Carimi
| Mizisyen |
|---|
| Mizik: konpa |
| Gwoup: Carimi |
| Manm: Richard Cavé,Carlo Vieux,Glenny Benoit,Stanley Jean,Jean-Marie,Michael Guirand,Noldy Cadet,Alex Thebaud |
Enstriman |
Moun yo konnen T-vice,Ayisyen twoubadou, Tabou Combo |
Carimi se yon gwoup mizisyen ayisyen popilè, ki jwe konpa. Yo rete Nouyòk. Gwoup sa a kreye nan lane 2001.[1]
Carimi se yon gwoup mizik Konpa ayisyen ki te fonde 20 jiyè 2001[2]. Twa manm yo se Carlo Vieux, Richard Cavé ak Mickael Guirand . Non triyo a sòti nan konbine de premye lèt nan non chak chantè a: Carlo, Richard ak Mickael. Carimi se gwoup ki pi popilè nan HMI (Haitian Music Industry) nan ane 2000 yo atravè mond lan. Yo te vin popilè gras ak siksè tankou : Ayiti Bang Bang, Buzz, Kita Nago. Jodi a yo ap viv Ozetazini, nan Nouyòk.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]CA Carlo Vieux / Dat nesans : 13 septanm 1977. Siy : Vèj
RI Richard Cave / Dat nesans : 5 desanm 1976. Siy : Sajitèr
MI Mickael Guirand / Dat nesans : 18 desanm 1975. Siy : Sajitèr
Carlo, Richard, Mickael…CaRiMi. Yo konnen youn lòt depi plis pase 10 lane nan peyi Dayiti kote yo tout te kòmanse.
Carlo Vieux te kòmanse nan mizik lè li te gen 13 an, lè manman li enskri li nan pyano. Li fòme imedyatman gwoup Tic-Tac ak yon zanmi nan laj timoun li, epi li deside, aprè li te admire idòl li Fabrice Rouzier (pwodiktè Haitian Troubadours ki pi popilè a) pou li vin manm K-dans, kote finalman li jwenn opòtinite pou jwe nan yon gwoup « live ». « Peryòd sa a te make m anpil » li di. Li te gen chans pou l akonpaye Jean-Michel Rotin pandan yon tounè Ozetazini e li devlope lòt talan li kòm chantè. Li te oblije kite aprè 4 ane pou kontinye etid li Ozetazini, nan Nouyòk presizeman.
Depi lè li te gen 3 zan, Richard Cavé te deja chante ak papa li, yon talan ki trè komen nan fanmi sa a. Li te kòmanse jwe pyano a 9 van, lè papa li te achte premye klavye li, men li te retire li nan men l, lè li remake etid li yo te afekte, paske li te pasyone anpil nan sa l ap fè. Konsa, li te kontinye, alafwa, ap fè mizik e menm ede gwoup K-dans reyalize premye albòm yo. Li travay ak gwoup Papash, ko-pwodwi ak kouzen li Alan Cavé, nan gwoup Zin, mizik ki titre « Chéri Mennen m Ale », li konpoze pi gwo siksè gwoup King Posse kote li te manm, epi ankò avèk K-dans sou dezyèm albòm yo nan tit « Valérie » « Sa twò dwòl, papa mwen te renmen anpil mizik sa yo men li pa t konnen se mwen menm ki te pwodwi yo! » Apre siksè sa yo, li ale pouswiv etid li, li menm tou nan Nouyòk.
Pandan l timoun, Mickael Guirand te toujou jwenn yon bagay pou sèvi kòm mikwo lè li te vle chante pou fanmi an. Li te chante nan yon koral pandan 3 zan, epi li te kòmanse yon gwoup, Bigay. Yo te sèlman jwe 2 fwa, men li te tonbe damou ak Konpa. Zanmi li, Carlo te envite li pou fè cho sou albòm K-dans, epi depi lè sa a yo te kenbe li nan gwoup la kòm koris. Men, vrè moman li te briye, se lè Richard te mande li pou chante yon mizik li te konpoze pou yon konkou mizik, « Mouche Tonton Noël ». Yo te genyen premye pri a, e se la li te kòmanse pran karyè chantè li oserye, men li te oblije fini etid li, tankou lòt de yo nan Nouyòk.
