Aller au contenu

Tigwav (komin)

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Tigwav (komin)
Tigwav

vil nan awondisman Leyogàn
Tigwav (komin)
Tigwav (komin)
{{{lyen_drapo}}}
{{{lyen_drapo}}}

drapo

{{{lyen_anblèm}}}

anblèm

koodone yo lat 18° 25′ 53″ Nò
lon 72° 52′ 1″ Lwès
sipèfisi 387,88 km²
majistra Bertrand Subrème (d)
Primière Plaine, Deuxième Plaine, Trou Chouchou, Fond Arabie, Trou Canaries-Ve, Trou Canaries-VIe, Les Plantons-VIIe, Les Plantons-VIIIe, Les Palmes-IXe, Les Palmes-Xe, Ravine Sèche, Les Fourques seksyon kominal
popilasyon 157 296 ab.
dansite 406 ab./km²
popilasyon dat 2009

Tigwav (an fransè: Petit-Goâve), , ansyen yo te rele l "Le Goâve", se yon komin nan peyi Ayiti. Komin sa a se nan awondisman Leyogàn ki nan depatman Lwès,li gen 157 296 abitan selon (IHSI nan lane 2009) vil la gen 12 seksyon kominal ak yon sipèfisi 387 88 km kare. Tigwav gen bèl plaj tankou bananye,kokoye,ti sab blanch. Ak fò yo you tankou fò wayal, fò Gari, fò libète. Vil la te gen yon anperè ki se Faustin 1e, non konplè li se Faustin Soulouque madanm li te rele Adelina.

Tigwav se yon vil kotyè sa vle di li gen anpil bel plaj. Epi vil la genyen kom orijinalite dous makòs ak ponmkèt.

Jewografi

[modifye | modifye kòd]

Sitiye nan 68 km nan sid Pòtoprens, Tigwav gen 1 57296 abitan (estimasyon 2009)[1].

Minisipalite vwazen yo

[modifye | modifye kòd]

Administrasyon

[modifye | modifye kòd]

Komin sa a fèt ak vil Tigwav, ak 12 seksyon kominal :[2]

  • Premyè Plenn (ki gen ladan Bino ak « Vyalè »)
  • Dezyèm Plenn (ki gen ladan Etan Miragwàn ak vil prekolonbyèn Arnoux)
  • Twou Chouchou
  • Fond-Arabie (ki gen ladan gwo katye istorik Lebrun, Poulard ak Hyacinthe)
  • Twou Canaries-Ve
  • Twou Canaries-VIe
  • Les Platons-VIIe (ki gen ladan Délatte)
  • Les Platons-VIIIe
  • Les Palmes-IXe
  • Les Palmes-Xe
  • Ravin Sèch
  • Les Fourques

Pèsonalite orijinè Tigwav

[modifye | modifye kòd]
  • Faustin Soulouque (Faustin Ie, ansyen prezidan Ayiti (1847-1849), Anperè Ayiti (1849-1859) ;
  • Dany Laferrière, ekriven ak Akademisyen ;
  • Jasmine Daphinis – Chantèz, pwofesè ak powèt ; bote li te fè vil la ofisyèlman deklare Jasmine "Fanm ki pi bèl nan Tigwav". Apre yon vizit nan Pòtoprens, li asosye avèk Hugo Torino, yon etranje blan, ki moun rele "Blan a enkoni".- Li emigre nan Ajantin, kote li reprezante kilti ak bote nan Ayiti.
  • Guire Poulard, ki fèt nan lane 1942 nan vilaj Délatte, aktyèl Monsenyè nan Pòtoprens depi janvye 2011.
  • Kervens Belfort Fils, jwè pwofesyonèl ki te fèt an 1992 nan Klèb tik 1461 Trabzon.
  • Luné Roc Pierre Louis, Pansè ayisyen ki enskri nan gwo fenomenn tradisyon an. Doktè nan kominikasyon soti nan Inivèsite Katolik la nan Louvain nan Bèljik, avèk Disètasyon li (Kominikasyon ak espas piblik: yon rekonstriksyon nan espas piblik ayisyen politik la, janvye 2012) te sipòte anba direksyon Marc Lits, li te vin yon pwofesè òdinè ak chèchè nan Inivèsite Leta a nan Ayiti.
  • Handgod Abraham, li se powèt, operatè kiltirèl, li fèt nan mwa novanm 1986.
  • Vanessa Dabel Desire, li se yon chantez ayisyen kap evolye nan konpa epi li pataje sen ak anpil atis ayisyen, li fet an septanm 1994.
  • Daana Sthernith Eldime, li se jiris, nomalyèn epi pwofesè filozofi epi antreprenè. Li fet an desanm 1993.
  • Steve Gustave, li se avoka epi diplomat. Aktyelman li gen yon fondasyon kap ede moun ki nan nesesite ak timoun ki pa ka al lekol.

Galri foto

[modifye | modifye kòd]

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. [PDF] fr Popilasyon total, pa sèks ak popilasyon ki gen laj 18 an oswa plis yo te estime an 2009, nan nivo diferan inite jewografik yo sou sit Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik (IHSI)
  2. Villes, communes et sections rurales d'Haïti, Centre national de Statistique, Ministère de l'Intérieur et des collectivités territoriales, Haïti. Ou encore, L'histoire des préfectures et des sous-préfectures d'Haïti, 1989 (inédit)

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]