Diskite:Lengwistik

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche

Kreyòl tou patou[modifye sous]

Atik sa se yon agiman kont tradisyon antikreyolis ke plizye psedo-entelektyèl komokyèl ayisyen adopte -- yon fenomèn ki aparaman gen sous lan devalorizasyon egzistansyèl ak kiltirel baze sou prejidis kolonyal.

An nou envalide agiman antikreyolis la!!!!!

Nan sèk tradisyonnèl entelektyèl ayisyen an, gen yon pretansyon lingwistik ki ta vle fè nou asepte ke kreyòl la pa sofistike ase pou eksprime lide abstrè nan egzèsis "kognitif" yo ; kòmsi fakilte intelektyèl yon ayisyen pèdi yon pousantaj sibstansyèl nan "kapasite ontolojik" li, ke yo konsidere, falasyezman daprè mwen, kòm yon kondisyon ki inerant nan nati lang kreyòl la. Moun ki asepte pozisyon sa gen tandans lonje dwèt sou limitasyon aktyèl lang kreyol nan abilite pou eksprime "tèm konvansyonnèl syantifik ak filozofik yo". Poukisa mwen pa dakò ak pozisyon sa ? Se pa paske mwen se yon kiltiralis k ap batay pou montre valè eleman kiltirèl ke sikonstans nesans mwen atribiye a ekzistans mwen ; sa ka yon motivasyon inkonsyant, men baz agiman mwen kont pozisyon antikreyolis se yon baz analitik : moun ki konsevwa kreyòl nou an kòm yon lang ki gen yon ti kal "fenèt ontolojik" fè erè, paske yo aparaman panse ke tout "limitasyon aktyèl" se nesesèman yon "limitasyon inerant", ki pa vre ditou. Ki diferans ki genyen ant yon "limitasyon aktyèl" ak yon "limitasyon inerant" ? Diferans ki genyen ant de kondisyon sa yo, sekè yon "limitasyon aktyèl" pa nesesèman inerant paske li ka "sikonstansyèl" tou. Pa egzanp, "limitasyon aktyèl" yon makak nan konpitasyon aritmetik primè se yon kondisyon inerant (rejyon nan fontenn sevèl tèt ki rele "neo-cortex" la pa devlope ase nan makak pou pèmèt li elabore lide abstrè ki se operasyon aritmetik sa yo : adisyon, soustraksyon, divizyon ak miltiplikasyon ; tandiske limitasyon yon moun ki iletre nan operasyon aritmetik yo se yon kondisyon sikonstansyèl. Sètadi si moun iletre sa te leve nan anviwonnman ki te ganranti li omwen yon edikasyon primè, li t ap konpetan nan abilite pou efektye operasyon aritmetik asime ke moun sa se yon moun nòmal (li pa kokobe mantal tankou pa egzanp yon boulouloum).

Ki sa analoji sa gen pou li we ak tèsk ke n ap diskite ya? Menm jan moun ki iletre-a gen yon limitasyon sikonstansyèl nan abilite pou efektye operasyon aritmetik -- kwake li toujou gen potensyalite pou li vini konpetan nan egzèsis kognitif sa, yon eventyalite ki depann sou eleman ak resous ki implimente nan pwoses aprentisaj moun sa -- limitasyon aktyèl lang kreyòl la nan eksprime lide abstrè filozofik ou syantifik se yon kondisyon sikonstansyèl -- sikonstansyèl paske nou pa sèlman neglije pwodiksyon intelektyèl nan lang la, nou dekouraje li. Yon fenomèn ki reprezante yon "sèk visye" kote efè a (limitasyon ke nou obzève nan abilite kreyòl pou eksprime lide abstrè konplèks yo) konfondi pou kòz la (kondisyon akiz la konfondi pou kòm kòz esansyèl la).

Kritik antikreyolis yo, pa sèlman konfonn faktè kozatif limitasyon aparant ke nou obsève nan abilite lang kreyòl la pou eksprime lide abstrè yo, men yo pa rive reyalize ke lang kreyòl la se yon sentèz lingwistik, yon sentèz ki marye "Ewòp ak Afrik" ; yon rezilta ki pèmèt kreyòl nou an abzòbe konsèp etno-kiltirèl monn afriken an ak monn ewopeyen an. Nan kontèks sa, kreyòl la p ap gen yon ti kal "fenèt ontolojik" kòm antikreyolis yo falasyezman asime, men pito yon gwo "fenèt ontolojik" ki an prensip ta dwè depase fenèt ontolojik respektiv monn konstitiyan yo, Afrik ak Ewòp.

An konklizyon, se pa ke lang kreyòl la pa sofistike ase pou eksprime lide abstròe yo, men paske nou tradisyonnèlman dekouraje, penalize ak ridikilize tout atanta moun ki ta vle devlope endepandans intelektyèl yo nan lang kreyòl la. _________________