l’occupation américaine de 1915 ». Retrieved 28 oktòb 2022. 
  3. Cebert, Hermann H. (10 novanm 2013). « Charlemagne Péralte:François Borgia Charlemagne Péralte ». levraidiscoursactuel.com. Le Vrai Discours Actuel de Hermann Cebert. Retrieved 17 oktòb 2022. 
  4. Histoire d'haiti, nouvel edition, Odette Roy fombrun 2015.

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]