Vanessa Désiré
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Désiré Vanessa Dabel fèt Vanessa Désiré, fèt 1e septanm 1994 nan Tigwav (Ayiti), se yon chantèz ayisyèn. Li te ale nan premye lekòl li, Antoine Théodore, kote lokal la se nan Mayi Gate . Li te parèt sou sèn pou premye fwa a laj de senk an nan teyat nasyonal la pou gradyasyon li, li te jwe nan pyès "Go Further" John Littleton an.
Li se vis-chanpyòn Digicel Starts 2010. Vanessa te vinn anbasadris Digicel.
Pakou akademik
[modifye | modifye kòd]Premyè lekòl li se Antoine Théodore toupre Maïs Gâté. Li te sou sèn nan pou premyè fwa ak laj de senk (5) lane nan Teyat Nasyonal la nan okazyon premèy gradiyasyon li.
Li gen yon diplòm nan "Ticketing ak Touris" nan BIWI (Business institute of the West Indies) an 2016.
Depi kèk tan li kolabore sou medya yo Magik 9, nan pwogram Lekòl lage.[1][2]
Nan mwa jiyè 2021, li pale pou kondane zak vyolans ki fèt nan tout peyi a.[3]
Karye atistik
[modifye | modifye kòd]Li chante Va plus loin de John Littleton. Li fè premye featuring li Mwen pa antò avèk Robenson Lauvince (Roby Rob) nan Digicel Stars.
Vanessa Désiré te kòmanse chante nan jadendanfan. Li te patisipe nan plizyè konkou nan vil kote l te fèt la ak nan nivo nasyonal, kote li te toujou distenge tèt li.[4]
An 2018, li pibliye premye albòm li rele Migration avèk Toby. Albòm sa a gen dis (10) chanson sou plizyè rit : slow, zouk, konpa jan mamba, twoubadou, tipik Tropicana, konpa granmoun. Lavant siyati yo te òganize nan Kap Ayisyen, nan Tigwav ak nan Jakmèl.[5]
Depi lè sa a, li miltipliye kolaborasyon li yo epi li pèfòme nan plizyè gwo festival mizik Ayisyen, ni an Ayiti kou nan peyi etranje. Aprè yon bon tan poz, jou ki 12 novanm 2025 lan, atis deside sòti 2yèm albòm li k gen pou tit “Full Package” e ki gen ladan l 12 mòso[6]. Yon fason pou l kontinye bay plezi ak tout melomàn nan endistri mizikal la.
Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]Albòm
[modifye | modifye kòd]- 2018 : Migration
- 2025: Full Package
Kolaborasyon
[modifye | modifye kòd]- 2012 : Mwen pa antò (ft. Roby Rob), dire 4:35
- 2016 : Sa plis ke love (avèk Toby), dire 3:45, Labèl Sousbit
- 2018 : Ou fè m anvi viv (avèk Toby), dire 4:21
- 2020 : Por Favor (Carimi), dire 4:59
- 2020 : Deeper (ft P-Jay), dire 3:34
- 2021 : Lanmou Dous Makòs (feat. BIC Tizon Dife), dire 3:16
- 2021 : Touche m (avèk Steves J Bryan), dire 3:26
- 2021 : Yon Lòt (ft Ruthshelle), dire 4:48
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ fr « Les premières fois de Vanessa Désiré ». lenouvelliste.com. Le Nouvelliste. Retrieved 18 septanm 2021.
- ↑ ht « Vanessa Désiré, sa pi plis ke love ». lenouvelliste.com. Le Nouvelliste. Retrieved 19 septanm 2021.
- ↑ fr « Vanessa Désiré inquiète de la situation sécuritaire d’Haïti ». presslakay.net. 12 jiyè 2021. Archived from the original on 2021-09-21. Retrieved 19 septanm 2021.
- ↑ https://www.rfi.fr/fr/podcasts/koze-kilti/20220625-vanessa-d%C3%A9sir%C3%A9-en-f%C3%B2s. Missing or empty
|title=(help) - ↑ fr « Migration, le premier-né de Vanessa et Toby ». lenouvelliste.com. Le Nouvelliste. Retrieved 18 septanm 2021.
- ↑ RÉDACTION, LA. « « C’est une façon de dire, voici tout ce que je suis » – Vanessa Désiré sur son nouvel album “Full Package” - Chokarella » (in anglais). Retrieved 2025-11-15.
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Desire Vanessa Dabel sou haitianpromomusic.com