Clément Benoît II
| Nesans |
Lenbe |
|---|---|
| Nasyonalite | Ayisyen |
| Peyi nesans | Ayiti |
| Diplòm |
Mastè an manajment kiltirèl |
| Aktivite prensipal | |
| Fòmasyon | |
| Asandan |
Clément I Benoît |
| Lang ekriti |
Kreyòl fransè |
|---|
Zèv prensipal
Koulè lapli (2014)
Clément II Benoît yo rele pap liv lan, se yon powèt, opareratè kiltirèl e jounalis ayisyen. Li fèt nan vil Lenbe nan depatman nò (Ayiti), 20 avril 1979. Li se youn nan figi santral mond kiltirèl ayisyen an. Pasyon li pou literati, presizeman pwezi, fasone pakou li depi nan jenès li. Avèk de pwojè kreyatif ak anbisye tankou Bibliothèque Goerges Castera du Limbé ke li fonde 8 jiyè 2001 answit fwa kiltirèl « Livres en Liberté » li lanse yon lane aprè,li Te kreye yon veritab kafou kiltirèl epi pèmèt aksesibilite literati pa plis moun. Ane 2001 make gwo etap nan lavi li, se souf pwomote kilti sa ki pèmèt youn nan moun nan sektè kiltirèl lan yo plis konnen.[1]
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Clément II Benoît te grandi ak granpapa li Clément I Benoît moun Gonayiv, e li pote non li kòm temwanyaj pwoksimite li avèk li. Li te fè etid primè l nan Collège du Limbé, Collège Charlemagne Peralte ak Collège Saint Joseph de Limbé. Li rapouswiv etid klasik li potoprens kote li pral antre Collège Roussan Camille avan li rejwenn Petit séminaire Collège Saint Martial sou soutyen byenveyan matant li Viviane Clément Benoît (Tant Tika). Se pandan ane filozofi li ke li pral pibliye premye rekèy li Ton nid dans mon cœur (1996), dat ki make premye pa li nan sektè literè an. Dezan aprè li pibliye yon lòt rekèy Mélancolie. Depi nan jenès li, literati se te youn nan bousòl li.[2]
Clément II pral fonde 8 jiyè 2001 Bibliyotèk Georges Castera nan vil Lenbe. Premye bibliyotèk kyete nan site sila a. Li transfòme kay gran paran li yo, eritaj familyal an yon veritab kwazman kiltirèl. Ane make yon veritab elan nan pakou li. Aprè patisipasyon li nan Livres en Folie nan epòk lan, avèk kèk liv li te achte nan evènman li lanse inisyativ lan. Menm evènman pral ba li jarèt kote lap lanse yon lane apre, « Livres en Liberté (2002) ». Yon fwa kiltirèl k ap fè pwomosyon kilti liv atravè tout peyi an, e menm aletranje. Evènman sa a gen kòm slogan : "Une caravane d'écrivains en marche." Li fèt toupatou nan peyi an, akonpanye de plizyè ekriven kontanporen nan literati nou an[3]. Nan kòmansman li te rasanble de kreyatè literè tankou Daniel Fanfan, Georges Béleck ak Bonel Auguste, diran edisyon pral gen plizyè lòt, nou ka site Gary Victor, Dany Laferrière, Yanick Lahens, Lyonel Trouillot, Pierre Buteau, Verly Dabel, Jean Armoce Dugé, Dr. Clausel Midy ak Mèt Yves Martial. Pwojè sa a depanse frontyè peyi Dayiti e atenn yon dimansyon entènasyonal kote li fèt Kanada, Lafrans, Kiba, Etazini, Bèljik, Espay, Almay, Naso (Bayamas), Zile vyèj britanik yo au plizyè lòt nasyon afriken, tankou Mali, Togo, Kamewoun, Kòt divwa ak Benen. Selon Clément II literati pa fèt pou estatik, men li merite pataje tout kote pou anrichi patrimwàn kiltirèl mondyal la ak ankouraje dyalòg ant pèp yo. Sou chimen karavàn lan, li te akonpanye tou de plizyè benevòl toupatou nan peyi an. Chak kote li fèt li fòme yon gran fanmi e tou jèn sa yo reprezante yon senbòl e prezans mouvman tout kote.[4]
