Aller au contenu

Lang flèksyonèl

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Yon lang flèksyonèl se, an tipoloji mòfolojik, yon lang nan li mo yo (lèm) chanje pou fòm selon rapò yo a gramatikal avèk lòt mo yo, nan yon fraz. Nan yon lang fleksyonnèl, kontrèman ak yon lang izolan, pou anpil mo se yo k varyab : yo chanje dpou fòm (sonò e oubyen ekrit) selon kontèks yo sèvi avè l la. N di de yo ke yo sibi jwe ki pou fleksyon e fòm yo se yo ki di flechi. Ansanm fòm flechi diferan pou yon menm mo konstitye paradigm li.

Chak fòm pou yon menm paradigm ka pote yon oubyen plizyè sans, sa vle di transmèt yonn oubyen plizyè tip de trè gramatikal yo : jan, nonm, fonksyon sentaks, klas leksikal, tan, mod elt. Diferan trè opoze li pafwa de (2) pa de (2) (sengilye kont pliryèl, maskilen kont pa nan anyen, premyè pèsòn pou sengilye kont premyè pèsòn pou pliryèl elt.). Fòm yo pou yon menm paradigm, sepandan, pa chanje sans global la : sèl trè gramatikal yo opoze yo. Flèksyon an pou non se souvan lonmen deklinezon tandiske sa ki pou vèb la se konjigezon an.

Nou distenge plizyè kategori nan lang flèksyonèl yo :

  • lang aglitinan kote flèksyon yo fè pa ajoute kòd gramatikal yo di afiks, chak kòd make yon nosyon (japonè, finwa, tik, amenyen...), pafwa entèn oubyen konsòn yo endike sans lan e voyèl yo make flèksyon an pou mo a, sistèm sa a ou rankontre li sitou nan lang semitik (arab, ebre...) ;
  • lang sentetik (oubyen fizyonèl) : nan lang sa a yo, tankou tout lang endo-ewopeyèn eksepte amenyen, flèksyon an yo fè li tou pa tèminezon (dezinans) kote diferan konstityan ki pou flèksyon an ki pa jeneralman distenk.

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]