Quand nos Aïeux brisèrent leurs entraves
Apparence
Istwa
[modifye | modifye kòd]Pawòl Chant national
[modifye | modifye kòd]
|
|
|
|
|
|
|
|
Tradiksyon nan kreyòl ayisyen
[modifye | modifye kòd]- 1. Lè zansèt nou kase chenn yo
- Se te pa pou kwaze bra yo
- Pou yo te ka travay pou yo tankou mèt
- Eskav yo, nan yon bataay pwennfèpa, te brave lanmò.
- Larivyè san yo ki te koule tounen angrè pou mòn nou yo
- Men kounye a, se tou pa nou, po jòn ak po nwa annavan!
- Ann fouye tè Desalin kite pou nou an:
- Richès nou, se la li ye, nan zantray tè sa a.
- Koral:
- Lendepandans pap fleri
- Si nou tout pa gen dwa ak egalite!
- Pou nou pile tè sa a ak kè kontan
- Fòk nou kenbe Deviz djanm sa a:
- Bondye! Travay! Libète!
- 2. Twoup Rochambeau yo ki te plen ak fyète
- sispann tire pou yon ti moman
- Pou salye kokenn ewo sa nan Vertières:
- Capois-la-mort, ki kanpe tankou yon mwatye-bondye.
- Pou mete n sou chimen pwogrè, ann rele tankou vanyan potorik nèg sa a :
- "Nou menm Nèg, Annavan! Annavan!"
- Ann travay tè sa a, ki tranpe ak swe esklav yo!
- Se sou tè sa a tout sa nou ap chache lòt kote ye!
- Koral:
- Tout kokenn eritaj sa a ka pèdi
- Si nou tout pa gen dwa ak egalite!
- Pou nou pile tè sa a ak kè kontan
- Fòk nou kenbe Deviz djanm sa a:
- Bondye! Travay! Libète!
- 3. San zanzèt nou ki te koule
- pou sekwe chenn nou yo ak kaba lesklavaj!
- Chavanne, Ogé tonbe sou chimen imilyasyon,
- W menm, zansèt Tousen, w peri nan prizon nan Joux
- Nou menm zansèt nou yo ki te louvri baryè, tout kò nou,
- tout san nou dwe tresayi - nou menm ki te pote flanbo a -
- lè nou wè nou jodia fyè epi lib,
- Voye je sou nou, gide nou depi kote nou ye nan kavo nou!
- Koral:
- Bonè nou ka pa dire;
- Ann pran dwa grandèt nou kote nou tout gen dwa ak egalite!
- Pou nou pile tè sa a ak kè kontan
- Fòk nou kenbe Deviz djanm sa a:
- Bondye! Travay! Libète!
- 4. Mete n nan travay nou menm pitit Lafrik
- Po jòn, po nwa, nou se pitit menm kay!
- Ewòp Ansyen ak jen Lamerik
- Kanpe ap gade nou kap atake konba sa a ak tout fòs nous.
- Ann travay tè sa a depi 1804
- Zanzèt nou yo te rache ak fòs ponyèt yo.
- Se tou pa nou kounye a pou n batay
- Ak pawòl vanyan sa a: Pwogrè oswa lanmò!
- Koral:
- Mete n nan travay oswa tout eritaj sa ap depafini
- Ann pran dwa grandèt nou kote nou tout gen dwa ak egalite!
- Nap ka pile tè sa a ak tèt nou byen wo, pi fyè toujou
- Ak Deviz djanm sa a:
- Bondye! Travay! Libète!
Gade tou
[modifye | modifye kòd]Referans
[modifye | modifye kòd]Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- (franse) fr Istwa im ayisyen an 1893 sou premye.ht
- (franse) fr Santenè lanmò gwo powèt la sou 22 avril 2006 sou alterpresse.org