Pétion Savain
Nesans |
Pòtoprens |
---|---|
Lanmò |
Pòtoprens |
Nasyonalite | ayisyen |
Peyi nesans | Ayiti |
Diplòm |
Ecole Nationale de Droit |
Pétion Savain, ki fèt 15 fevriye 1906 nan Pòtoprens (Ayiti) epi ki mouri an 1973 nan menm vil la, se yon atis ayisyen, avoka, pwofesè, ekriven ak jounalis.
Yo konsidere li kòm youn nan premye pent Ayisyen ki te jwenn siksè e ke moun te vin konnen an deyò Ayiti. Li reprezante youn nan pi gwo lidè nan Mouvman Endijèn ki te kòmanse an Ayiti nan lane 1920 yo ki te gen kòm objektif pou onore kilti ayisyèn an, rasin peyi a ki soti an Afrik ak valè peyizan yo. Konsyans sa te kòmanse fòme nan mitan atis yo sou Lokipasyon Amerikèn ki te kòmanse an 1919 paske yo te soufri anpil nan men blan Meriken an ki te trete yo kòm enferyè paske yo te rasis e ki pat bay kilti ayisyen ak sosyete a anpil valè.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Pétion Savain te fèt 16 fevriye 1906 nan lavil Pòtoprens. Li te fè etid li nan lekòl St. Louis de Gonzague e li te premye aprann pentire nan lekòl vokasyon atis yo rele J.B. Damien. Misye te kòmanse pentire tablo pou lwazi, men se metye avoka li t'ap aprann pwofesyonèlman. Li jwenn diplòm inivèsitè li nan dwa an 1931. An 1930, te gen yon atis ameriken nwa yo rele William Scott ki te ale an Ayiti.[1],[2] Lè li te rankontre Savain an 1931, li te ankouraje li pentire sèn de lavi lokal Ayiti, fòklò, e lòt bagay sosyal. Se nan jan sa nou vin konnen non Pétion Savain e se estil sa ke plizyè ti atis a travè Ayiti toujou ap imite. Menm William Scott sa a te entwodui Savain nan salon kote magazin yo te rele Revue Indigène te konn enprime. Jacques Roumain ki te yon gwo ekriven ayisyen se te youn nan moun ki te fonde Revue Indigène, e magazin sa-a te an tèt Mouvman Endijèn ki te an fonksyonman nan lane ventèn jiskaske an lane senkantèn yo. Anpil lòt enpòtan ekriven ayisyen tankou Jean Price-Mars, Phillipe-Thoby Marcelin, Pierre Marcelin, Emile Roumer, Carl Brouard te konn ekri ladan li. Se konsa nou komanse vin rekonèt Savain kòm youn nan lidè Mouvman Endijèn lan ki te pran li pou bi pou li te leve kilti ayisyèn an.
Nan lane 1935, yon atis yo rele Xavier Amiama te kite peyi'l nan Dominikani pou li etidye nan estidyo Savain. Ansanm, yo fè anpil ane ap pentire e aprann nan men lòt. Nan lane 1941, li kite Ayiti ale Nou Yòk pou li ale etidye penti miray avèk Jean Charlot, estil klasik yo rele tempera ou byen tranpe nan ze (nan Franse : détrempe à l'œuf) avèk Stephane Hisch, e teknik grave planch ou byen bwa nan men John Taylor Arms nan New York Art Students leage. Lè li tounen Ayiti, li pwodui anpil tablo e de 1950 a 1956 te ekri yon kolòm nan yon jounal. Dat li mouri an pa vrèman sètan. Pifò moun kwè se lane 1975 li desede, men gen sous ki plase li mouri anvan sa nan lane 1973.
Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]An 1939, Savain te ekri yon liv yo rele La Case de Damballah e se lè sa tou, li te kòmanse ekspoze anpil tablo li Kiba. Liv sa a pat tradui an anglè, men te popilè an Ayiti paske li te youn nan premye liv ki te eksplore kilti peyizan an, seremoni vodou ak lavi moun nan provens.
Anpil tablo Savain san tit, men nou rekonèt anpil tèm ki toujou parèt ladan yo. Se li menm ki te fè tablo machann ou byen sèn nan mache popilè. Estil sa a vin kopye pa milye atis ayisyen pou jis nan tan kounya. Li te konn pentire dans afrikèn, seremoni vodou, e sèn nòmal de lavi nan Pòtoprens. Sijè tablo li yo preske se tout fanm yo ye.
Liv
[modifye | modifye kòd]- La Case de Damballah
- Les Œuvres Nouvelles
Penti
[modifye | modifye kòd]Tablo Petion Savain vann nan plizyè galri a travè latè ak anpil gwo zanchè. Enpe tablo li te pentire :
- Trois femmes (Twa (3) fanm)
- Mère et enfant (Manman ak pitit)
- Market scene (Sèn nan mache) series
- Maternité (Matènite)
- Deux femmes (De (2) fanm)
- Les Vendeurs (Machann yo)
- Boy with yoyo (Tigason ak yoyo)
- Market on the hill (Mache sou mòn)
- Marchandes de Poissons (Machann pwason)
- The Marahani
- Housewives
Rekonpans
[modifye | modifye kòd]- Meday IBM nan Treasure Island World's Fair
- Yon twofe nan Gallery of Science and Art an 1939
- Yon twofe nan Pan-American Airways an 1933
Gade tou
[modifye | modifye kòd]Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ Gérald Alexis (26 oktòb 2016). « L’indigénisme haïtien : des artistes du mouvement (I) » (in français). Le Nouvelliste.
- ↑ Gérald Alexis (8 novanm 2016). « L’indigénisme haïtien : Des artistes du mouvement (III) » (in français). Le Nouvelliste.
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Kèk penti li fè sou artshaitian.com