Liv Mòmon

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche
Book of Mormon - Haitian.jpg

Liv Mòmon An: Yon Lòt Temwayaj Konsènan Jezikri se yon tèks ki sakre kay Sen Dènye Jou yo. Daprè teyoloji yo, pwofèt te ekri li. Pwofèt sa yo te viv sou kontinan ameriken an nan epòk 2200 ane avan Jeziki jiska 421 ane aprè Jezikri.[1] Joseph Smith te pibliye li pou premyè fwa a nan mwa mas 1830.[2]

Liv Mòmon an se youn pami premye tèks ki te sòti nan mouvman Sen Dènye Jou a, ki se denominasyon yo ki tipikman konsidere liv la kòm ekriti sen epi kòm yon kont istorik tou sou kontak Bondye te gen avèk moun ki t ap viv sou kontinan ameriken an nan epòk ansyèn sa a.[3] Kominote siyantifik pa aksèpte Liv Mòmon an kòm yon kont veritab sou evènman istorik.[4]

Daprè sa ke Smith ak liv la di, otè yo te grave karaktè (sa ke yo te rele « ejipsyen refòme ») sou plak annò. Smith te di konsa dènye pwofèt ki te grave sou plak yo, yon misye ki te rele Mowoni, misye a te antere yo avan ke li te mouri sou yon ti mòn nan sa ki se leta Nou Yòk jodia, bò lavil Manchester. Kwayan yo rele mòn sa a « Mòn Kimora ». Nan lane 1827, Mowoni te parèt devan Smith antanke yon anj. Mowoni te revele kote li te kache plak yo epi li te komande Smith pou li tradui tèks la an anglè pou kòmanse retablisman vrè legliz Jezikri a nan dènye jou yo.[3] Gen kritik ki di konsa Smith pa t tradui pyès annal ansyen; se Smith ki te otè liv la pito, e li te pran nan matèyal ak ide ki te egziste nan diznevyèm syèk la pou li fè sa.[5]

Liv Mòmon an gen nan li yon pakèt ide doktrinal orijinal sou plizyè sije — chit Adan ak Ev la, destine mond lan, redanpsyon anba lanmò fizik ak espirityèl, epi òganizasyon legliz la. Evènman santral ki nan liv la se moman an lè Jezikri li menm te vizite moun sou kontinan ameriken an aprè rezirèksyon li.

Gen plizyè liv pi piti nan Liv Mòmon an. Chak ti liv pòte non otè prensipal li. Dabitid, tèks la gen chapit ak vèse. Smith te sèvi avèk langaj ki sanble anpil avèk langaj ki parèt nan vèzyon Wa Jak pou Bib anglè a. Nan lane 2011, te gen tradiksyon (kit yo konplèt oubyen non) nan 111 lang, e plis pase 150 milyon egzanplè Liv Mòmon an egziste.[6]

Orijin[edite | modifye sous]

Yon paj nan dokiman orijinal Liv Mòmon an.

Daprè Joseph Smith, li te gen 17 an lè yon anj Bondye te parèt devan li. Anj la te rele Mowoni.[7] Mowoni te di ke li te gen yon seri ekriti ansyèn nan yon ti mòn touprè li nan sa ki se Konte Wayne nan leta Nou Yòk jodia. Pwofèt ansyen te grave ekriti sa yo sou plak annò. Anj la di plak yo dekri yon pèp Bondye fè sòti Jerizalèm rive kontinan ameriken an 600 ane avan nesans Jezikri. Daprè plak yo, Mowoni te dènye pwofèt pèp sa a e sete li menm ki te antere plak yo. Bondye te fè li pwomès konsa li ta fè plak yo parèt ankò nan dènye jou yo. Smith te deklare vizyon sa a te rive l jou swa 21 septanm 1823, epi pwochèn jou a, anba gidans divin, li te twouve kote Mowoni te antere plak yo sou ti mòn nan. Mowoni te komande l pou l vin pale l menm kote a menm jou a ane pwochèn nan pou li bay li plis enstriksyon. E li te di Smith ke moman an pou li tradui plak yo ta rive nan kat an. Smith deklare ke Mowoni te pèmèt li pran plak yo nan men li 22 septanm 1827, sa ki te fè egzakteman kat an, e Mowoni te kòmande li pou li tradui yo an anglè.[8]

