Pòtoprens (komin)
Pòtoprens
nan - depatman
- awondisman Lwès
Pòtoprens
anblèm |
|
koodone yo | lat 18° 32′ 24″ Nò lon 72° 20′ 24″ Lwès |
nesans | 1749 |
Prezidan Komisyon kominal | Gabrielle Hyacinthe |
popilasyon | 942 194 ab. |
popilasyon ran | 1e |
dansite | 26 143 ab./km² |
popilasyon dat | 2012 |
popilasyon tip | estimasyon |
Pòtoprens (an franse : Port-au-Prince) se kapital peyi Ayiti. Avèk yon popilasyon apeprè 2 754 812 moun an 2019,[1] se pi gwo vil peyi a e dezyèm vil ki gen plis moun nan Karayib la. Li sitiye sou Gòf Lagonav nan lwès Ayiti.
Istwa
[modifye | modifye kòd]Pòtoprens se yon vil ki te fonde nan tan kolon an Ayiti, ki te otrefwa rele Sen Domeng anba okipasyon Fransè. Li te fonde sou abitasyon Randòt ki te kòmanse nan zòn Bèlè ale jis nan zòn nou rele Ri pave kounye a. Pa gen moun ki vrèman konnen ki kote non ak orijin nan soti. An 1680, pirat fransè ki te nan Gòf Lagonav te dekouvri de il yo ki te nan bè a e yo te ba yo non "Ilets du Prince". Tou de il sa yo disparèt depi lontan. An 1706, yon batiman franse ki te rele "Le Prince" fè premye desant nan zòn nan. Aprè 43 zan, lè vil lan te fonde 26 novanm 1749, yo te ba li non "Port-au-Prince" (an kreyòl ayisyen : Pòtoprens) ki vle di Pò prens lan. Anba Revolisyon Fransèz vil la te pran non "Port Républicain", men lè Ayiti pran endepandans li premye janvye 1804, yo reba li non "Port-au-Prince".
12 janvye 2010 te gen yon tranblemanntè ki te pase bò 4è aprè midi pandan 53 minit 10 segond ,te gen anpil kay kite kraze ak anpil moun kite mouri. Katastròf sa te mete anpil dlo nan zye nan divès moun depatman ni nan lamerik la. Sant vil la te devaste e anpil bilding piblik te detwi, tankou: katedral, Palè Nasyonal, palman an, lameri a, palè jistis la, plizyè ministè ak anbasad, ansanm ak katye jeneral Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon an Ayiti (MINUSTAH)[2].
Jewografi
[modifye | modifye kòd]Komin vwazen
[modifye | modifye kòd]Administrasyon
[modifye | modifye kòd]Komin Pòtoprens gen twa (3) seksyon kominal :
- Tigo, ki gen apeprè 500 000 moun, sipèfisi li mezire 20 kilomèt kare.
- Mòn Lopital ki gen apeprè 150 000 moun, sipèfisi li mezire 7 kilomèt kare.
- Matisan, ki gen apeprè 270 000 moun.
Ekonomi
[modifye | modifye kòd]Se sant ekonomi, kilti, epi touris ayisyen. Ekonomi Pòtoprens depann prensipalman nan kafe, tabak, epi sik. Inivèsite Deta Ayiti genyen nan Pòtoprens.
Pèsonalite nan relasyon avèk Pòtoprens
[modifye | modifye kòd]Nesans nan Pòtoprens
[modifye | modifye kòd]- Louis Alexandre Amélie Bauduy (1773-1827), ofisye nan lame yo nan Repiblik franse ak Anpi la, nonmen marchal kan pandan tan Restorasyon an.
- Louis Lefébure de Fourcy (1787-1869), matematisyen
- Baron Charles Frédéric Chassériau (1802-1896), chèf achitèk nan vil Masèy, Constantine ak Alje
- Robert de La Myre Mory (1898-1940), politisyen franse
- Philippe Kieffer (1899-1962), ofisye Marin nasyonal franse ak Konpayon Liberasyon an, kreyatè ak kòmandan an premye kòmando nan marin franse ki fè non li.
- François Duvalier (1907-1971), rele « Papa doc », Prezidan an Ayiti soti 1957 a 1964, diktatè soti 1964 a 1971
- Rigaud Benoit (1911-1986), pent
- Marie Chauvet (1916-1973), òtè pyès teyat ak womansyè
- Albert Mangones (1917-2002), achitèk
- Gesner Abelard (1922), pent ak eskiltè
- Jean Dominique (1930-2000), jounalis
- Wilson Bigaud (1931-2010), pent
- Jacqueline Scott-Lemoine (1933-2011), aktris ak ekriven
- Jean-Claude Garoute, rele Tiga (1935-2006), atis
- Jean Alfred (1940), depite Gatineau, Asanble nasyonal Kebèk
- Michèle Montas (1946), pòtpawòl nan sekretè a jeneral nan la ONU
- Jean-Claude Duvalier (1951), pitit gason François Duvalier, rele "Bébé doc", diktatè an Ayiti soti de 1971 a 1986
- Dany Laferrière (1953), ekriven, kwonikè ak senaris
- Lyonel Trouillot (1956), ekriven
- Michaëlle Jean (1957), ansyen gouvènè jeneral Kanada ak aktyèl sekretè jeneral Òganizasyon entènasyonal nan La Francophonie
- Michel Martelly (1961), 56e prezidan Repiblik Ayiti
- Louis-Philippe Dalembert (1962), ekriven
- Garry Conille (1966), 16e Premye Minis Ayiti
- Wyclef Jean (1972), rapè
- Wagneau Eloi (1973), foutbalè
- Tony Yayo (1978), manm gwoup G-unit
- Alexandre Boucicaut (1981), foutbalè
- Samuel Dalembert (1981), basketè
- Skal Labissière (1996), basketè
Mò nan Pòtoprens
[modifye | modifye kòd]- Nicolas Joseph Thiéry de Ménonville (1739-1780), botanis
- Silvio Cator (1900-1952), atlèt medaye nan Je olenpik ak ansyen majistra Pòtoprens
Lòt
[modifye | modifye kòd]- Gérald Bloncourt (Benè, 1926), pent ak fotograf, nan Pòtoprens ant 1936 ak 1946
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ (angle) en « Haiti Population (2021) - Worldometer ». Retrieved 13 me 2021.
- ↑ Port-au-Prince dévastée par un puissant séisme (Romandie news).
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Sitwèb ofisyèl Meri Pòtoprens
- Prezantasyon jeneral Pòtoprens sou haiti-reference.com