Lame endijèn

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Toussaint Louverture, jeneral nan lame endijèn

Lame endijèn (kreyòl ː lanme natif natal, an fransè ː Armée Indigène), rele tou lanme Sen Domeng (an fransè ː l'Armée de Saint-Domingue), te yon gwoup moun nan koulè, nwa lib; afranchi, milat; ak esklav ki goumen nan Revolisyon Ayisyen.

Kreyasyon nan lane 1530 pa Kasik Anri nan Baoruco libere anba Panyòl nan Batay Baoruco ak Armée indigène nan te pot lavitwa sou lame panyòl la Séoul jeneral lan Kasik Anri te kite vivan Valenzuela.

Premyè liberasyon zile a sou deklarasyon : "Ale remèsye Bondye paske mwen kite ou, ou vivan pa janme retournen isit ankò". Kasik Anri

Afriken ki te avèk Kasik Anri yo fòme lame a. Yo te vin sou zile a depi 1517 nan Ispanyola se Panyòl yo ki te ale chèche yo pou yo te ka vin travay aprè Endyen yo te al kache Baoruco pi fò te pran kanntè pou Amerik di nò, Kiba, elatriye. 1520 nèg afriken yo mawon y al Baoruco. Tout Ciboney yo te mouri men Karayib yo ak Tayno no te mawon vin mele ak Afriken yo.

Demobilize nan lane 1915 pa okipasyon amerikèn. 1934 lame pèpè ameriken an te sou pye FADH ki te demobilize 1994 lame endijèn nan reyòganize sou prezidan Jovenel Moïse 18 novanm 2017.

Istwa[modifye | modifye kòd]

Zile Ahatti Qisqeyaha Bohio se te kapital anpi Tayno yo li te ye, li te gen yon gran konsèy e senk (5) kasik an tayno katchik ki vle di Wa e chak wa asiste pa yon Tayno e chak Tayno pa yon Nitayno. Tout karayib la se te pwovens lan anpi Tayno yo.

Tribi ki te ap peple Ahyti se te Arrawak e Karayib. Tribi Arrawak yo te pezib men tribi KARAYIB yo se te moun chose ki te renmen fè gè yo menm fè konprann moun sa yo te konn manje moun.

Kristòf Kolon rive Ayiti li te jwenn ni divize nan senk (5) Wayòm oubyen katchika senk (5) kasika yo te rele : Magua, Maryen, Xaragua, Maguana, e Higuey.

Chèf ki pou yon Katchika rele : Katchik.

Katchik ki pou Magua a rele ː Guarionex

Kristof Kolon ak Panyòl ki te avèk li yo te debake nan Katchika ki pou Maryen kote Tayno yo ki trankil yo te ye a. Katchik la te rele : Guacanagaric.

Katchik ki pou Xaragua a te rele : Bohechio.

Ki te ranplase pita pa rèn Anakawona.

Katchik Maguana a te rele : Kaónabo.

Katchik ki pou Higuey a te rele : Kotubanama.

Bohiono yo ke Kristof te rele endyen yo te ap viv nan yon gwo vilaj yo te ap obeyi ak yon chèf vilaj ki te yon sou Katchik.

Anvan rive Panyòl yo, Bohiono yo te ap viv alèz san yo pa te gen egzijans pou fòse yo travay ki ap fatige yo.

Bohiono yo te renmen danse rara, pran repo anpil ak seremoni relijyèz yo tankou seremoni ki te fèt nan kongrè bwa Kayiman an yo te konn chante Areytos ki te ton pwezi ki te konpoze pa Sanmba yo e Butios se te prè yo. Yo te adore pyebwa, sous dlo, bèt, lanmè, sitou solèy ak lalin.

Bondye yo se te Zémès.

Manje yo se te fwi ki te soti nan forè yo, pwodui yo te pran nan lachas yo e kèk viv fasil pou kiltive tankou patat, mayi, manyòk, ak sa yo fabrike yo tankou kasav. Yo te konn tise koton travay ak pay pou fè bale, ak bèl bagay atizanal e hanmak yo, ak tè gra yo te fabrike potri ak pip, yo te konn travay wòch ki di anpil avèk sa yo te konn fè Zémès yo, rach yo ak sizo yo.

Rach yo ak sizo yo ki fèt avèk wòch yo sèvi pou fè travay tankou fouye piwòg yo nan twon bwa yo. Bohiono yo te abiye ak yon jip kout ki rele Pay. Timoun yo te rete Toutouni.

Yo te fè yo bèl ak plim jako e yo te konn badichonnen kò yo ak tenti wouj ki se woukou.

Lè li te rive jwenn Amerik jouk te 12 oktòb 1492 lan Kristof Kolon nèk debake nan yon ti zile ke li te rele : San Salvador.

Nan moman dekouvèt la an 1492 te gen anviwon yon milyon Bohiono yo te rele endyen nan Ahatii Qisqeyaha Bohio.

Guacànagaric te resevwa yo avèk anpil onè lè Santa-Maria a te fè nofraj la pa twò lwen ki pou Kap Ayisyen li te ede Kristof Kolon. Li te bay li yon teren e li bati yon fò ki te rele Nativitad a se te ak debri Santa-Maria a li te konstrui li kote fò sa a te bati a rele jodi a Karakòl (Catacol) kou fò a te fin bati li te tounen an Espay li te kite nan fò a trant nèf Panyòl. Li te bay yo lòd trete Bohiono yo byen avèk bonte e jistis. Panyòl ki te rete yo, te meprize lòd yo ke Kristof Kolon te bay yo a yo te maltrete Bohiono yo e vòlè sa a yo gen tankou byen eske jounen jodi a se yon bèl souvni pou n kite yo ap rele Zile san gran paran nou yo koule pou li a ankò Ispanyola ? Kot sans jistis nou kont krim ki pou limanite sa a.

Lis jeneral yo[modifye | modifye kòd]

Komandan an chèf[modifye | modifye kòd]

Jeneral divizyon[modifye | modifye kòd]

Brigadye-jeneral[modifye | modifye kòd]

Òt jeneral[modifye | modifye kòd]

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. (franse) fr « André VERNET ». sites.rootsweb.com. 20 jen 2010. Retrieved 20 fevriye 2021. 
  2. (franse) fr « Paul Romain ». sites.rootsweb.com. 20 jen 2010. Retrieved 20 fevriye 2021. 
  3. (franse) fr « Pierre CANGÉ ». sites.rootsweb.com. 20 jen 2010. Retrieved 20 fevriye 2021. 
  4. (franse) fr « Louis Laurent BAZELAIS ». sites.rootsweb.com. 20 jen 2010. Retrieved 20 fevriye 2021. 
  5. (franse) fr « Jean-Jacques HERNE ». sites.rootsweb.com. 20 jen 2010. Retrieved 20 fevriye 2021. 
  6. (franse) fr « Yayou ». sites.rootsweb.com. 20 jen 2010. Retrieved 20 fevriye 2021. 

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]