Gen kont diferan ki dekri koman Smith te akonpli tradiksyon Liv Mòmon an. Smith li menm te sijere li te li plak yo dirèktman avèk linèt ke Bondye te prepare pou ede li tradui.[9] Lòt kont konn di li te sèvi avèk ti wòch kristal nan yon gran chapo.[10] Apati lane 1832, moun te konn rele ni linèt ni wòch yo « Ourim ak Toumim ».[10] Pandan tradiksyon an menm, pafwa Smith te chita lwen moun ki t ap ekri sa l t ap di a, avèk yon dra pou separe yo. Kèk kont di plak yo pa te toujou prezan pandan li t ap tradwi yo. Lè yo te prezan, Smith te toujou kouvri yo.[11]

Premyè deskripsyon Smith te pibliye a te di plak yo te sanble kòmsi yo te annò. Youn nan premye skrib li yo, Martin Harris, te di ti fil metal te bay plak yo fòm yon liv.[12] Smith te rele karaktè sou plak yo « ejipsyen refòme ». Te gen kèk plak ki te sele ansanm ; poutèt sa, sa ki te prezan sou plak sa yo pa fè pati nan Liv Mòmon an.

Onz (11) lòt moun te temwaye yo te wè plak annò yo. Twa (3) pami yo te touche ak soulve yo. Temwayaj ekri pa yo parèt nan prèsk tout edisyon Liv Mòmon an sou tit « Temwayaj Twa Temwen yo » e « Temwayaj Uit Temwen yo ».[3]

Smith sou yon chèz anbwa avèk figi li nan yon chapo
Joseph Smith ap tradui Liv Mòmon an avèk wòch kristal nan yon chapo pou bloke tout limyè.

Nan premye jou tradiksyon an, yon vwazen li, Martin Harris, te sèvi kòm skrib pou Smith. (Pita, Harris te pran prè ipotèk sou fèm li pou paye enprime Liv Mòmon an.) An 1828, poutèt demann madanm li, Lucy Harris, li te mande Smith ankò e ankò pou li prète li paj li te fin tradui yo. Kontkè, Smith te ba li yo. Se posib Lucy Harris te vole premyè 116 paj sa yo. Aprè Martin Harris te pèdi yo, Smith te pèdi kapasite pou li tradui a e Mowoni te vin wete plak yo. Aprè Smith te fin repanti, Mowoni te remèt li plak yo.[13] Smith te deklare pi ta ke Bondyè te pèmèt li tradwi ankò, men pou l pa tradwi sa ke li te deja fin tradwi epi pèdi a. An 1829, tradiksyon an te rekomanse avèk èd Oliver Cowdery; yo te fini byen vit (mwa avril jiska jwen 1829). Aprè piblikasyon liv la, Mowoni te vin pran plak yo.[3] Liv Mòmon an te disponib pou moun achte li jou 26 mas 1830 nan libreri E.B. Grandin nan lavil Palmyra, leta Nou Yòk.[6] Jodia libreri sa a se yon sit istorik.[14] Pou kòmanse, yo te pibliye 5000 kopi, sa ki te koute 3000 dola.

Depi jou premyè piblikasyon ak distribisyon liv la, kèk moun deklare ke Smith te fabrike istwa liv la e ke li te pran nan matèyal ak ide sòti lòt sous pou li fè sa.[11][5] Kèk sous ke moun sigjere kòm kandita se vèzyon Rwa Jak pou Bib la,[15] The Wonders of Nature,[16] View of the Hebrews,[11],[5],[17] e yon dokiman ke Solomon Spalding te ekri san li pa t pibliye li.[18] Òganizasyon FairMormon an afime ke teyori sa yo pa kredib paske istoryen ni kwayan ni skeptik konn twouve erè sèyè nan rechèch yo.[19],[20] Opinyon pifò nan manm mouvman Sen Dènye Jou a e pozisyon ofisyèl Legliz Jekikri pou Sen Dènye Jou yo a se ke liv la se yon kont istorik ki korèk.