Siksè
[modifye | modifye kòd]Desten te fè twa sa yo rankontre: Carlo ak Mickael ki te travay ansanm pou omwen 4 ane, deside kreye yon gwoup. Yo mande Richard pou li vin rejwenn yo, yo chèche yon non, epi yo jwenn Ca (Carlo), Ri (Richard), ak Mi (Mickael).
Apre 2 ane, yo fini premye albòm yo a Bang Bang, tit sa a ki sanble make tout jenerasyon nan peyi a menm ak lòt moun ki enterese nan pwoblèm Ayiti, kote santiman yo eksprime fò. Yo kreye yon nouvo stil, yon melanj de Konpa jenerasyon nouvo, yon fòmil ki fè moun danse, san kite pèsonn endiferan.
Yo rive reyalizye anpil konsè, Ozetazini, an Ayiti, nan Karayib la, nan Ewòp, nan Afrik, nan Polinezi, ak nan Amerik la, kote ke piblik la fè Carimi vin youn nan gwoup ki plis jwenn elòj nan mizik kreyòl la.
Avèk uitinyèm albòm yo a, Buzz, ki soti nan peyi Antiy yo nan fen 2009, yo rafine stil yo, epi yo ofri nou ankò yon seleksyon hit, ki gen ladan tit prensipal la, Buzz.
Receiving accolades from the International music scene, including Best Album Of The Year, CaRiMi has risen to the top of the charts across Billboards best in Ayiti, Gwadloup, Pari, Gyàn franse, Kanada ak lòt peyi nan Ewòp.
Malerezman, gwoup la pa ekziste ankò depi 11 jiyè 2016, dat kot Mickael Guirand te deside kite gwoup la nèt pou rezon pèsonèl li. Aprè anons lan, Carlo Vieux te deside kanpe sou fè mizik, e konsa li te konsakre tèt li nan lòt bagay pandan Richard Cavé te kreye yon nouvo gwoup ki rele Kaï. Menm jan ak Mickael Guirand ki te fòme yon gwoup ki rele Vayb. Malgre separasyon yo, twa manm yo te deside fè 2 konsè nan onè gwoup la pou fanatik yo, youn se te 15 oktòb 2022[3] ak 27 desanm 2024[4] nan UBS Arena Nouyòk. E aprè 9 van, depi separasyon Carlo sou sèn mizikal la, ansyen manm gwoup CARIMI an, deside sòti yon albòm solo ki pot pou tit CARLŌ[5].
Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]- 2001 ː Bang bang
- 2002 ː Poze Aki in Concert
- 2004 ː Nasty Biznis
- 2005 ː Nasty Biznis: Live In Concert
- 2005 ː Live On Tour Vol.2
- 2006 ː Are U Ready?
- 2007 ː Live Vol.3 Kité'l Maché
- 2007 ː Sa Fet Nan Carimi Live
- 2009 ː Buzz
- 2011 ː Live Buzz 2.0
- 2013 ː Invasion
- 2015 ː Kite'm Cho : Invasion Live
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Haitian Band Carimi Releases First Mobile Kompa App ». Archived from the original on 28 janvye 2015. Retrieved 10 mas 2014.
- ↑ « Carimi - Encyclopédie Wikimonde ». Retrieved 2025-11-26.
- ↑ BA, Faty (2025-11-10). « Haïti – Musique : Après une décennie de silence, la légende Carlo Vieux dévoile son album solo et un film documentaire » (in français). Retrieved 2025-11-26.
- ↑ Audibert, Watson (2024-10-24). « Retour triomphal de CARIMI à New York : 6 000 tickets écoulés en une journée ». Ted'Actu (in français). Retrieved 2025-11-26.
- ↑ BA, Faty (2025-11-10). « Haïti – Musique : Après une décennie de silence, la légende Carlo Vieux dévoile son album solo et un film documentaire » (in français). Retrieved 2025-11-26.
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Sitwèb ofisyèl CaRiMi
- Paj CaRiMi sou Myspace
- Sitwèb fanatik CaRiMi sou welovecarimi.com