Aller au contenu

Roody Roodboy

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Roody Roodboy
yon ilistrasyon sou lisans lib t ap itil
Biyografi
Nesans
Nasyonalite
Aktivite
Chantè, antreprenèGade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj

Roody Petuel Dauphin[1], rele Roody Roodboy, ki fèt 27 jen 1988 nan Pòtoprens (Ayiti), se yon chantè ayisyen.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Roody se pi gran nan twa (3) pitit. Li grandi nan Site Militè, katye Ayewopò entènasyonal Pòtoprens. Li fèt etid primè ak segondè li yo nan lekòl Dominique Savio, Kolèj Miks Roger Anglade, Lise Tousen Louvèti. Mario Dauphin, tonton li aprann li jwe gita an 2005.

An 2008, li te youn nan 10 finalis konkou mizik "Digicel Stars". Avèk Steve ak Herby Azor, Roody Roodboy lanse Mizik Malè m nan Brothers dread production. Nan lane 2020, li te youn nan premye Ayisyen ann Ayiti ki te kontamine pa Kowonaviris.


KARYÈ CHANTÈ

Piblik Ayisyen an te dekouvri Roody Roodboy an 2008 atravè konkou Digicel Stars la. Li te pami dis finalis yo. An 2010, li te retounen nan konkou a epi li te ranpòte twazyèm pri a. Sa te make kòmansman karyè li. Apre siksè sa a, li te pibliye "Mizik Malè m" avèk Steve ak Herby Azor, epi apre sa premye chante solo li a, "Pa Dekouraje" [3].

Depi omwen 2020, li se youn nan atis ki pi popilè nan endistri mizik Ayisyen an. Anfèt, li se "premye atis Ayisyen gason ki depase 1 milyon moun k ap suiv li sou Instagram" epi li gen yon katalòg siksè tankou: "M anvi goute w," "Manch," "An kachet," ak "Lòbèy." Anplis, li te kouwone chanpyon Kanaval Nasyonal la an 2018. Anvan sa, an 2017, Ticket Magazine te klase li "Revelasyon Kanaval Pòtoprens" ak "Chanpyon Kanaval Pòtoprens"[4],[5],[6]. Li se youn nan atis ayisyen ki rive kolabore ak gwo atis entèsyonal nijeryen WIZBOYY kote yo te kolabore pou sòti pwojè sa a k pot pou tit « Marry me » nan lane 2022. Li se atis ayisyen k gentan gen yon milyon abone sou kont YouTube li tou. Li se atis ayisyen ki chaje mizik solo ak mizik ke l kolabore nan djakout li ki fè siksè tankou kèk tit kolaborasyon sikè : « krazèd fwaye feat Oswald », « MANCH feat Franco Love ak Deep Act, nan lane 2019. San bliye « APIYE » an kolaborasyon ak ZILE an 2025 nan mwa septanm ki sot pase a.

ANTREPRENÈ

Depi janvye 2021, Roody Roodboy te antre nan biznis: li te vin yon aksyonè nan Joker Electronic epi li ofri gadjèt elektwonik lè li te lanse de kas ekoutè anba mak Roodboy1 ak Roodboy2 [7][8]. Aprè sa, li te lanse aplikasyon "Roody Roodboy" li a, ki disponib sou App Store ak Google Play Store; epi aprè sa, yon magazen rad, "4 Seasons Shop," nan Santiago[9].

VI PRIVE

Roody Roodboy se mari Sophia V., ke yo rele tou Mamoollll. Yo te fè yon pitit gason nan dat 24 fevriye 2019 e ki rele Roodensley Dauphin.[2]Pou rann omaj ak manman pitit li a, nan mwa fevriye 2021, li te sòti yon nouvo mizik sou tit sa a : "Ou pa gen parèy" [10],[11]. 2 anmoure yo te arive marye, men se pa t yon maryaj piblik.

Zèv li yo

[modifye | modifye kòd]

Albòm estidyo

• 2016: Fòk tèt ou la

• 2023 : Tou 9

Mizik kanaval

  • 2016: Ke Pwason.
  • 2017 : M pi wo pase'w
  • 2018 : Ou mechan
  • 2019 : San konsyans
  • 2020 : Fè Makak
  • Mizik solo ak kolaborasyon
  • 2017 : Lòbey
  • 2017 : Zokoko (feat. P-Jay & Master Brain)
  • 2018 : Tranble
  • 2018 : M anvi Goute w
  • 2018 : Yo Paka Barem
  • 2019 : Krazèd Fwaye ft Oswald
  • 2019 : An Kachet
  • 2019 : Manch feat Franco Love & Deep Act
  • 2020 : Rest in Peace ft Bordes Jules
  • 2021 : Mimi miaww
  • 2021 : Kanpe goumen l ye ft DeepAct
  • 2022 : Fo fim kap fèt
  • 2022 : Marry me ft Wizboy
  • 2023: sorry to my Ex
  • 2023: Dous pou Dous
  • 2024: Fwontyè ft Dyne Singer
  • 2025: Nostalji
  • 2025: Apiye x ZILE

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « Haïti-Coronavirus : L’artiste Roody Roodboy testé positif par le laboratoire national ». lemediateurhaiti.com. 21 mas 2020. Retrieved 30 avril 2020.
  2. fr Darline Honoré; Marc Evens Lebrun (25 fevriye 2020). « Roody Roodboy vient de faire ses pas dans le monde des pères ». loophaiti.com. Archived from the original on 2019-09-16. Retrieved 30 novanm 2020.

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]