Kontni[edite | modifye sous]

Tit[edite | modifye sous]

Smith te di konsa paj tit la sòti nan tradiksyon « dènye fèy a menm » pami plak annò yo. Se Mowoni ki te ekri li. Paj tit la deklare objektif Liv Mòmon an se pou li « montre rès kay Izrayèl la ki kalite gwo bagay Senyè a te fè pou zansèt yo » epi « pou Jwif ak Janti kapab gen konviksyon, Jezi se Kris la, Bondye Etènèl la, ki manifeste tèt li devan tout nasyon yo kounye a ».[3]

Òganizasyon[edite | modifye sous]

Liv Mòmon an se yon asanble plizye liv ki pi piti. Chak nan yo pòte non otè prensipal li oubyen yon gwo dirijan. Yo kòmanse avèk Premye Liv Nefi a (1 Nefi) epi yo tèmine avèk Liv Mowoni a.

Jeneralman, òd ti liv yo swiv istwa yo tout rakonte ansanm nan, sòf liv Pawòl Mòmon ak Liv Etè a. Pawòl Mòmon se komantè Mòmon te ekri. Liv Etè a se istwa yon gwoup ki te rive sou kontinan ameriken an lontan anvan imigrasyon ki parèt nan 1 Nefi a. Tèks ki nan Premye Liv Nefi a jiska Liv Omni a, epi nan Liv Mòmon an ak Liv Mowoni a, se pawòl otè yo menm yo ye. Pou tout lòt liv, Mòmon oubyen Mowoni te abreje pawòl otè yo.

Pifò nan edisyon modèn ap divise tèks liv yo an chapit ak vèsè. Pifò nan yo gen mateyèl siplimantè landann yo tou, tankou « Temwayaj Twa Temwen Yo » ak « Tewayaj Uit Temwen Yo ».

Kwonoloji[edite | modifye sous]

Premye Liv Nefi a jiska Liv Omni a sòti nan Ti Plak Nefi yo.[21] Kont sa a kòmanse nan lavil Jerizalèm 600 ane anvan Jeziki e avèk yon misye ki rele Leyi. Bondye dirije Leyi, fanmi li, ak plizyè lòt moun pou yo kite Jerizalèm yon ti bout tan anvan chit li devan lame Babilonyen an 586 ane anvan Jezikri. Liv sa yo dekri voyaj yo atravè Arabi epi atravè lamè an bato rive nan « tè pwomiz la » ki se kontinan ameriken an.[22] Yo rakonte aktivite gwoup sa a jiska 130 ane anvan Jezikri; alè sa a, gwoup la te fòn ann de — Nefit yo ak Lamanit yo. Gwoup sa yo te goumen souvan youn avèk lòt la.

Aprè Omni gen Pawòl Mòmon. Mòmon te ekri liv tou piti sa a 385 ane aprè Jeziki. Liv la sèvi kòm yon entwodiksyon brèf pou Liv Moziya a, Liv Alma a, Liv Elaman an, Twazyèm Liv Nefi a (3 Nefi), ak Katryèm Liv Nefi a (4 Nefi). Liv sa yo se rezime yon gwo kantite annal ki rele Gran Plak Nefi yo. Yo rakonte istwa de sivilizasyon yo sòti nan epòk lavi Omni jiska epòk anfans Mòmon an. Twazyèm Liv Nefi a gen enpòtans espesyal paske se li menm ki rakonte vizit Jezikri sou kontinan ameriken an aprè rezirèksyon ak asansyon li nan peyi Jerizalèm. Liv la dekri jan Jezi te repete anpil nan doktrin ak enstriksyon ki parèt jodia nan kat Evanjil yo, epi jan li te tabli yon kominote chaje avèk lapè ak konesans ki te dire pandan kat jenerasyon anvan lagè sivil te pran li ankò.

Ti Liv Mòmon an se yon kont sou sa ki te pase pandan lavi Mòmon. Mòmon resevwa komandman pou li pran swen annal ki kache yo. Ti liv la rakonte jan Mòmon ranpli responsablite sa a epi aktivite li avèk lame nefit pandan yon pakèt lagè.

