Oswald Durand
Charles Alexis Oswald Durand[1], ke yo konnen plis sou non Oswald Durand fèt 17 septanm 1840 nan vil OKap nan depatman nò (Ayiti). Li se ekriven ayisyen, konsidere tou powèt nasyonal peyi an. Li mouri 22 avril 1906 nan Pòtoprens (Ayiti).
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Li te fèt 17 septanm 1840 nan Okap. Li te pitit pitit gason bawon Vastey ke yo rele Pompée Valentin Vastey. Manman li te rele Aricie de Vastey e papa li menm Louis Dolcé Durand. Tranblemanntè 18 me 1842 ki te pwodui nan epòk lan ta pral rann li ofelen. Li te pèdi manman l ak papa l nan katastwòf lan. Men li menm ak sè li Juliette te sòti vivan. Yo ta pral ta pral viv ak grann manman yo. Oswald grandi Wanament, li pral ekri premye powèm li lè li gen sèzan (16). Li te pwofesè apre sa li te vin direktè nan lise.
Li pral marye pou premye fwa nan lane 1863 avèk Virginie Sampeur, yon pwofesè popilè ak fanm powèt, ke yo konnen nan literati ayisyen kòm premye powentès peyi an konnen.[2] Yo pral divòse iut (8) lane aprè. Oswald remarye yon mwa aprè sa a avèk Rose Thérèse Lescot. Li te gran fonksyonè (sekretè nan Konsèy Minis lan an 1868, aprè li vin delege an 1885). Li reyeli jiska sis (6) fwa. Answit li prezidan chanm lan 3 lane aprè. Li te menm tou jounalis e te fonde yon kou Nan ki pote non Les Bigailles. Nan lane 1883 yo ta pral menm arete li pou ideyoloji politik li, se la yo di ke l ekri powèm Choucoune lan, tèks li genyen ki pi popilè ekri nan lang kreyòl. Avèk mizik Michel Mauléart Monton tèks sa a prèske atenn pou ayisyen estati dezyèm im nasyonal peyi an. Yo menm adapte li nan lang anglè sou tit sa a Yellow Bird li pral plis popilè pa Harry Belafonte. Powèm sa a literalman wvayaje toupatou nan mond lan. Ekstrè de tèks Choucoune lan :
- Ti zwezo nan bwa ki tape koute
- Ti zwezo nan bwa ki tape koute
- Lè mwen sonje sa
- Mwen genyen lapenn
- Ka depi jou sa
- De pye mwen nan chenn
- Lè mwen sonje sa
- Mwen genyen lapenn
- Ka depi jou sa
- De pye mwen nan chenn
Nan lane 1888, Oswald Durand ta pral konkretize youn nan pi gwo rèv li yo, li te rantre Lafrans kote yo resevwa li nan Société des gens de lettres pa yon gran nan domèn literati ki rele François Coppée. Powèm li Chant national te vini im prezidansyèl peyi a. Li pa te jouk 1896 ke li kolekte powèm yo li te bay jounal pou ven ane, nan de (2) liv rele "Rires et pleurs". Oswald Durand konsidere kòm powèt la nan renmen. Li pat sèlman powèt men li te egalman pent epi mizisyen.
Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]- 1872 : Ces Allemands
- 1883 : Choucoune
- 1893 : Quand nos Aïeux brisèrent leurs entraves, chan nasyonal ak im nasyonal peyi Ayiti soti 1893 rive 1904.
- 1896 : Rires et Pleurs
- 1899 : Quatre nouveaux poèmes
- Choucoune : nou genyen kèk ekstrè
1. Dèyè yon gwo touf pengwen Lòt jou mwen kontre Choukoun Li souri lè li wè mwen Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!" Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!" Li di: "Ou trouve sa chè?" Ti zwezo nan bwa ki tape koute Ti zwezo nan bwa ki tape koute Kon mwen sonje sa Mwen genyen lapenn Ka depi jou sa De pye mwen nan chenn Kon mwen sonje sa Mwen genyen lapenn De pye mwen nan chenn 2. Choukoun se yon marabou Je li klere kou chandèl Li genyen tete debou A si Choukoun te fidèl A si Choukoun te fidèl Nou rete koze lontan Jis zwezo nan bwa te parèt kontan Jis zwezo nan bwa te parèt kontan Pito bliye sa Se twò gran lapenn Ka depi jou sa De pye mwen nan chenn Pito bliye sa Se twò gran lapenn De pye mwen nan chenn 3. Ti dan Choukoun blan kou lèt Bouch li koulè kayamit Li pa gwo fanm, li gwosèt Fanm konsa plè mwen touswit Fanm konsa plè mwen touswit Tan pase pa tan jodi! Zwezo te tande tout sa li te di Zwezo te tande tout sa li te di Si ou sonje sa Yo dwe nan lapenn Ka depi jou sa De pye mwen na chenn Si ou sonje sa Yo dwe nan lapenn De pye mwen na chenn 4. Nale lakay manman li Yon granmoun ki byen onèt Sito li wè mwen li di: "A mwen kontan sila nèt" "A mwen kontan sila nèt" Nou bwè chokola nwa Eske tout sa fini, ti zwezo nan bwa Eske tout sa fini, ti zwezo nan bwa Pito bliye sa Se two gran lapenn Ka depi jou-sa De pye-mwen nan chenn Pito bliye sa Se two gran lapenn De pye-mwen nan chenn 5. Yon ti blan vini rive Ti bab wouj, bèl figi wòz Mont sou kote, bèl chive Malè mwen, li ki lakòz Malè mwen, li ki lakòz Li trouve Choukoun joli Li pale Franse, Choukoun renmen li Li pale Franse, Choukoun renmen li Pito bliye sa Se two gran lapenn Choukoun kite mwen De pye mwen nan chenn Pito bliye sa Se two gran lapenn De pye mwen nan chenn
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Durand, 100 ans après . Le Nouvelliste » (in anglais). Retrieved 2023-10-29.
- ↑ « Dictionnaire universel des créatrices » (in français). 2021-12-11.
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Oswald Durand sou ile-en-ile.org
- Le fils du noir d'Oswald Durand sou sitwèb poeme.a-lire.fr