Wanament (komin)
Wanament (an fransè ː Ouanaminthe, an panyòl Juana Méndez) se yon komin nan peyi Ayiti.
Komin sa a se souprefekti a pou awondisman an ki gen menm non. Li sitiye nan fwontyè ant Repiblik dominiken ak Ayiti a, nan depatman Nòdès.
Jewografi
[modifye | modifye kòd]Wanament toupre fwontyè ak vil la vwazin, Dajabón ki sitiye nan teritwa a Repiblik Dominikèn. De (2) lavil yo separe pa Rivyè Masak.
Demografi
[modifye | modifye kòd]Vil la gen 96 515 moun[1] (estimasyon 2009).
Istwa
[modifye | modifye kòd]Nan tan kolonyal, Fransè yo te fonde vil la ̈kòm yon anvanpòs ak yon sant komès avèk Panyòl yo.
Sou 18 oktòb 1933, prezidan ayisyen Sténio Vincent rankontre diktatè Repiblik dominikèn, Rafael Trujillo nan Wanament.
An 1937, Trujillo te voye lame li a pou masakre 30 000 travayè ayisyen. Yo te depòte li, nan vil Dajabón. Anvan dat sa a, larivyè Dajabón te rele larivyè Masak.
Administrasyon
[modifye | modifye kòd]Komin sa a genyen senk (5) seksyon kominal :
Ekonomi
[modifye | modifye kòd]Ekonomi lokal la an pati baze sou komès ak kontrebann avèk peyi vwazen an.
Tabak ak pistach yo grandi la epi yo pratike apikilti.
Nan Wanament, gen yon plan pou tabli yon zòn franch kote endistriyalis yo t ap bay avantaj taks, sa ki enkyete kiltivatè yo akòz menas endistriyalizasyon sa a ta poze sou tè yo.
Pèsonalite
[modifye | modifye kòd]- Marie-Louise Coidavid, Rèn Ayiti, madanm wa Henri Christophe, Henri I
- Joseph Davilmar Théodore, Prezidan Ayiti
- Jean Alfred, ansyen depite Kebèk ;
- Elisma Florvil, depite 50yèm lejislati nan Palman ayisyen an, avoka nan bawo Fòlibète, ak antreprenè.
- Jean-Baptiste Bernard Viénot de Vaublanc, ofisye nan lame fransèz la ;
- Jean-Baptiste Dureau de La Malle, ekriven, tradiktè otè laten
- Haveson B. Florvil (1989-), antreprenè ak oratè
- Antoine Eustache d'Osmond (1754-1823), kont Premye Anpi ak prela fransè, ki fèt nan Wanament.
- Roobens Philogène pi gwo bitè (23 gòl nan 21 match) nan chanpyona nasyonal
- Eugène Ricard, konsèptè (Chanpyon Konpetisyon)
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ fr Population totale, par sexe et population de 18 ans et plus estimées en 2009, au niveau des différentes unités géographiques sur le site de l'Institut haïtien de statistique et d'informatique (IHSI)