Komès moun nan Afrik

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

komés moun an Afrik pèsiste jounen jodi a malgre konvansyon ki gen pou wè ak esklavaj te siyen depi nan dat ki te 25 septanm 1926 nan peyi Laswis pi egzakteman nan vil Jenèv, kominote entènasyonal la te adopte kèk enstriman jiridik nan lide pou fè prevansyon, reprime epi pini komès moun.

Men nan kèk lokalite ann Afrik, pratik esklavajis tradisyonèl la toujou egziste kote lajistis te sezi dosye sa si nou ap pran egzanp nan Nijè, komès moun lan oubyen esklav nan epòk modèn nan se yon fenomèn enpòtan ki gen rapò ak lamizé. komès moun lan pran plizyé fòm nan Afrik lwès kote sa ki pi kouran yo se : eksplwatasyon moun ki ap mande, eksplatasyon seksyèl medanm yo nan vann kò yo, vann tibebe, eksplwate moun nan travay ak nan sevis domestik menm jan yo trafike ògan moun.

Kominote ekonomik Eta yo nan Afrik de lwés ak kenz (15) Eta manm li yo, nan plan aksyon li soti nan lane 2016 pou rive 2020 te kenbe kòm priyorite yo batay kont komès moun.[1]

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. la traite des êtres humains depuis l'Afrique, d'hier á aujourd'hui dans l'Histoire De la Justice 2021\I (no 31) paj 279 a 286

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]