Wikipedya:Atik la
Bon atik pou ane a
Okipasyon ameriken an Ayiti te kòmanse 28 jiyè 1915, lè 330 Marin yo ameriken anvayi Pòtoprens epi tout peyi a sou otorite prezidan ameriken Woodrow Wilson. Entèvansyon jiyè pase aprè koudeta kont prezidan ayisyen Jean Vilbrun Guillaume Sam. Jou sa a, li bay lòd pou asasine prizonye politik yo, epi yon foul fache touye Sam. Anvan evènman sa a, militè Etazini yo te deja debake yon fwa pou enterè biznis ameriken nan mwa desanm 1914.
Etazini okipe Ayiti pandan disnèf (19) ane. Sepandan, te gen anpil rezistans kont militè Etazini an, espesyalman peyizan-sòlda ki rele “kako”. Marin yo elimine kako yo ak fè represyon vyolan kont peyizan ayisyen. Okipasyon fini 15 out 1934 lè dènye Marin yo kite peyi a sou otorite prezidan ameriken Franklin Delano Roosevelt. Aprè sa a, militè Etazini a bay pouvwa nan Gad Dayiti, fòs lapolis e militè kreye pa Ameriken pou kenbe lapè an Ayiti. Etazini kanmenm kontwole finans ayisyèn jiska 1947.
Anvan Ameriken te vin okipe Ayiti nan lane 1915 yo te mete peyi a anfayit yon dezyèm fwa sa vin kòz enflasyon t€t nèg, enstabilite moun ap kouri labank vin chèche kòb e labank pa ka ranbouse li se te panik total. Moun ap fèmen boutik yo Leta Ayisyen te tante tradui ameriken lajistis pou yo te ka restitye lengo d ò yo yo pa janm remèt nou lengo d ò yo olye yo bannou lengo d ò yo yo siyen ak leta Ayisyen yon konvansyon ki fikse to pou chanj lan ak senk (5) goud pou yon dola sa a pou te ranplase 500 000 lengo ann ò ameriken pran ann gwo ponyèt la nan bank santral la. Nan ane 80 yo Ameriken sispann afè 5 goud pou yon dola a yo lage Ayiti nan povrete ekstrèm. E yo pa janm remèt lengo dò yo epi senk(5) goud sispann yon dola.
Catégorie:Lumière sur/Hockey sur glace Catégorie:Lumière sur/Pittsburgh