Aller au contenu

Planèt

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ede nou soutni yon pwojè diksyonè kreyòl, yon kreyasyon lib :
Wiksyonè kreyòl
Uit (8) planèt Sistèm solè:
1- Mèki
2- Venis
3- Latè
4- Mas
5- Jipitè
6- Satin
7- Iranis
8- Neptin
Gwosè respektif yo ak sa a ki an Solèy (anwò chema a) yo respekte, men pa distans yo ni liminozite yo.

Yon planèt se yon objè nan lespas tankou Venis oswa Latè ki fè wonn yon etwal. Latè ap fè wonn Solèy la.

Planèt yo pa bay limyè, men yo ka reflete limyè yon lòt bagay ki klere. Planèt yo gen fòm esferik, sa vle di yo won tankou yon boul.

Objè ki fè wonn yon planèt rele satelit. Satelit Latè se Lalin. Yon etwal ansanm ak tout sa k ap vire bò kote li yo rele yon sistèm etwal. Sistèm etwal pa nou an, solèy la, rele Sistèm Solè.

Gen uit planèt nan Sistèm Solè a: Mèki, Venis, Latè, Mas, Jipitè, Satin, Iranis, Neptin. Jipitè se pi gwo planèt nan Sistèm Solè a, tandiske se Mèki ki pi piti.

Te gen yon planèt yo te rele Pliton, men nan mwa out 2006, International Astronomical Union te deside retire l nan lis la. Sa te fèt paske gwosè li sanble ak lòt objè nan lespas ki pa planèt.

Tradiksyon

[modifye | modifye kòd]

Etimoloji

[modifye | modifye kòd]

Non “planèt” la soti nan mo grèk πλανήτης (planètès), ki vle di “vwayajè” oswa “bagay k ap deplase”.

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]