Masak ayisyen an nan 1937
Masak ayisyen an nan 1937, rele tou masak nan pèsi, se yon seri de mètriye ki te komèt nan mwa oktòb 1937 aprè desizyon an ke Prezidan an nan Repiblik Dominikèn, Rafael Leónidas Trujillo Molina, fizikman elimine Ayisyen ki ap travay nan plantasyon nan peyi a. Masak sa a te rele tou Kouto-a pa Ayisyen yo ak El Corte ("tas la"). Li te pran plas sitou ansanm bank la Dominikèn nan larivyè Dajabon ki make kou nan zòn Nò fwontyè a ant de (2) peyi yo. Plis pase 52,000 Ayisyen, gason, fanm ak timoun, te mouri.
Kontèks
[modifye | modifye kòd]
Pandan tout dizèn ane yo pandan toutan sa a anpil Ayisyen ap travay nan chan ak ki se kann nan pwofi pou konpayi sik amerikèn ak dominikèn. Yon jou prezidan Repiblik dominikèn, Rafael Trujillo, te deklare li dwe regle pwoblèm sa a e li bay lòd mete yo kadav.[1] Eske yo jwenn jistis ? Sa a yo te fè ki dwa pou yo masakre yo, pou avanse fwontyè a ? Paske aprè masak la sou fwontyè a tou prezidan an fè vini yon pakèt pwostitye panyòl pou blanchi fwontyè a, Ayisyen sa a yo merite jistis e fòk yo jwenn ni. Restitisyon e Reparasyon pou viktim sa a yo leta dominiken dwe vèse 100 000 dola ameriken chak àne ak leta ayisyen pou lavi viktim sa a yo.
Masak la
[modifye | modifye kòd]Nan nwit 2 oktòb 1937, yon masak òganize ak manchèt ki al fè ant 547 e 12 166 mò selon minis zafè etranjè tou de peyi yo, plizyè milye pou laplipa bann sous yo.
Tanmen premye jou ki pou makakriyèz sa a, prezidan Trujillo deplase, li menm vin Dajabon e pwononse yon alokisyon komantan evènman an : "Depi kèk mwa, m nan vwayaje e travèse fwontyè a nan tout sans yo pou mo. Pou Dominiken yo ki ap plenyen pou dappiyanp Ayisyen ki ap viv pami yo ap fè, nan vòlò bèt, pwovizyon, fwi, elt., e se yo ki anpeche ke yo pa ka jwi anpè fwi travay yo, m reponn, « m pral korije sa ». E nou gentan deja kòmanse nan remedye ak sitiyasyon an. Twa san (300) Ayisyen gentan mouri jodi a nan Banica. Remèd sa a pral pouswiv toujou.[2]
Pandan prè yon semèn, sòti 2 pou rive 8 oktòb 1937, Ayisyen yo pral kadav ak kout fizi, ak kout manchèt, bann gouden e bann kouto yo pa twoup dominikèn, sivil dominiken e tout manm otorite yo politik lokal dominiken yo. Pou ogmante kantite mò yo nan anpeche Ayisyen yo kouri kite peyi a, pon prensipal ant Repiblik dominikèn e Ayiti, sou rivyè Dajabon nan, te gentan fèmen.
Malgre tantativ pou blame konpòtman sitwayen dominiken yo, yo konfime nan bon timamit sous amerikèn ke « bal yo ki pou fizi Krag-Jørgensen ke yo te jwenn an gran kantite nan kadav yo, e ke sèl sòlda dominiken ki posede tip fizi sa yo [3] ». Pa konsekan, masak la sou Ayisyen gentan te yon aksyon kalkile pa diktatè Rafael Trujillo pou homogénéiser popilasyon an nan zòn fwontalyè a e detwi anbriyon sa k pou « repiblik Ayisyèn nan» ki tap dekri yo , otorite dominiken yo pou epòk la fas ak enpòtans ki pou imigrasyon Ayisyen an nan peyi a. majorite ki se Ayisyen yo touye yo, lè nan semèn san tap koule a, sete moun ki te fèt an Repiblik dominikèn kite rele Ayiti espanyòl.
Masak sa te pote non tou « massacre du Persil » oubyen « opération perejil» sòlda dominiken yo te gen yon branch pèsil ke yo te prezante devan Ayisyen sa yo, yo te egzije yo pwononse li an panyòl « persil » (an panyòl : perejil), kòm kesyon « sa sa ye » an panyòl. Se te yon veritab shibboleth, ki te difisil pou tout Ayisyen pwononse, akòz de prezans lèt R nan mo persil ou perejil.[4],[5]
Konsekans
[modifye | modifye kòd]Rejim dominiken an al fèmen fwontyè a ki ant li ak Ayiti a, pou pèmèt, aprè filtraj, rive travayè ayisyen yo, nan demann ki pou bann sosyete sikriyè amerikano-dominiken yo. Touyerache, lòt masak pi rèd nan kòmansman ane yo ki vin aprè a. Travayè Ayisyen yo te mouri tou akoz grangou, fredi, ak malarya.
Finalman, Prezidan ameriken Franklin D. Roosevelt ak Prezidan ayisyen Sténio Vincent te mande yon endemnite $750,000 (ekivalan a $13 milyon dola jodi a), pami yo se sèlman $525,000 (ekivalan a $9 milyon dola jodi a) yo te peye; sa vle di, $30 pou chak viktim, pami yo se sèlman 2 santim yo te bay sivivan yo, akòz koripsyon nan biwokrasi Ayisyen an. [sitasyon nesesè]
Depi 1946, yo te depoze ka pou pote ka a devan Tribinal Kriminèl Entènasyonal la nan Nasyonzini nan Nouyòk. Li pa pwobab pou gen yon pwosè, sitou paske anpil nan moun ki te komèt masak yo te mouri depi 1937.
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ Eric Paul Roorda, The Dictator Next Door: The Good Neighbor Policy and the Trujillo Regime in the Dominican Republic, 1930-1945, Durham, Duke University Press, 1998.
- ↑ Lee Turtis Richard, « Un monde détruit, une nation imposées : le massacre haïtien de 1937 en République dominicaine », Hispanic American Historical Review numéro 82, mars 2002, p. 613
- ↑ Peguero Valentina, La militarisation de la culture en République dominicaine : le capitaine général Trujillo, Lincoln, University of Nebraska Press, 2004, p. 114.
- ↑ Robert Pack et Jay Parini, Introspections, éditions when ed.
- ↑ Alan Cambeira, Quisqueya la bella, M.E. Sharpe, 1996 (ISBN 1563249367), p. 286
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Le massacre des Haïtiens en République dominicaine par Louis-Philippe Dalembert sou lenouvelliste.com