Aller au contenu

Tayino (pèp)

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Rekonstitisyon yon vilaj tayino nan Kiba.

Tayino yo se yon etni amerendyèn konsidere kòm separe gwoup Arawak, ki te okipe Gran Anti yo lè Ewopeyen yo te rive nan XVe syèk. Malgre sivilizasyon yo te vin kraze nan XVIe syèk, anpil Antiyè, pi patikilyèman nan Kiba, Ayiti, Pòtoriko ak Repiblik dominiken yo kontinye konsidere yo tankou Tayino.

Tayino yo te viv de agrikilti . Rekòt ki pi enpòtan pou yo se te manyòk. Tayino yo te konn kiltive pòmdetè dous ak mayi yo te konn manje griye oswa vèt. Yo te bòs atizan. Yo te konn fè potri men yo te fò anpil nan travay ak wòch ak bwa. Tayino yo te kwè nan lespri mò yo ak lespri fenomèn natirèl yo. Yo te konn sèvi zemis yo oswa zidòl ki te vin rete kote lespri sa yo. Yo te konn mete pòtre nan wòch oswa nan bwa.

deskripsyon tayino yo[modifye | modifye kòd]

yo te trè dou e poze , yo te gen ti wotè,yo t gen po rouj e yo te pasifik, yo pat janm rive konstwi yon vil yo pat byen oganize, yo tap viv ak Arrawak yo.

Orijin[modifye | modifye kòd]

Orijin endyen Tayino yo se tèt chaje. Lang tayino se yon lang avèk orijin arawak men senbolik ak mitoloji yo parèt nan relasyon avèk Maya nan Yucatán, nan Guatemala ak lòt rejyon vwazin. Rudolf Schuller nan L'Ouragan, dieux de la tourmente ak Popol-Vuh (gade Popol Vuh), endike anpil paralèl avèk tradisyon maya, pa egzanp ː lide fondamantal dyalite demyj (nan lang franse démiurges) : Yocahú, papa ak Guabancex, manman sèpan an, kote akoupleman an prezide sik solè an.[1]

Diferansyasyon[modifye | modifye kòd]

kat diferan gwoup Tayino anvan kontak ewopeyen

Pandan y ap soti nan yon peyi pou ale abite nan yon lòt nan karayib la, Tayino yo te diferansye an plizyè gwoup: Tayino Lucayan (nan Bahamas koulye a), Tayino oksidantal (nan Kiba), Tayino santral (nan Ispanyola ak Pòtoriko)[2] ak Tayino oryantal yo, nan ti zanti yo[3].

Sosyete[modifye | modifye kòd]

Sosyete tayino a te divize an twa (3) gwoup sosyal ki separe youn ak lòt:

  • Naborias osinon vilajwa yo ki te konn travay tè;
  • Nitaínos yo ki te konsidere kòm moun ki te pi wo plase nan tribi yo;
  • Bohiques[4], chamans osinon prèt yo ki te reprezante kwayans relijyez yo ak Kasik la (Cacique) yo te konnen tou sou non "Guare", chèf tribi osinon "Yucayeque". Anplis, te gen yon chèf siprèm kasik yo te dwe peye yon lajan chak peryòd.

Relijyon[modifye | modifye kòd]

Mitoloji[modifye | modifye kòd]

Tayino yo te kwè nan de (2) dye: yon dye byen (Yukiyú) ak yon dye mal (Juracán).

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. Mangeas, Morgan; Wickel, Antoine; Herrenschmidt, Jean-Brice; Sabinot, Catherine; Meur, Pierre-Yves Le; Vigliola, Laurent; David, Gilbert (2018). « Chapitre 44. Les défis d’une modélisation de l’écosystème corallien ». Nouvelle-Calédonie (IRD Éditions): 259–266. 
  2. https://www.erudit.org/en/journals/bshg/1990-n83-84-85-86-bshg03473/1043743ar.pdf
  3. https://books.google.fr/books?id=Qy8LESKyJS0C&printsec=frontcover&dq=taino#v=onepage&q=taino&f=false
  4. « Religión de los Indios Taínos: El Bohique ». Retrieved 2022-10-29. 

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]