Frantzley Valbrun
| Nesans | |
|---|---|
| Nasyonalite | |
| Aktivite |
Makòn Dan (d) |
Frantzley Valbrun, ke yo rekonèt sou non sa a Konpè Konsèy, fèt nan peyi Ayiti nan lane 1997. Li se yon ekriven, powèt, kritik, jounalis kiltirèl ak Antwopo-sosyològ nan fòmasyon nan Fakilte Etnoloji nan Université d'État d'Haïti (UEH) [1] [2] [3] .
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Frantzley Valbrun, ke yo rekonèt sou non sa s Konpè Konsèy, fèt an Ayiti an 1997. Li se yon ekriven, powèt, kritik literè, jounalis kiltirèl ak antwopo-sosyològ nan fòmasyon nan Fakilte Etnoloji nan Université d'État d'Haïti (UEH). Manman l rele Denise Jean Pierre, papa li menm Jérôme Valbrun, te toujou ankouraje l e aprann li renmen liv. Li se papa yon jèn pitit gason, Louiney De Frankensley Valbrun. Frantzley enkòpore yon melanj de tradisyon ak modènite sou sèn literè ak jounalis nan peyi an. Antanke editè nan jounal Le Nouvelliste, Frantzley kolabore ak plizyè lòt medya ankò nou ka site Le National, Journal La Ruche, Tandans7, SHELNEWS ak lòt moun [4] .
An 2017, li te resevwa fòmasyon nan Teyat atravè Bibliyotèk Kominotè Deschapelle ak fòmasyon nan Bibliyotekonomi nan Sant Pen-Haïti nan lane 2020, ak yon lòt fòmasyon nan teknik Fact-checking ak envestigasyon nan yon anviwònman politik -sekirite espesifik nan epòk rezo sosyal yo UNESCO ak OIF te òganize.
Nan lane 2017, li te pibliye premye koleksyon pwezi li pou kòl ki gen titre " Makòn Dan”, ak yon lòt “Kolye an denmon” de lane aprè nan Editions Floraison, Port-Prince, Ayiti [5]. Aprè sa, li pibliye plizyè zèv remakab ankou: Nan peyi vèb, powèm enfekte (2024), Mo pou timoun renmen apre lapli (edisyon Couleur d'Encre, 2024) [6] [7] .
Anplis de piblikasyon li yo, Frantzley kontribye nan plizyè jounal literè ak magazin, tankou FÈlMAG, Marande ak Sosyete Koukouy. Tèks li yo souvan konsantre sou yon konsèp inovatè ke li te rele "Kosmopolitis / Kosmopolitism ". Lekòl panse sa a distenge pa apwòch sengilye, li defann yon imanis san fwontyè ki enspire pa valè ak tradisyon aborijèn peyi an. Mouvman sa chèche rekonsilye koulè lokal lan ak mond lan, pandan lap ankouraje idantite kiltirèl e anbrase yon vizyon inivèsèl de limanite. Atravè "Kosmopolitis Kosmopolitism ", Frantzley eksplore tèm entèkoneksyon moun [8] ak solidarite inivèsèl, li ofri yon refleksyon pwofon sou sa sa vle di yon moun nan yon mond kap evolye toutan [9].
Onè
[modifye | modifye kòd]Gayan pri pwezi "Kreyoliti" 2020 [10]
Refarans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Frantzley Valbrun: « pwezi se tout sa ki abite nou» . Le Nouvelliste ». lenouvelliste.com (in anglais). Retrieved 2024-07-06.
- ↑ « National, International, Politique, Economie, Culture, Sociéte, Editorial . Le Nouvelliste ». lenouvelliste.com (in anglais). Retrieved 2024-07-06.
- ↑ News, Le Quotidien (2023-05-08). « Port-au-Prince, « un poème vivant qui nous habite tous, elle n’est pas la violence qui y règne aujourd’hui », soutient le poète Frantzley Valbrun ». Le Quotidien News (in français). Retrieved 2024-07-06.
- ↑ « Literati ak atizay nan pwomosyon patrimwàn nasyonal ayisyen an ». lenational.org/ (in anglais). 2015-09-23. Retrieved 2024-07-06.
- ↑ Haiti, SiBelle (2019-12-06). « Kout je sou « Kolye an denmon » Frantzley Valbrun an ». sibellehaiti.com (in français). Archived from the original on 2024-07-06. Retrieved 2024-07-06.
- ↑ http://DoréByllBilly (2019-11-27). « ‘’Kolye an denmon’’ : le deuxième recueil de poèmes de Frantzley Valbrun » (in français). Archived from the original on 2024-07-06. Retrieved 2024-07-06.
- ↑ « Jephte Pascal Jr ESTIVERNE | Konpè Konsèy : « La littérature haïtienne a de l'avenir » ». Xaragua Magazine. Retrieved 2024-07-06.
- ↑ Beau, Jodelin (2024-04-13). « Entre chaos et silence, Haïti attend une réciprocité internationale agissante par la poésie ! – Tandans7 » (in français). Archived from the original on 2024-07-06. Retrieved 2024-07-06.
- ↑ News, Le Quotidien (2022-10-08). « « Cette nouvelle année scolaire sera une pure improvisation », estime le professeur Frantzley Valbrun ». Le Quotidien News (in français). Retrieved 2024-07-06.
- ↑ Frantzley, Valbrun. « Panodyssey - Frantzley VALBRUN ». Panodyssey (in français). Retrieved 2024-07-06.