James Guerrier
| Nesans | |
|---|---|
| Nasyonalite | |
| Fòmasyon | |
| Aktivite |
Relations publiques |
James Guerrier, ke yo rekonèt sou non Jemix, fèt 24 novanm 1988 nan Pòtoprens (Ayiti). Se yon editè, pwomotè ak piblikis.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]James Guerrier fèt 24 novanm 1988 nan Pòtoprens. Li se yon editè nan " Pòtvwa " e li menm konn kolabore tou ak plizyè lòt medya nan peyi a tankou Loop-news ak Le Nouvelliste . Li grandi nan Matisan 23. Lè li gen 14 lane, gran frè li an mouri sa ki te make lavil aprè se li te pran responsablite fanmi. Li fè etid primè ak segondè li nan Collège Nouvelle Lune aprè li fè etid nan konstriksyon batiman ak elektrisite nan Saint-Trinité answit syans enfòmatik nan UNIKA. Li menm etidye maketing ak relasyon piblik nan Sant pou Etid Diplomatik ak Entènasyonal (CEDI)[1].
Aprè tranblemanntè 2010 la, Jemix te ale rete Tijo, kote li te travay antanke operatè sent apèl nan Noula Ayiti FFondasyon. Nan lane 2012 James te fonde AS-LAH, yon inisyativ ki sipòte jèn, atis ak timoun. Se konsa, li mete aksan sou talan emèjan tankou Baky, Zatrap, AZMOSIS ak Madmax . Li òganize tou evènman chak ane tankou "Jounen pot louvri jwèt ak chan" ansanm ak plizyè santèn timoun chak Desanm pou selebre jwèt tradisyonèl ak gastronomi lokal [2].
An 2018 ak 2019, James te lanse pwojè " Nap Bale ", ki te mobilize plis pase 3 000 jèn volontè nan kesyon sanitasyon. Projè sa te gen kòm patenè Fondasyon Mario Bregard, Lesly Center ak Sani Clean Marie Pòtoprens [3] [4] [5] .
An 2020, James te patisipe nan pwogram NEXT BEAT HAITI EXPORT an kolaborasyon ak AROCH, Inyon Ewopeyen an ak Haiti muzik nan kad fòmasyon jesyon. Anplis efò filantwopi li yo, Jemix te jwe yon wòl enpòtan pwomote mizik kontanporen pa bò lakay nou. Li te menm manadjè atis tankou Paska ak Shoomy, e li te menm fè pati ekip Rockfam la. Jodi a, li se youn nan reprezantan labèl R3volve Haïti, kote li kontinye ankouraje avansman sosyal ak kiltirèl. [6]
A kote aktivite sosyal e medyatik li konn antreprann, lap travay tou antanke atache laprès pou gwoup jazz Harmonik.[7]
2025 lan make gwo etap nan karyè pwofesyonèl James. Li se kowòdonatè biwo kominikasyon minis Katha Verdier. Pòs sa li okipe an pèmèt li mete konpetans li nan sèvis peyi an pandan lap devlope lòt aptitid. Deplis li se responsab maketing DU CSH DIREK, li ap kontribiye nan devlopman vizibilite li.[8]
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « SamPriviose: Une promesse musicale lancée avec "Genesis" | Loop Haiti ». Loop News (in anglais). Retrieved 2024-07-06.
- ↑ « National, International, Politique, Economie, Culture, Sociéte, Editorial . Le Nouvelliste ». www.lenouvelliste.com (in anglais). Archived from the original on 2024-07-06. Retrieved 2024-07-06.
- ↑ « Haiti : vers la 3e édition de l'initiative « N ap bale » | Loop Haiti ». Loop News (in anglais). 2019-04-19. Retrieved 2024-07-06.
- ↑ Times, The Haitian (2019-05-05). « Volunteers Participate in Annual 'Nap Bale' Clean Up Initiative in Haiti ». The Haitian Times (in anglais). Retrieved 2024-07-06.
- ↑ « Submit an Article to Loop Haiti ». Loop News (in anglais). Retrieved 2024-07-06.
- ↑ « Fêtes de fin d'année: As-La a encore fait des heureux | Loop Haiti ». Loop News (in anglais). Retrieved 2024-07-06.
- ↑ « James Guerrier » (in français). 2025-10-25.
- ↑ « plusCode2: Coordinates to 'Plus Code' Conversion Tool ». 2024-04-02. Retrieved 2025-10-26.
- ↑ « R3volve Haïti : un élan prometteur pour la musique haïtienne . Le Nouvelliste ». lenouvelliste.com (in anglais). Retrieved 2024-07-06.