Wikipedya:Wiki pou Dwa moun 2023
Wiki pou Dwa Moun 2023
[modifye | modifye kòd]Objektif kanpay Wiki pou Dwa Moun 2023 a (#WikiForHumanRight) se pou asire tout moun gen aksè ak enfòmasyon net, ki baze sou reyalite, ak aktyalite sou Dwa nou pou yon anviwònman ki an sante. Dwa ak yon anviwònman ki an sante se alafwa yon dwa legal Nasyonzini rekonèt, men tou, yon fason pou konekte dwa moun ak twa kriz planetè nou fè fas yo : chanjman klimatik, polisyon, ak pèt biyodivèsite. Jan Pwogram Anviwònman Nasyonzini an te souliye: nou bezwen fè lapè ak Lanati, epi dwa moun yo dwe nan mitan solisyon yo.
Wòl Wikipedya pa janm gen plis enpòtans pase kounye a. Tout moun toupatou bezwen aksè ak enfòmasyon sou fason chanjman klimatik oswa degradasyon anviwònman an afekte lavi yo. Nou ka ogmante konesans sou sistèm natirèl ki an sante kote tout moun depann dlo y ap bwè, lè y ap respire, manje y ap manje ak resous yo bezwen. Avèk Wiki pou Dwa Moun ane sa a, n ap konsantre sou enplikasyon dwa pou yon anviwònman an sante sou moun ki ap fè fas ak twa kriz planetè yo: chanjman klimatik, pèt divèsite biyolojik, ak polisyon.
Estatistik sou eta anviwònman an nan peyi Dayiti, koz avèk konsekans.
[modifye | modifye kòd]Ayiti ke lontan yo te konn rele "Perles des Antilles" se yon peyi ki te gen yon anviwònman ki rich, ki pwòp, kote rivyè yo te bèl, yo te pwòp, mangwòv yo te anpil e yo te toujou ap ranpli wòl yo sitou nan vil Okap, vil yo te toutou netwaye, yo te pwòp e yo te san fatra. Peyi sila te chaje ak anpil pyebwa anpil lòt divès richès. Pyebwa sa yo te kouvri ,nan lane 1960, 60% teritwa nasyonal lan. Men sa te vin chanje, pousantaj ansam pyebwa sa yo te vin bese anpil, li pase ak 13.6% nan lane 2000, 3.5% nan lane 2011, 2% pou kounya. Se pa sèlman pyebwa yo ki te vin bese , anviwònman an nan tout sans vin mal, rivyè yo pa pwòp ankò, vil yo chaje fatra, mangwòv yo ap disparèt, fatra ap miltpliye nan tout kò peyi an elatriye. Gen plizyè bagay ki eskplike kisa ki fè anviwonman peyi an ap degrade konsa.
- Deforestasyon (Koupe pyebwa pou fè chabon ak mèb).
92% nan popilasyon ayisyen an itilize chabon pou fè manje.Daprè FAO, 10000 sak chabon itilize chak jou nan peyi an. Pou sa, 12 rive nan 30 milyon pyebwa koupe chak ane. Nou tout konnen ke pyebwa bay lavi, dayè li pèmèt nou jwenn oksijèn pou nou respire, li bannou manje epi li bannou bon van ak lonbway. Li pa selman fè sa yo selman ,li patisipe nan sik dlo an, nan fenomèn lapli an tou, li pwoteje e konsève tè an. Li ede nou kont glisman tè, ak inondasyon. Ki donk koupe yon pyebwa mache avek anpil konsekans, tankou:
- Akselere ewozyon ( glisman teren). Genyen 40 milyon tòn tè ki ale nan lanmè chaK ane paske yo pa jwenn pyebwa ki pou kenbe yo.
- Akselere bès plivyometri an. Akoz pyebwa yo nap koupe an, vin genyen mwens enfiltyrasyon, donk dlo yo mwens antre nan tè an,sa ki vin diminye plivyometri an (lapli an). Nou ka remake nou fè fas anpil avèk sechrès kote moun yo ap plenyen yo pa jwenn dlo paske lapli pa vrèman tonbe. Sa vin fè genyen 70 % nan rekòt yo ki pèdi, sa ki bese pwodiksyon nasyonal lan epi ki fè pri pwodui yo monte. Aksè ak dlo vin pi redwi tou, kote ke 42% nan popilasyon ayisyen lan pa toujou gen gen aksè ak dlo potab e 72% nan yo pa gen latrin.
- 10/17 espès andemik mamifè disparèt.
- Kèk espès ( fwitye, fofestye..)menase pou yo disparèt,oubyen yo vin pi ra pou jwenn.
- Tè agrikol yo kap diminye
Peyi an chaje moun e kantite moun yo ap vin pi plis chak jou. Moun sa yo bezwen kote pou rete. Anpil ladan yo al ret sou tè ki ta dwe itlize pou zafè agrikilti.Nan konsa yo konn koupe pyebwa ki sou yo. Sa ki vin fè vin gen mwens plant pou sik dlo an ak fenomèn lapli an epi pwodiksyon nansyonal lan vin bese e vin gen mwens divèsite tou.