Aprè ti Liv Mòmon an, Mowoni mete yon rezime li te fè sou annal yon lòt pèp. Pèp la rele Jaredit e rezime a rele Liv Etè a.[21] Liv sa a dekri yon ti ponyen fanmi ki te kite Toudebabèl la.[3] Sivilizasyon jaredit la rive sou kontinan ameriken an plizye syèk anvan fanmi Leyi a rive la. Liv Etè a dekri sivilizasyon jaredit la kòm youn ki te pi gran ak pi avanse pase sivilizasyon nefit ni lamanit la. Liv Etè a fini avèk kont yon gwo batay final kote Jaredit yo youn masakre lòt jou aprè jou jiskaske yo tout mouri.

Anfen, Liv Mowoni a rakonte destriksyon final pèp nefit la — nan epòk sa a, yon pèp idolat — anba men lamanit yo. Liv la tèmine avèk temwayaj Mowoni epi yon envitasyon pou tout moun priye Bondye pou li konfime verasite kontni liv la.[23]

Referans[edite | modifye sous]

  1. « Livre de Mormon, chronologie ». Retrieved 7 out 2020. 
  2. « Paj tit pou Liv Mòmon An ». 
  3. 3,0 3,1 3,2 3,3 3,4 et 3,5 « Entwodiksyon pou Liv Mòmon An ». 
  4. Simon G. Southerton. Losing a Lost Tribe: Native Americans, DNA, and the Mormon Church (2004, Signature Books).
  5. 5,0 5,1 et 5,2 Krakauer, Jon (2003). Under the Banner of Heaven: A Story of Violent Faith. Nouyòk: Doubleday. 
  6. 6,0 et 6,1 « Book of Mormon: 150 Million Copies ». Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Retrieved 19 jiyè 2020. 
  7. "Vie et ministère de Joseph Smith", Enseignements des présidents de l’Église: Joseph Smith (2007), xxii–25.
  8. « Istwa-Joseph Smith 1v59, Pèl Gran Pri a ». 
  9. Rathbone, Tim; Welch, John W. (1992). Ludlow, Daniel H, ed. « Book of Mormon Translation By Joseph Smith ». Encyclopedia of Mormonism. New York: Macmillan Publishing. pp. 210–213. ISBN 978-0-02-879602-4. 
  10. 10,0 et 10,1 « Livre de Mormon, Traduction ». churchofjesuschrist.org. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Retrieved 19 jiyè 2020. 
  11. 11,0 11,1 et 11,2 Brodie, Fawn M. (1995). No man knows my history: the life of Joseph Smith, the Mormon prophet (rev. and enl. 2yèm ed.). Nouyòk: Vintage Books. pp. 53, 61. ISBN 978-0679730545. 
  12. Smith, Joseph, Jr. (1 mas 1842). « Wentworth Letter/Church History ». Times and Seasons (Nauvoo, Ilinwa) 3 (9): 906–936. 
  13. « Doktrin ak Alyans, Seksyon 3 ». 
  14. « L’impression et la publication du Livre de Mormon. L'Eglise de Jésus-Christ des Saints des Derniers Jours. ». 
  15. Abanes, Richard (2003). One Nation Under Gods: A History of the Mormon Church. Thunder's Mouth Press. p. 72. ISBN 978-1-56858-283-2. 
  16. Abanes, Richard (2003). One Nation Under Gods: A History of the Mormon Church. Thunder's Mouth Press. p. 68. ISBN 978-1-56858-283-2. 
  17. Roberts, Brigham H. (1992). Brigham D. Madsen, ed. Studies of the Book of Mormon. Lavil Salt Lake, Ita: Signature Books. ISBN 978-1-56085-027-4. 
  18. Spaulding, Solomon (1996). Reeve, Rex C, ed. Manuscript Found: The Complete Original "Spaulding" Manuscript. Provo, Ita: Religious Studies Center, Brigham Young University. 
  19. « Book of Mormon/Plagiarism accusations - FairMormon ». en.fairmormon.org. Retrieved 19 jiyè 2020. 
  20. « Criticism of Mormonism/Books/One Nation Under Gods - FairMormon ». en.fairmormon.org. Retrieved 19 jiyè 2020. 
  21. 21,0 et 21,1 « Yon Esplikasyon Brèf Konsènan Liv Mòmon An ». 
  22. « 1 Nefi 18v23, Liv Mòmon ». 
  23. « Mowoni 10v3-5, Liv Mòmon ». 

Lyen deyò[edite | modifye sous]