Aller au contenu

Pa touye

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Nan sèk linivè a, lide pou transfòme ki ap kreye (ble), pran lide nan kapasite moun genyen pou yo pa touye moun (blan), travay pou fini ak touye moun (wouj).

Pa touye se yon kominote kretyen kap viv nan tout kwen sou tè a. Objektif kominote sa se : Ou pa dwe touye moun. Ou pa dwe menase touye moun. Zam pa fèt pou touye moun. Epi pa gen okenn lwa pou itilize zam pou touye moun. Pa gen kontra ki chita ni sou menas ni sou fòs touye moun kòm swadizan di chanjman.[1] Pa touye moun oswa pa menase touye moun. Bagay sa ka aplike pou zannimo yo oswa pou lòt kreyati yo. Kesyon pa touye moun nan pa dwe soti anndan okenn lòt fòm vyolans. Pa gen zam ki egziste pou touye (sèlman nan mize ki chita sou listwa krim moun nou kapab jwenn zam sa yo) epi pa gen okenn lwa ki tabli pou wete lavi moun. Epi si’n ta vle konprann zam se pa sèl mwayen pou moun touye moun, paske ponyèt nou ak pye nou se kont pou touye – Men nan kominote sa a pa gen okenn detèminasyon pou itilize zam sa yo ni pou devlope yo. Pa gen okenn relijyon ki preche nou pou’n touye moun. Pa gen okenn lwa tou ki otorize nou touye moun. Pa gen gouvènman ki dakò pou yo wete lavi moun. Pa gen revolisyonè ki bay lòd fè sa. Pa gen entèlektyèl ki pote eskiz pou sa. Pa gen atis ki chante pou onore sa Menm tradisyon yo pa kenbe li kòm souvni.

Baz sosyete a pa chita sou touye. Pa okenn rapò sosyal ki mande pou’n touye oswa menase touye pou’n kenbe’l oswa pou’n chanje’l. Okenn pouvwa, tankou sa ki gen awè ak reskonsablite, richès, pozisyon (Moun nan sosyete), relasyon (moun genyen), fòs, konesans ak kapasite espesyal yon moun genye, relijyon epi kilti; pa mande pou nou touye pou nou jwenn yon sipò oswa pou nou ta kore li. Sa pa di sosyete a pap gen fwontyè, pap gen diferans, pap gen konfli. Men baz sosyete a epi fason li ap mache pa pral gen awè ak touye. Nan pwen chimen ki chita sou lalwa oswa akote lalwa ki bay wout pou touye.

Kidonk, lavi nan sosyete moun pa touye moun nan pa gen tras okenn vyolans tankou touye oswa menase touye ni teknologi ki ta gen awè ak kondisyon lanmò oswa mwayen pou jistifye lanmò.

Not ak referans

[modifye | modifye kòd]
  1. (franse) fr Glenn D. Paige (2005). Non-violence, non-meurtre: vers une science politique nouvelle. nonkilling.org (Port-au-Prince: Centre Caraïbéen pour la Non-Violence Globale et le Développement Durable). 

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]