An janvye 2014 li pral fonde yon lòt bibliyotèk ki pote non Dany Laferrière nan Ti Twou de Nip, premye bibliyotèk komin sa a. An omaj a Dany manb akademi fransè an[5], pou selebre richès kiltirèl li ak kontribisyon li nan literati mondyal lan. Jodi an tou de (2) bibliyotèk sa yo se senbòl kontribisyon l nan bourad ke lap pote nan koze kilti Ayiti. Deplis prezante « Livres en Liberté » sou pakou an diran diferan edisyon. An 2011 Clément II Benoît pral pibliye trazyèm rekèy powèm ki pote non Tach Solèy nan edisyon Guahaba. Se yon long powèm, avèk anpil imaj, ki evoke jewografi a vil peyi a atravè kèk non fanm. Selon Charles Beaudelaine, pwezi Clément se yon maryaj ant fanm ak lanati. Li te envite nan Afrik nan 2yèm edisyon "Festival Plumes Francophones" an mas 2012. Clément Benoît te tou loreya pri Pwezi kreyòl Dominique Batraville an 2015[6] [7]avèk rekèy powèm li an Koulè lapli anvan Handgod Abraham. Koulè lapli se tèks yo plis konnen e li plis li atravè peyi Dayiti. Nan okazyon sandezyèm edisyon nan peyi Mali an 2024, li resevwa yon distenksyon doktora onoris koza. Reprezante pa profesè Ahmed Touré, Gwoup Université GERMINI ba li tit de gran enpòtans sa a. Pou rekonesans angajman nan pwomosyon lekti ak kilti .Li rete prensipal fondatè ak responsab "Livres en Liberté".
Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]- • 1996 : Ton nid dans mon coeur • 1998 : Mélancolie • 2011 : Tach Solèy, edisyon Guahaba • 2016 : Koulè lapli[8], edisyon Guahaba
Distenksyon
[modifye | modifye kòd]Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Culture haïtienne : Clément II BENOÎT, Monstre sacré du secteur du livre (portrait) - LeGuideinfo.net » (in français). 2025-04-03. Retrieved 2025-10-29.
- ↑ « Culture haïtienne : Clément II BENOÎT, Monstre sacré du secteur du livre (portrait) - LeGuideinfo.net » (in français). 2025-04-03. Retrieved 2025-10-29.
- ↑ « Culture haïtienne : Clément II BENOÎT, Monstre sacré du secteur du livre (portrait) - LeGuideinfo.net » (in français). 2025-04-03. Retrieved 2025-10-29.
- ↑ « Livres en liberté » (in français). 2024-08-25.
- ↑ « Dany LAFERRIÈRE | Académie française ». Retrieved 2025-10-29.
- ↑ « Clément Benoît II lauréat du prix Batraville de la poésie créole » (in français). Retrieved 2025-10-29.
- ↑ « Fichier:Les deux Laureats 2015.jpg — Wikipédia » (in français). 2015-12-27. Retrieved 2025-10-29.
- ↑ « "Koulè lapli", hymne à l’envie » (in français). Retrieved 2025-10-29.
- ↑ « Clément Benoît II lauréat du prix Batraville de la poésie créole » (in français). Retrieved 2025-10-29.
- ↑ Haïti, Le Facteur (2023-10-09). « Haïti : Clément II Benoit nommé ambassadeur de bonne volonté des personnes handicapées de la Côte d’Ivoire ». Le Facteur Haïti (in français). Retrieved 2025-10-29.
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Clément Benoît II sou africultures.com