Malarya

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aller à la navigation Aller à la recherche
Malarya

Malarya se yon enfeksyon nan san ki ban nou lafyèv ak frison. Se yon kalite marengwen ki mache bay moun parazit malarya a. Lè li pike yon moun malad, li souse parazit malarya ki nan san moun lan. Apre sa, lè Ii pike yon lòt moun, Ii mete parazit yo nan kò moun lan.[1]

Siy ak sentòm[modifye | modifye kòd]

Anopheles

Konnen siy ki posib pou yon enfeksyon malarya, tankou fyèv, frison, maltèt, kò fè mal, fatig, noze (kè plen) ak vomi, dyare, ak po jòn.[2]

Lè n ap fè kriz malarya, nou santi sekous maladi a chak 2 osinon 3 jou. Kriz la menm ka pran yon bon ti tan, men ki jan li devlope:

1. Li koumanse ak frison, maltèt. Moun lan vin frèt osinon li pran tranble. Sa ka dire yon kadè jouk inèdtan konsa.

2. Apre frison an pase, lafyèv di men mwen. Yon lafyèv cho ki 40 degre osinon plis. Moun lan fèb, po li vin wouj, epi l ap depale. Lafyèv la ka rete lontan sou li.

3. Lè kriz la pral fini, moun Ian koumanse swe epi lafyèv la tonbe. Apre yon kriz lafyèv konsa, moun lan santi l fèb, men li pa santi li malad.[1]

Malarya konn bay lafyèv chak 2 osinon 3 jou (dapre kalite malarya nou genyen an). Men, lè nou fèk pran li, li ka ban nou lafyèv chak apremidi. Sou timoun piti ak sou moun ki fè malarya deja, li ka pa parèt jan nou di l la a. Se poutèt sa, nenpòt lè yon moun gen lafyèv li pa konn sak ba li l, se pou I fè yon analiz san pou malarya.[1]

Moun ki toutan ap soufri malarya yo vin gen wo larat, epi yo soufri anemi (san yo dlo).[1]

Tretman[modifye | modifye kòd]

Malarya se trete ak medikaman. Medikaman yo itilize yo ka diferan de yon moun nan yon lòt. Kèk medikaman ka ede geri yon lafyèv.[1] Si maladi a pa konplèks, medikaman an ki itilize yo ka artemisinins.

Prevansyon[modifye | modifye kòd]

Malarya se maladi yo jwenn nan anpil peyi kote ki fè cho sou latè a. Si tout moun kole zepòl ansanm, yo ka rive kontwole li. Tout mwayen kontwòl sa yo, se pou nou fè yo tout ansanm, anmenmtan.

  • Pa kite marengwen pike nou. Dòmi kote ki pa gen marengwen osinon anba dra. Kouvri kabann tibebe yo ak yon moustikè osinon yon ti twal fen fen.
  • Bay ajan yo tout konkou nou kapab lè yo vin nan bouk nou an. Di yo si gen moun nan fanmi an ki gen Iafyèv epi kite yo pran san pou analiz.
  • Si nou kwè nou gen malarya, pran renmèd lapoula. Apre nou fin pran renmèd, marengwen ki mòde nou p ap ka bay lòt moun malarya.
  • Detwi tout marengwen ansanm ak pitit yo. Marengwen peple nan dlo ki dòmi. Netwaye tout ma dlo, tout twou, tout ti mamit, mòso vesèl, po lanbi, po kokoye, kawotchou machin ki kenbe dlo. Chache tout basen dlo ak marekaj kote marengwen al ponn, osinon vide lwil ladan yo. Si nou sèvi ak banbou pou fè lantouraj, fè timoun yo plen twou yo ak sab.[1]
  • Nou ka anpeche malarya a antre sou nou, osinon nou ka kraze fòs li, si chak lè nou pran grenn pou lafyèv malarya.
  • Pou evite fanm ansent yo fè malarya, ba yo de (2) grenn 150 mg. Klowokin chak semenn pandan tout gwosès la.
  • Si li posib, rete anndan kay yon kote ki fèmen ak til oubyen ki klimatize ant lè solèy leve ak lè solèy kouche.
  • Si pa genyen yon kote fèmen ak til oubyen klimatizè pa disponib, sèvi ak flit ki genyen piretwoyid (pyréthroïde) nan kote w ap viv epi dòmi anba til, depreferans sa ki flite ak anti-ensèk.
  • Mete chemiz manch long, pantalon long, ak chapo lè ou soti deyò.
  • Flit ki genyen DEET (N,N-diethyl-meta-toluamide) bay bon pwoteksyon. Swiv enstwiksyon ki sou etikèt pwodui a.
  • Li enstwiksyon ki sou etikèt la pou ou asire pwodui pou repouse ensèk yo apwopriye pou laj moun lan. Ou pa dwe sèvi ak DEET sou timoun ki genyen mwens pase de mwa.
  • Timoun pa dwe manevre pwodui pou repouse ensèk. Granmoun dwe pase pwodui pou repouse ensèk nan men yo dabò epi pase li sou kò ak rad timoun lan, evite zye ak bouch timoun lan.
  • Sèvi ak yon til ki seze ak elastik arebò li pou ou kouvri chèz ou pote tibebe pou ou ka pwoteje yo.
  • Konsantrasyon DEET ki pi fò ka dire plis tan, men, yon ki plis pase 50% pa bay okenn pwoteksyon anplis. Pwodui DEET ki pran tan pou yo deklanche kapab dire plis pase pwodui likid.[3]

Medikaman pou malarya[modifye | modifye kòd]

Gen twa jan yo ka savi ak medikaman ki bon pou malarya:

  • Tretman pou moun ki gen maladi a, nou ba Ii medikaman an chak jou pandan de twa jou.
  • Pou kraze jèm maladi a (parazit la) ki ka nan san nou pou li pa fè nou malad. Yo fè tretman sa a nan zòn kote yo konnen moun ka pran maladi sa a fasil, sitou pou timoun ki fèb osinon ki malad. Yo ba yo medikaman an yon fwa chak senmenn.
  • Pou kontwole maladi a: kalite tretman sa a atout li pwoteje yon moun pou li pa pran malarya, li kite kò l pran fòs pou Ii kadefann tèt li limenm. Lè sa a, se pou nou pran ransèyman nan Depatman lasante osinon nan men yon ajan sante pou nou konnen ki medikaman k ap pi bon pou zòn kote nou rete a. Anpil kote se klowokin ki pi bon medikaman pou malarya. Men, gen kèk kalite malarya, lè nou genyen yo, se pou nou pran primakin ansanm ak klowokin lan.[1]

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. 1,0 1,1 1,2 1,3 1,4 1,5 et 1,6 « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2015-06-02. Retrieved 2010-06-03. 
  2. « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2010-11-17. Retrieved 2010-06-03. 
  3. « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2010-11-17. Retrieved 2010-06-03. 

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]