Maladi viris Ebola

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye
Maladi viris Ebola
Classification and external resources
1976 foto de enfimyè ki kanpe devan Mayinga N., yon moun ki gen maladi viris Ebola a; li te mouri sèlman kèk jou apre paske li te fè gwo emoraji anndan li.
1976 foto de enfimyè ki kanpe devan Mayinga N., yon moun ki gen maladi viris Ebola a; li te mouri sèlman kèk jou apre paske li te fè gwo emoraji anndan li.
ICD/CIM-10 A98.4 A98.4
ICD/CIM-9 065.8 065.8
DiseasesDB 18043
MedlinePlus 001339

Maladi viris Ebola (MVE) ou Fyèv emoraji Ebola (FEE) se yon maladi moun pran ak Viris Ebola a. Jeneralman sentòm yo kòmanse de jou a twa semèn apre moun nan pran viris la, ak yon fyèv, gòj fè mal, doulè miskilè, ak tèt fè mal. Jeneralman noze, vomisman, ak dyare vini apre, epi fonksyonman fwa ak ren yo vin ap dejenere. Nan pwen sa a, kèk moun kòmanse apsenyenanpil.[1]

Moun ka pran viris sa a lè yo touche san oswa dlo ki soti nan kò yon bèt ki enfekte (sitou makak oswa chòvsourit).[1] Poko gen ka yo twouve li simaye nan lè anviwònman natirèl la.[2] Nou kwè chòvsouri yo pote ak simaye viris la san yo menm yo pa enfekte. Kou yon moun pran enfeksyon an, yo ka bay lòt moun maladi a tou. Gason ki pran maladi a epi yo vin refè ka bay maladi a atravèespèm yo prèske de mwa apre. Pou detekte si yon moun gen maladi a, premyèman yo fè tès pou elimine maladi ki gen menm kalite sentòm yo tankou malarya, kolera ak lòt fyèv emoraji viral avan. Pou konfime yon moun gen maladi a yo teste echantiyon san li pou antikò viral, ARN viral, oswa maladi a li menm.[1]

Prevansyon gen ladan bese kantite fwa makak ak kochon ki enfekte simaye maladi a bay moun. Pou fè sa yo kapab teste bèt sa yo pou enfeksyon an epi tiye ak tere yo yon fason ki apwopriye si yo dekouvri maladi a. Li kapab ede tou lè nou kwit vyann byen oswa mete rad ki pwoteje nou lè nou manyen vyann, menm jan li bon pou nou mete rad ki pwoteje nou ak lave men nou lè nou kote moun ki gen maladi a. Moun k ap trete echantiyon ki gen likid ak chè moun ki gen maladi a dwe pran anpil prekosyon.[1]

Pa gen okenn tretman an patikilye pou maladi a; efò pou ede moun ki gen enfeksyon an gen ladan swa bay moun nan terapi oral reyidrasyon (dlo ki yon ti jan dous ak sale li bwè) oswa sewòm.[1] To mòtalite maladi a wo anpil: souvan li tiye ant 50% a 90% moun ki enfekte ak viris la.[1][3] Premye fwa yo te idantifye MVE sete Soudan ak Repiblik Demokratik Kongo. Jeneralman maladi a deklannche nan Lafrik Sib-Saryèn.[1] Depi 1976 (lè yo te idantifye li pou premye fwa) jiska 2013, pi piti pase 1,000 moun te konn enfekte pa ane.[1][4] Jiska jounen jodiya a pi gwo deklanchman ki janm genyen seDeklanchman Ebola Nan Afrik de Lwès 2014 ki kontinye ap touye moun nan moman sa a, epi li afekteGine, Syera Leyonn, Liberi epi pwobableman Nijerya [5][6] Depi out 2014 te gen plis pase 1600 ka yo idantifye.[7] Y ap fè anpil efò pou devlope yon vaksen; men, poko gen youn ki egziste.[1]

Referans[edite | modifye sous]

  1. 1,0, 1,1, 1,2, 1,3, 1,4, 1,5, 1,6, 1,7 et 1,8 « Ebola virus disease Fact sheet N°103 ». World Health Organization (in anglais). 2014. Retrieved 2014-04-12. 
  2. « 2014 Ebola virus disease Fact sheet (EVD) outbreak in West Africa ». WHO (in anglais). 2014-04-21. Retrieved 2014-08-03. 
  3. C.M. Fauquet (2005). Virus taxonomy classification and nomenclature of viruses; 8th report of the International Committee on Taxonomy of Viruses (in anglais). Oxford: Elsevier/Academic Press. p. 648. ISBN 9780080575483. 
  4. « Ebola Viral Disease Outbreak — West Africa, 2014 ». CDC (in anglais). 2014-06-27. Retrieved 2014-06-26. 
  5. « CDC urges all US residents to avoid nonessential travel to Liberia, Guinea, and Sierra Leone because of an unprecedented outbreak of Ebola. ». CDC (in anglais). 2014-07-31. Retrieved 2014-08-02. 
  6. « Outbreak of Ebola in Guinea, Liberia, and Sierra Leone ». CDC (in anglais). 2014-08-04. Retrieved 2014-08-05. 
  7. « Maladi viris Ebola update - West Africa ». WHO (in anglais). 2014-08-04. Retrieved 2014-08-06. 
Bibliography

Lòt lyen[edite | modifye sous]