Hugo Schuchardt

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Hugo Schuchardt
Image illustrative de l’article Hugo Schuchardt
Non nesans Hugo Ernst Mario Schuchardt
Fonksyon lengwis, kreyolis, pwofesè
Nesans
Gotha
Lanmò (ak 85 ane)
Graz Otrich
Nasyonalite alman
Domèn lengwistik, kreyolistik, ansèyman

Hugo Schuchardt, ki fèt 4 fevriye 1842 nan Gotha (Almay) epi ki mouri 21 avril 1927 nan Graz (Otrich), se yon lengwis, filològ ak pwofesè alman.

Li se yon espesyalis lang womàn, lang bask ak dyalèk, sitou pidgin, lang kreyòl e lingua franca. Li fè pati neyogrameryen.

Biyografi[modifye | modifye kòd]

Li te pase anfans li nan Gotha. Soti nan 1859 rive 1864 li te yon etidyan nan Jena, kote li te vin yon manm nan Kò Thuringia Jena, answit nan Bonn, kote li te vin yon manm nan Corps Hansea Bonn. Li te etidye ak anpil lengwis tankou August Schleicher ak Kuno Fischer.

Nan lane 1864, Schuchardt te jwenn yon doktora avèk yon tèz ki rele "De Romani Plebei vocalibus" ("Sou vokab laten vilgè"). Li baze sou yon etid atantif sou yon gwo kantite tèks pa janm etidye anvan l i. Li te pibliye depi 1866 rive 1868 travay rechèch li an nan twa (3) volim an alman, "Der Vokalismus des Vulgärlateins". Nan lane 1870, Schuchardt te vin pwofesè ("abilitasyon inivèsitè") nan Inivèsite Leipzig ak nan lane 1873 li te vin pwofesè Filoloji womàn nan Inivèsite Halle, ki te yon gwo fò nan neyogramaryen.

Pandan tan sa a, Schuchardt te travay sitou sou sijè tradisyonèl nan filoloji womàn ak yon gwo oryantasyon istorik men li te pran yon enterè nan lengwistik konpare ak melanje nan lang tankou dyalèk ak lang kreyòl.

Nan lane 1876, Schuchardt te vin prezidan depatman filoloji womàn nan Inivèsite Graz, avèk èd lengwis Johannes Schmidt. Li te etidye nan domèn nan peyi Gal an 1875 sou lang seltik, epi an Espay an 1879 sou Bask. An 1888, avèk piblikasyon li nan travay li "Auf Anlass des Volapüks", li ankouraje kreyasyon yon nouvo lang oksilyè entènasyonal pou tout nasyon.

Li te ale nan Lafrans nan vilaj Sare ki sitiye nan depatman Pirene-Atlantik ak lengwis Louis-Lucien Bonaparte pou aprann bask. Li apwofondi konesans li nan izole lengwistik sa a.

An 1901, li te patisipe nan komite pou kreyasyon delegasyon an pou adopsyon yon lang oksilyè entènasyonal. Avèk Schmidt, li te ede anpil nan difizyon teyori vag la.

Schuchardt te pataje ak lengwis swis Ferdinand de Saussure konsèp fondamantal estriktiris yo, sou distenksyon ant langaj, lang ak pawòl, ant senkwoni ak dyakwoni, siyifye ak siyifyan.

Zèv li yo[modifye | modifye kòd]

  • Der Vokalismus des Vulgärlateins (3 volim) (1866-1868)
  • Die "Cantes Flamencos" (1881)
  • Kreolische Studien (9 volim) (1882-1891)
  • Über die Lautgesetze. Gegen die Junggrammatiker (1885)
  • Romanische Etymologien (2 volim) (1898-1899)
  • Die iberische Deklination (1907)
  • Sprachursprung (3 volim) (1919-1920)
  • Primitiae Lingvae Vasconum (1923)
  • Hugo Schuchardt-Brevier : Ein Vademecum der allgemeinen Sprachwissenschaft (1928) (edisyon Leo Spitzer)
  • Pidgin and Creole Languages: Selected Essays (edisyon antolojik 1980), Cambridge. (ISBN 0521227895).

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]