- Sifas tè bò rivyè ak bò lanmè yo kap dimininye
Jan nou dil lan kantite moun yo ap ogmante chak jou, e nan sousi pou yo jwenn yon kote pou yo rete, yo bati nenpòt kijan e nenpòt ki kote e sa ki pa epanye arebò rivyè yo oubyen nan tèt sous, tèt rivyè yo. Sa pa rete san konsekans.Moun ki nan tèt sous obyen rivyè yo konn jete watè nan rivyè yo, lage fatra ladanl sa ki polye rivyè an. E ki vin bay maladi. Kay ki arebò rivyè yo vin fè tè an pa gen anyen ki pou kenbel. E sa vin koze gwo dega. Se sak fè nou konn remake gwo dega konn fèt anpil moun konn mouri anpil kay konn ale nan rivyè nan sezon lapli ak siklòn. Sa pwovoke deboulman tè ak inodasyon.
Dapre IHSI genyen 27 % popilasyon nasyonal lan konsantre yo sou 1700 km kot yo,moun sa yo bati anpil bò lanmè yo, yo rekile lanmè an ak pilotri e yo fè kay yo. Sa ki vin gen kòm konsekans nivo lanmè an ki ogmante e inodasyon ak kay yo ki antre nan tè nan moman siklòn. E pou yo bati tou yo konn koupe mangwòv yo sa ki vin diminye yo e ki fe lanmè an rekile. E ki pwovoke inodasyon lè lapli.
- Move pratik agrikòl nan montay yo , nan pant yo
Move pratik agrikòl nan pant yo konn pemet tè an pa kenbe, lè lapli tonbe li ale avèk mas tè an nan lanmè.
- Move jesyon nan koze fatra sitou sa plastik yo
Gen yon move jesyon ki ap fèt nan koze fatra. Nou itlize kontni plastik anpil ( boutèy, asyèt, kèps, goblè). Dechè sa yo nou lage yo nenpòt kote nan rivyè, nan lanmè, atè, nan lari. Se ansanm dechè ki pa degrade e ki ap polye rivyè nou yo ak lanmè nou yo. Dechè sa yo melanje aK lot konn koz inodasyon paske yo bouche rigol yo, lè lapli tonbe dlo an pran lari.E yo sal lari. Se sa yo ki vin bay maladi tankou malarya ak lot ankò.
- Dechè ki soti nan izin yo ki al nan lanmè oubyen rivyè
Dechè ki sòti nan izin yo polye dlo yo, yo polye lè an e yo pa bon pou sante nou. Ke se swa gaz oubyen lot bagay dechè sa yo gen anpil efè sou kouch ozòn lan. Sa ki vin kreye yon dezekilib nan ekosistèm lan. Yo koze inondasyon.
- elatriye
Konferans ak Atelye sou Wikipedya
[modifye | modifye kòd]Nan aktivite sila ki ap reyalize nan patenarya avèk INDDESC, ap gen yon ti bat bouch sou sitiyasyon anviwönman Ayiti avèk Agwonòm Wenshelle ki ap kontibye ak yon atelye fòmasyon ak kontribisyon sou Wikipedya nan lang Kreyòl.
- Dat: Samdi 13 me 2023
- Lokal: HAFORS (Delmna 42)
- Lè: 09:00 - 12:00
Atik pou nou amelyore
[modifye | modifye kòd]Atik pou kreye
[modifye | modifye kòd]- Sitwayen responsab
- Sitwayen Eko-resposanb
- Dechè ki mal pou detwi (non biyodegradab)
- mangwòv
- Deforestasyon
- plivyometri
- dlo potab
- latrin
- fwitye
- fofestye
- dechè
- asenisman
- defekasyon
Patisipan
[modifye | modifye kòd]- Kitanago (diskisyon) 13 me 2023 à 17:36 (UTC)
- Dade70 (diskisyon) 14 me 2023 à 19:13 (UTC)
- Prince roro (diskisyon) 13 me 2023 à 17:53 (UTC)
- Jfabienne01 (diskisyon) 13 me 2023 à 17:39 (UTC)
- Moysoo my nego (diskisyon) 13 me 2023 à 17:41 (UTC)
- Bria... 0456997 (diskisyon) 13 me 2023 à 17:42 (UTC)
- Elodjee02 (diskisyon) 13 me 2023 à 17:43 (UTC)
- Luzzia098 (diskisyon) 13 me 2023 à 17:44 (UTC)
- Blackpanther 1198 (diskisyon) 13 me 2023 à 17:46 (UTC)
- Vanoumia (diskisyon) 13 me 2023 à 17:47 (UTC)
- Prince roro (diskisyon) 13 me 2023 à 17:54 (UTC)
- DECASTINE (diskisyon) 13 me 2023 à 17:49 (UTC)
- Kensogercke (diskisyon) 13 me 2023 à 17:50 (UTC)
- Zia Camille (diskisyon) 13 me 2023 à 17:55 (UTC)
- --Climond (diskisyon) 13 me 2023 à 17:57 (UTC)
- Mariaprussa95 (diskisyon) 13 me 2023 à 17:51 (UTC)
- Mathurin Richcardet (diskisyon) 13 me 2023 à 17:56 (UTC)
- Albanixkriti (diskisyon) 13 me 2023 à 17:57 (UTC)
- DECASTINE (diskisyon) 13 me 2023 à 17:57 (UTC)
- Jimjeune (diskisyon) 13 me 2023 à 17:59 (UTC)
- Philogene jhonny (diskisyon) 13 me 2023 à 18:19 (UTC)
- --Cherlie Saintilus (diskisyon) 23 me 2023 à 22:24 (UTC)